Hesperian Health Guides

Dyare

"Yon timoun tou mèg kap soufri anba dyare. Li gen lè malad anpil"

Lè yon moun watè dlo plizyè fwa nan jounen an, yo rele sa dyare.

Lè yon moun soufri ak dyare, lap pèdi dlo ak fòtifyan vit. Yon granmoun ki an sante ka soufri dyare pandan de twa jou, men lap refè san pwoblèm. Men lè yon timoun pèdi anpil dlo ak tout sa l manje, se grav. Se grav tou, kay vye granmoun ak moun ki malnouri, osinon moun ki gen lòt maladi.

Pou nou jwenn ki jan pou nou pran swen timoun kap soufri ak dyare, al gade nan Pwoblèm sante timoun. Si nap pran swen yon tibebe osinon yon timoun ki gen dyare, epi kote nou rete a, timoun konn mouri anba dyare, tanpri, li sa ki ekri isit.

Siy ki montre gen danje
  • Malad la ap plede watè dlo anpil. Li ka gen kolera. Menm si nou pa konnen ki sa ki bay dyare a, yon moun ki soufri anba gwo dyare ap pèdi anpil dlo. Se gwo danje.
  • Dyare avèk glè e san, yo rele sa disantri.
  • Dyare kap dire lontan. Yon dyare konsa ki rete sou yon moun fè kò a vin fèb. Trip la vin fèb. Mezi li pèdi sa l manje a, kò a pèdi fòs li. Se malnitrisyon, osinon maladi ki dire lontan sou yon moun, ki ka bay kalite dyare sa a.
Ki jan pou nou trete manke dlo
"Yon fanm kap ede pitit la manje ak yon kiyè"
  1. Pa kite l manke twòp dlo. Pifò moun ki mouri ak dyare mouri paske yo pa gen ase dlo ki rete nan kò yo ankò. Premye bagay pou n fè lè nap okipe yon moun ki gen dyare, se ba li bwè. Nou ka fè sewòm oral lakay nou. Sewòm oral bay kò a likid ak fòtifyan li bezwen. Bwè likid pa fè dyare a vin pi rèd. Okontrè, sa ka sove lavi malad la.
  2. Ba li manje. Si malad la gen kè plen, ba li ti moso manje leje. Yawout ak fig mi bon anpil. Yo ka ede fè dyare a kanpe. Lè malad la ka manje plis, ba li plis. Sitou timoun bezwen manje.
  3. Deside pou wè si li ta bon pou trete l ak medikaman. Pifò moun ki gen dyare, yo pa bezwen pran remèd.

Ki sa ki bay dyare?

"Yon fanm kap di sa ki vin nan lide l"
Tout travay mwen se okipe timoun ki malad ak dyare. Petèt li ta pi bon pou m okipe ap chache mwayen pou tout konminote an gen dlo pwòp.

Gen anpil bagay ki ka bay dyare. Men sa ki pi fasil bay moun dyare:

  • Yon mikwòb (viris, bakteri, osinon parazit). Mikwòb sa yo gaye lè moun manke fè pwòpte. Moun ka anpeche dyare antre sou yo lè yo sèvi ak latrin, ak lè yo lave men yo souvan. Se pou nou byen kwit manje, epi manje li touswit aprè li fin kwit. Pa kite manje a rete pandan yon tan ki twò long pou nou pa manje li. Lè nou achte manje nan men yon machann nan lari a, mande li èske li ka chofe l ankò. Al gade nan Dlo ak pwòpte, pou wè ki jan nou ka rann katye nou an pi pwòp.
  • Enfeksyon. Genyen lòt enfeksyon, ki pa nan trip la, ki ka bay dyare, tankou enfeksyon zorèy, nan kannal pipi, malarya, osinon VIH/SIDA. Si nou jwenn yon enfeksyon konsa, se li pou nou chache geri, epi dyare a va pase.
  • Malnitrisyon. Malnitrisyon rann trip la ak aparèy dijesyon an fèb. Li mal pou l dijere manje ak likid yo. Sa fè tout pase vit nan trip la epi bay dyare. Pou trete malnitrisyon an, se pou moun manje byen, chak jou. Pou nou aprann ki jan nou ka manje byen lè nou pa gen anpil lajan, al gade nan Byen manje bay bon sante.
  • Antibyotik. Moun sèvi twòp ak antibyotik. Yo konn bay dyare ak vant fè mal. Moun pran antibyotik lè li pa nesesè; maladi a ka byen pase san pran remèd. Antibyotik pa ka geri yon rim osinon yon grip. Si se yon viris ki lakòz maladi a, antibyotik pap aji sou li. Nòmalman, pa pran antibyotik pou ti enfeksyon òdinè. Sèvi ak yo sèlman lè nou konnen li bon pou trete maladi li ap soufri a.
"Yon fanm ki granmoun kap ede yon ti fi lave men li nan yon kivèt. Yon jennonm kap lave men li ak dlo tiyo. Yon fanm kap lave men li nan yon lavabo."
Nou ka anpeche anpil maladi dyare vin sou nou si nou lave men nou souvan avèk dlo e savon

Manje pou yon moun ki gen dyare

Yon moun ki gen dyare dwe kòmanse manje kou li kapab. Si malad la ap vomi, osinon si li tèlman malad li pa vle manje menm, ba li ti manje tou piti souvan nan jounen an. Si li gen dyare dri, ba li bwè chak youn de zèdtan. Ofri li soup, labouyi fèt ak diri, mayi moulen osinon ponmdetè. Si malad la ka sipòte sa, ba li ti vyann byen kwit, ze, osinon legim. Lèt kaye ak yawout bay pwoteyin. Fritay ak fwi ki pa kwit pa bon pou moun ak dyare.

Si dyare ap rete sou yon moun, 15 jou oubyen plis, li pa vle sispann, li enpòtan anpil pou li manje byen. Malnitrisyon bay dyare. Yon maladi ki dire sou yon moun, tankou VIH/SIDA, ka bay dyare. Antouka, malad la bezwen manje plis pou l ranplase sa l pèdi ak dyare a. Epi tou, si li manje byen, sa va ede trip la sèvi pi byen ak manje a.

Malnitrisyon bay dyare;dyare bay malnitrisyon. Se manje byen ki enpòtan ni pou anpeche dyare vin sou moun, ni pou trete dyare.


Fòk timoun ki soufri ak malnitrisyon manje pi souvan — 6 fwa nan jounen an, oubyen plis pase sa. Chak jou, fòk yo ba yo pwoteyin ak grès. Sa ba yo fòs ak kouray. Legim ak fwi pwoteje kò a. Yo ba yo fòs pou yo konbat maladi—tankou dyare enfeksyon kap bay la.

"Pwa, lèt, yawout, fwomaj, pwason, vyann, ze, nwa"
Timoun ki gen dyare ki rete sou yo dwe manje manje ki gen pwoteyin (ki pou bati kò a) ladan l.

Medikaman

Pifò dyare pa bezwen remèd. Anpil nan remèd nou gen abitid pran pou dyare, yo pap geri l. Se lajan jete. Genyen menm ki ka koze gwo danje pou malad la.

Gen de ka kote antibyotik ka fè byen. Nou ka trete disantri ak antibyotik, epi nou ka trete kèk kalite kolera. Men sa ki pi enpòtan pase tout lòt bagay, se bay malad la bwè. Piga nou bay yon moun ki gen dyare okenn kalite metsin.

Remèd dyare, tankou kaopektat osinon loperamid, fè watè yon moun pi pwès; li pa watè twò dri. Men, sa pa ede li ak dlo lap pèdi a. Epi se manke dlo a ki pi gwo danje. Menm si dlo a rete anndan kò a, ògàn yo pèdi dlo yo bezwen pou fè travay yo. Remèd sa yo ka ede moun tanzantan, pa egzanp, lè yo pral fè yon vwayaj long, remèd sa yo anpeche moun gen pwoblèm sou wout. Sa pap geri enfeksyon ki lakòz dyare a. Li ka fè enfeksyon an trennen pi lwen, pi lontan sou yon moun. Pa ba li medikaman sa yo si malad la gen lafyèv, dyare ak san (disantri), osinon lè li watè dlo dri (kolera). Timoun pa gen dwa pran loperamid.

"Yon boutèy, tèt anba, ki bouche pou likid la pa ka soti"
Remèd pou dyare se tankou yon bouchon, paske yo pa kite enfeksyon an soti deyò, yo kenbe l anndan.
"liquid pours from bottle after plug is removed"

Kolera

Lè yon moun gen gwo dyare ak watè ki sanble ak dlo diri, se yon siy ki montre li gen kolera. Nan peyi kote maladi grav sa a konn parèt, kolera vini tankou yon epidemi (sa vle di anpil moun vin gen menm maladi a nan menm tan). Lè konsa, yon moun pèdi anpil dlo. Li ka mouri vit. Ba li bwè anpil likid ak sewòm oral pou ranplase dlo lap pèdi a. Sa ka sove lavi malad la.

Ki jan pou nou trete l

Fòk nou trete manke dlo a san rete. Se pou malad la bwè sewòm oral, mezi li kapab. Li dwe bwè san rete jis dyare a kanpe. Toutan nou wè siy li manke dlo, fòk li kontinye bwè. Menm si li anvi vomi, fòk li bwè.

Gen de ka nou ka trete l ak antibyotik. Gen de mikwòb ki konn kenbe tèt ak antibyotik. Lè sa a, antibyotik pap aji sou kolera ankò. Verifye ak Sèvis Sante Piblik pou fè konnen ki kalite antibyotik ki bon nan zòn kote nou rete a.

Kolera—se pwoblèm tout moun

Lè gen yon epidemi kolera, se yon pwobèm ijan pou tout kominote a. Mikwòb ki lakòz maladi sa a gaye nan dlo moun ap sèvi a. Fòk nou aji vit pou nou konbat li.

"Sèvi ak yon moso plastik pou kouvri dra a, epi pou fè kanal goutyè pou watè dyare a. Sa pèmèt malad la pran yon ti repo, epi ede l rete pwòp"
Yon kabann pou moun ki gen kolera. Li pèmèt yon moun pran yon ti repo epi ede li rete pwòp.
  • Chache fè tout moun konprann ki jan pou nou trete kolera. Sa ki pi enpòtan: se pou malad la bwè anpil likid, mezi li kapab. Fè tout moun konnen ki jan pou n prepare sewòm oral la. Fè anons sou radyo, fè vwazen nou yo konnen, mete afich nan plas piblik.
  • Lave men nou souvan. Pou mete yon fen ak epidemi a, fè tout moun konprann se pou yo lave men yo pi souvan.
  • Moun ki malad anpil, mennen yo nan sant osinon lopital. Petèt genyen yon sant espesyal kote yo bay sewòm nan venn. Gen de fwa gen antibyotik ki pou trete maladi a. Petèt nou ka jwenn yo nan yon klinik.
  • Se pou tout kominote a mete tèt yo ansanm pou jwenn dlo ki pwòp, epi ki pa kontamine ak mikwòb maladi sa a.
  • Nou ka evite epidemi si nou bati latrin, epi si tout moun chache gen pwòpte kote nap viv la. Toutan moun pa gen bon latrin pou yo sèvi ak yo, toutan watè ak pipi ka kontamine dlo a, nou va gen epidemi kolera ak lòt kalite maladi.
  • Genyen vaksen ki ka anpeche moun trape kolera. Sa mache pi byen si yo vaksinen tout kominote a an menm tan, pou maladi a pa gaye.

Dyare ak san (disantri)

Nòmalman, sa ki bay disantri se yon bakteri (mikwòb) ki rele chigela, oubyen yon ti parazit (ti bèt ki piti piti) ki viv nan trip la ki rele amib.

Siy ki fè nou rekonèt yo
  • Malad la watè dlo, genyen anpil glè, prèske toujou san, nan watè li.
  • Li gen lakranp nan vant, li anvi watè, men li pa ka fè anyen, oubyen li fè yon ti kras glè.
  • Twou dèyè l fè l mal.
  • Li gen dyare ki ale vini ak konstipasyon.

Ki jan pou nou konnen ki sa ki bay disantri

Si yon moun gen dyare san, li ta pi bon pou n fè analiz watè a pou wè ki sa ki ba li dyare. Si nou pa kapab, men siy ki ka ede nou konprann ki sa ki lakòz dyare a.

Chigela, yo rele sa disantri ki gen pou wè ak mikwòb, nòmalman li bay lafyèv. Souvan li kòmanse sibitman. Li bay lakranp nan vant ki fè mal anpil. Malad la watè dlo ak glè, gen de lè ak san.

Dyare + glè osinon san + lafyèv = chigela (disantri ki gen pou wè ak mikwòb).

Amib, yo rele sa disantri amib kap bay, ka fè malad la senyen anpil. Li pa fasil gen lafyèv.

Dyare + san + pa gen lafyèv = amib

Trètman

Li pi bon pou trete disantri a avèk antibyotik, sitou kay timoun osinon moun ki deja malad osinon fèb.

Trètman chigela (dysenterie bacillaire; shigella) Mikwòb sa yo ka fasil kenbe tèt ak antibyotik yo. Pa gen yon remed ki pi bon, epi ki mache nan tout peyi. Pou nou konnen plis sou ki jan mikwòb vin pi fò pase antibyotik, al gade nan Medikaman, tès, ak tretman (chapit sa a poko ekri). Nòmalman, sipwofloksasin ka mache. Verifye ak Sèvis Sante Piblik pou konnen ki trètman ki pi bon.

Trètman amib (amibiase; amebiasis)
Bay metwonidazòl.

Gyadya (lambiase; giardiasis)

Se yon ti parazit kap viv nan trip moun epi souvan li lakòz moun gen dyare, sitou timoun.

Siy ki fè nou rekonèt li
  • Anpil gaz. Vant li ka balonnen ak gaz, epi li pa santi li alèz. Li gen lakranp nan trip li, lap plede fè van anpil. Li gen kè plen. Li fè rapò, epi lè li fè rapò, sa gen move gou, tankou souf osinon ze gate.
  • Dyare a santi fò, epi li genyen yon bann ti boul ladan l, men li pa gen ni glè ni san.
  • Li pa fasil gen lafyèv.
  • Dyare a ka pa janm pase, sa ki fè li pèdi pwa epi ki rann li fèb.

Kay pifò moun, gyadya fè moun santi yo pa alèz, men enfeksyon an ka al fè wout li nan 6 senmenn konsa. Nap geri pi vit si nou byen manje. Si maladi a rete sou yon moun, sitou timoun, li bon pou trete li ak metwonidazòl. Kinakrin pi bon mache, epi li bon pou trete gyadya, men li ka bay lòt pwoblèm (efè segondè, efè ki pa ann afè ak trètman an epi ki ka bay traka.)