Hesperian Health Guides

Sante tinouris

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Nan premye 8 jou apre li akouche, voye je ou sou manman an pou konnen si li an sante, si li jwenn ase repo, si li manje byen, epi si li gen moun ki pou ba li kout men. An plis, al gade nan Ti bebe ki fek fèt.

Senyen

Apre akouchman an, se nòmal pou tinouris la bay ti san pandan kenz vende jou. Okòmansman, li sanble ak règ li. Pita, li vin pi klè. Lè fini, li rete. Si lap senyen ase pou li tranpe yon gwo kotèks oubyen yon gwo twal, pandan inèdtan, oubyen pi vit, se twòp.

Nan demen apre jou akouchman an, si lap senyen plis, petèt se pou li poze kò li plis. Li ta bon pou lòt moun ba li kout men ak lòt timoun, epi pou yo okipe kay la. Men gen de lè, gen yon moso nan mèt vant lan ki konn rete andedan. Gen de lè se enfeksyon ki lakòz.

Yon fanm ki kouche kap bay anpil san ; lap fè masaj matris li

Pou rete san an, toudabò, ede manman an bay tete. Sa fè matris la sere kò li. Fè li sonje pou li fè pipi dri. Montre manman an ki jan pou li mase vant li pou li vin di. Si tout sa yo pa bay rezilta, ba li oksitosin oubyen mizopwostòl. Voye je ou sou li pou wè si li pa gen enfeksyon.

Enfeksyon

Twa jou konsa apre yon fanm fin akouche, lè lèt li vini, li ka gen ti lafyèv. Men lafyèv ki dire sou li, oubyen chalè kò ki pi wo pase 38 degre santigrad, se yon siy enfeksyon li ye.

Yon ajan sante kap kontwole tanperati yon fanm. Lap mete do yon men li sou fwon fanm lan ; lap mete do lòt men li sou pwòp fwon pa l.

Nòmalman, pandan kèk jou apre li fin akouche, vajen fanm lan ap bay dlo ki santi yon ti jan fò. Men si li santi fò anpil, si li gen sant pwason, oubyen sant lòt bagay gate, se siy li gen enfeksyon nan matris la. Men lòt siy : li fè lafyèv frison, kè li ap bat twò vit, li gen doulè nan vant, oubyen vant lan sansib.

Si ou wè siy ki fè ou konnen li gen enfeksyon nan matris la, trete li ak konbinezon medikaman sa yo : anpisilin, jantamisin ak metwonidazòl. Si gen posibilite, ba li piki pandan premye 2 jou yo. Si ou pa gen antibyotik, oubyen si fanm lan pap tanmen fè mye pandan 24 èdtan, chache konkou.