Hesperian Health Guides

Asid, lestomak boule, ak ilsè lestomak

Vant fè mal, dyare ak vè : Medikaman

An premye, eseye trete maladi asid ak lestomak chaje avèk yon anti-asid senp. Si pwoblèm sa yo toujou ap kontinye, li mande trete l ak medikaman anti-asid ki pi fò. Si se yon ilsè lestomak ki bay doulè a, li ka mande trete l ak yon konbinezon medikaman anti-asid e antibyotik pou geri ilsè a nèt.

Antiacide

(anti-asid)
Anti-asid yo bon mache, epi yo ka soulaje lestomak boule ak endijesyon. Yo soulaje l sèlman pou yon ti moman, men yo bon pou trete ti pwoblèm konsa tanzantan. Yo vann yo sou plizye non, nan fòm likid ak nan fòm grenn ki pou kraze nan bouch. Yo fèt avèk hydroxyde d’aluminium, hydroxyde de magnésie, carbonate de calcium, oubyen bismuth.

Hydroxyde d’aluminium, hydroxyde de magnésium, lait de magnésie, crème de magnésie

(idwoksid aliminyòm, idwoksid manyezyòm, lèt mayezi, krèm mayezi)


Moun ka bwè yo tanzantan lè yo santi asid, epi lè lestomak yo ap boule yo. Yo antre nan trètman ilsè lestomak tou.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Medikaman anti-asid yo pa mache ak tétracycline ni ak plizyè lòt remèd. Si nou bwè yon lòt remèd, bwè li dezèdtan anvan oubyen apre nou bwè anti-asid la.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Anti-asid ki fèt ak manyezyòm konn bay dyare. Sa yo ki fèt ak aliminyòm konn fè moun sere.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpillspoon.png

Bwè yon anti-asid pou soulaje doulè a ki konn rive inèdtan konsa apre nou fin manje. Oubyen nou mèt bwè li lè nou pral dòmi, pou pa gen pwoblèm lè nou kouche. Kraze youn oubyen 2 grenn nan bouch, oubyen bwè 10 mililit (2 ti kiyè) likid. Nou gen dwa pran dòz sa a 4 - 5 fwa nan yon jou. Men si nou bezwen pran sa pandan kèk jou swivi, se ka yon lòt trètman pou nou swiv.


Carbonate de calcium


(kabonat kalsyòm)
Carbonate de calcium bon pou trete endijesyon oubyen lestomak boule yon lè konsa. Lè sa a, kraze nan bouch yon grenn 850 mg oubyen 2 grenn 350 mg. Nou mèt bwè yon lòt dòz nan dezèdtan si nou toujou santi nesesite pou sa.

Bicarbonate de sodium, bicarbonate de soude


(bikabonat sodyòm)
Sèvi ak bicarbonate de sodium yon lè konsa, pou trete lestomak boule oubyen asid. Men si pwoblèm asid la ap dire sou nou, oubyen si nou gen yon ilsè lestomak, nou pa gen dwa sèvi avè l. Menm si nou wè li bay yon ti soulajman lè nou fèk pran li, l ap fè lestomak la bay plis asid toujou ; se sa ki fè maladi a ap vin pi rèd. Pou sèvi avè l yon lè konsa, melanje yon demi ti kiyè bikabonat ak ti gout dlo, epi bwè li.

Alka-Seltzer (Alka Sèltzè) se yon melanj bikabonat ak aspirin. Si ou gen yon ilsè, aspirin ki ladann ap anvlimen ilsè a.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Lè yon moun soufri ak pwoblèm kè, si li gen pye li yo anfle, oubyen si figi li anfle, li pa dwe sèvi ak bikabonat, ni avèk okenn lòt bagay ki gen sodium ladan l.

Bismuth


(bizmit)
Nou jwenn bismuth nan fòm yon likid ki gen koulè woz. Li bon pou trete lestomak boule, vant fè mal, dyare, ak gaz (vant lan balonnen, l ap plede fè van). Nou ka sèvi avè l ansanm ak lòt remèd ki pou trete ilsè lestomak la.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Kèk fwa li fè lang lan oubyen watè yon moun tounen koulè nwa. Pa gen pwoblèm ; depi nou sispann bwè medikaman an, pwoblèm nan va al fè wout li.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay timoun ki gen lafyèv remèd sa a. Menm jan ak aspirin, li ka bay timoun pwoblèm sante lè yo soufri ak enfeksyon viris yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnspoon.png

Medikaman sa a pa ale avèk tétracycline. Bay li dezèdtan anvan oubyen apre li bwè tétracycline.

Bay 2 grenn oubyen 2 gwo kiyè (30 mililit) likid nan espas inèdtan, si li toujou santi nesesite pou sa. Pa bay plis ke 16 grenn oubyen 16 gwo kiyè (240 ml) pandan 24 èdtan.

Remèd asid ki pi fò

Pou trete lestomak boule ak ilsè, genyen nouvo medikaman ki pi bon pase ansyen anti-asid yo, men yo ka koute chè. Genyen 2 kalite : yo rele yon kalite antihistaminiques H2 (anti H2) (anti-istaminik H2), epi lòt la inhibiteurs de la pompe à protons, (IPP) (inibitè ponp pwoton). Nan 2 fanmi medikaman sa yo, se IPP yo ki pi bon, men yo pi chè. Tout medikaman IPP konn bay menm rezilta ; se menm bagay tou pou tout medikaman ki nan fanmi anti H2. Konsa, nou mèt chwazi nenpòt IPP oubyen anti H2 ki pi bon mache.

Oméprazole


(omeprazòl)
Omeprazole se yon IPP (inhibiteur de la pompe à protons). Menm jan ak lòt IPP, li ka kalme doulè a epi ede ilsè a geri. Pou trete yon ilsè, sèvi ak oméprazole li menm sèl, pandan 8 senmenn. Si ilsè ak doulè a tounen sou li anvan 6 mwa fin pase, sèvi ak yonkonbinezon antibyotik pou geri l.

Si oméprazole pa bay bon rezilta, eseye yon lòt IPP.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 20 - 40 mg, yon fwa nan yon jou.
Kòmanse ak 20 mg. Si li fè mal toujou, bay 40 mg.


Men, si ilsè a ak doulè a tounen sou ou anvan 6 mwa fin pase, pran oméprazole ansanm ak antibyotik pou geri l nèt.

Ranitidine


(ranitidin)
Ranidine se yon anti H2. Tankou lòt remèd nan menm fanmi an, li ka kalme doulè a, epi ede ilsè a geri. Men si doulè a tounen sou yon moun anvan 6 mwa fin pase, sèvi ak yon konbinezon antibyotik pou geri l nèt.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bwè 150 mg, 2 fwa nan yon jou, oubyen bwè 300 mg lè nou manje nan aswè, pou 4 - 8 senmenn.

Pou geri yon ilsè

Bay yon konbinezòn anti-asid ak antibyotik. Genyen plizyè ki bon. Pifò konbinezòn yo fèt ak yon IPP epi 2 antibyotik. Souvan, yo ajoute bismuth. Si nou pa genyen yon IPP, yon anti H2 ka sèvi.

Men yon konbinezon :
Oméprazole 40 mg (oubyen yon lòt IPP) yon fwa nan yon jou pandan 8 - 15 jou.
AVÈK
Métronidazole 500 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 8 - 15 jou
AVÈK
Amoxicilline 500 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 8 - 15 jou

OUBYEN, yon lòt konbinezon

Oméprazole 40 mg (oubyen yon lòt IPP) yon fwa nan yon jou pandan 8 jou.
AVÈK
Métronidazole 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 8 jou
AVÈK
Tétracycline 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 8 jou
AVÈK
Bismuth 525 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 8 jou.
Pa pran bismuth ansanm ak tétracycline. Bwè youn, tann detwaz èdtan, epi bwè lòt la.