Hesperian Health Guides

Ki jan nou dwe prepare ak sere manje

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

 legim nan yon kivèt dlo

Lè moun pran manje ki gen mikwòb ak vè ladan yo, sa ka fè yo malad. Pou manje pa fè nou tonbe malad, men sa pou nou fè:

  • Lave men nou anvan n prepare manje, ak anvan nou manje.
  • Byen lave osinon kale fwi ak legim, oubyen kwit yo byen anvan ou manje yo. Sa va touye mikwòb ki soti nan tè kote yo te pouse a. Epi sa va touye nenpòt lot mikwòb ki kole nan yo.
 Plat pwason ki kouvri ak yon moustikè
  • Kwit vyann nan byen anvan ou manje li. Lave tout zouti ak tout kote ou te prepare vyann nan. Ka gen mikwòb ki te kole nan vyann nan, nan bèt lanmè ak nan ze. Konsa mikwòb sa yo pa ka antre nan manje ki deja kwit la, oubyen nan sa ou manje kri.
  • Manje kou manje a fin kwit. Toujou kouvri manje a jis nou pral manje, pou mouch pa poze sou li, epi pou salte pa tonbe sou li.
  • Si ou manje sa ki kwit nan mache, osinon manje ki sere pandan yon tan ki twò long ; chofe li byen cho anvan ou manje li, pou touye tout mikwòb ki ka ladann.
  • Sere tout manje yon fason kote ti bèt ak zèl, epi ti bèt tankou rat, pa ka rive kote l. Konsa yo pa ka gaye mikwòb.
  • Kenbe byen pwòp kote nou prepare manje a. Lave veso, zouti, ak tab la chak fwa nou sèvi ak yo. Seche yo byen.
Yon aparèy ki fèt ak de kannari ki fè yon kote fre pou sere manje
  • Bay bèt rès manje, osinon mete l fè fimye. Konsa sa pap rale ti bèt ak zèl.
  • Sere manje yon kote ki fre pou li pa gate.


Pou fè yon kote ki fre pou nou ka sere manje, pran 2 kannari ki pa menm gwosè a. Mete pi piti a anndan pi gwo a. Plen espas ant 2 kannari sa yo ak sab byen antase. Vide dlo sou sab la 2 fwa nan yon jou. Pa kite li seche. Se anndan kannari ki pi piti a ki fè fre. Sere manje nan ti kannari sa a.

Ki jan pou anpeche mouch vin poze sou manje

 Yon plat manje ak mouch ki vle poze sou li Mouch konn mache sou watè moun ak bèt. Konsa mikwòb yo vin kole nan tout kò yo. Lè yo poze osinon mache sou manje nou a, yo fè gaye mikwòb sa yo. Pou sa pa rive, nou dwe toujou kouvri manje nou. Fè atrap pou mouch.


Ki jan pou nou fè yon atrap pou mouch


     Yon atrap pou mouch ak zo yon pwason ki pou rale mouch. Yo kwoke l deyò
    fèmti
    Pou touye mouch, mete atrap pou mouch bò kote latrin, ak kote moun fè manje.
  1. Sèvi ak adezif, osinon kole yon fèy papye, pou fè yon kòne ki gen ti twou nan pwent li. Mete kòne a nan yon bokal.
  2. Fikse kòne a sou bouch bokal la pou pa gen espas ant kòne a ak bokal la, pou mouch yo pa ka chape kò yo.
  3. Kwoke bokal la ak yon fil, osinon fikse l sou yon pikèt nan tè a.
  4. Mete ti fwi, pwason, osinon lòt manje jis anba atrap la. Mouch yo va vin poze sou manje sa a, epi yap vole nan kòne a antre nan bokal la.
  5. Pou vide atrap la, tounen bouch la anwo, wete kòne a, plen bokal la ak dlo pou touye dènye mouch, epi vide l atè.