Hesperian Health Guides
Medikaman pou vè
Kontni yo
Mébendazole
(Mebendazòl)
Mébendazole bon pou trete ankilostòm, trikosefal, askaris (gwo vè won), ak oksiyi (vè zepeng). Li bon tou pou trete plizyè kalite vè. Li ka ede nan trete trichin, men se pa pi bon remèd pou sa. Li pa fasil bay pwoblèm, men si yon moun gen anpil vè, li ka bay vant fè mal oubyen dyare.
Pa bay fanm ansent mébendazole pandan 3 premye mwa gwosès la ; li ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Pa bay timoun li ki poko gen 1 ane.
Pou askaris (gwo vè won) (ascaris ; roundworm), trikosefal (trichocéphale; whipworm), ankilostòm (ankylostome ; hookworm)
bay yon grenn 500 mg, yon sèl dòz.
Pou evite pran askaris kote nou jwenn li fasil
Pou trichin (trichinose) :
Albendazole (albendazòl)
Albendazole sanble ak mébendazole, men li ka koute pi chè. Li bon pou trete ankilostòm, trikosefal, askaris, oksiyi, ak trichin. Li pa fasil bay pwoblèm.
Pa bay fanm ansent albendazole pandan premye 3 mwa gwosès la ; li ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Pa bay timoun li ki poko gen 1 ane.
Plis ke 2 ane : bay 400 mg, yon sèl dòz. Bay yon lòt dòz nan 15 jou, si nou wè li nesesè.
Pou trichin :
Pyrantel pamoate, pyrantel embonate (pirantèl pamoyat, pirantèl anbonat)
Pyrantel bon pou trete oksiyi, ankilostòm, ak askaris, men li ka koute chè. Gen de fwa li bay vomisman, tèt vire, oubyen maltèt. Pa bay li ansanm avèk pipérazine (piperazin, yon lòt remèd vè).
Pou ankilostòm, ak askaris (gwo vè won), bay yon sèl dòz.
Timoun ki poko gen 2 ane : bay 62 mg (1⁄4, ka nan yon grenn 250 mg)
Timoun 2 - 5 ane : bay 125 mg (1⁄2, mwatye nan yon grenn 250 mg)
Timoun 6 - 9 ane : bay 250 mg (yon grenn 250 mg)
Timoun 10 - 14 ane : bay 500 mg (2 grenn 250 mg)
Plis ke 14 ane : bay 750 mg (3 grenn 250 mg)
Pou tenya (vè solitè) (ténia ; tapeworm)
Genyen kèk kalite vè solitè. Praziquantel oubyen niclosamide, toulede bon pou trete tout kalite vè sa yo. Men, si enfeksyon vè a rive jis nan sèvo yon moun, oubyen si li fè kriz, sa mande pou nou trete l ak albendazole ansanm ak medikaman pou kriz. Chache konkou doktè.
Praziquantel (Prazikantèl)
Praziquantel ka bay fatig, tèt vire ; li konn fè moun pa vle manje, epi bay anvi vomi, men pwoblèm sa yo pa fasil rive lè nou trete vè solitè, paske dòz la piti.
Timoun 4 - 7 ane : bay 150 mg (1⁄4, ka nan yon grenn) yon sèl dòz.
Timoun 8 - 12 ane :bay 300 mg, yon sèl dòz.
Plis ke 12 ane : bay 600 mg, yon sèl dòz.
Pou tenya nana (ti tenya) (H. nana ; dwarf tapeworm)
Timoun 4 - 7 ane : bay 300 – 600 mg, chak dòz (½ - 1 grenn, mwatye nan yon grenn rive yon grenn nan yon dòz)
Timoun 8 - 12 ane : bay 600 - 1200 mg, chak dòz.
Plis ke 12 ane : bay 1500 mg, chak dòz.
Niclosamide (niklozamid)
Niclosamide bon pou trete tenya ki nan trip, men li pa ka trete kis vè ki lòt kote nan kò a.
Bwè niclosamide lè nou fin pran yon ti manje nan maten. Kraze grenn yo nan bouch anvan nou vale yo. Bay dòz la dapre kalite vè a. Mande konsèy bò kote otorite Sèvis Sante Piblik yo nan zòn kote nou rete a. Sinon, bay dòz ki ekri anba a.
Kraze byen epi vale dòz sa yo. Si se yon timoun piti ki pa ka kraze l nan bouch li, kraze grenn nan epi mete l nan yon ti lèt manman oubyen nan manje.Timoun 2 - 6 ane : bay 1 gram (1000 mg), yon sèl dòz.
Plis ke 6 ane : bay 2 gram, yon sèl dòz.