Hesperian Health Guides
Chanjman nan kò epi malèz
Kontni yo
- 1 Tete anfle
- 2 Pye anfle
- 3 Venn anfle (venn varis)
- 4 Konstipasyon (li sere)
- 5 Emowoyid
- 6 Pipi kenbe l souvan
- 7 Difikilte pou leve kanpe oubyen bese
- 8 Souf kout
- 9 Santi chalè ak swè anpil
- 10 Mas gwosès (Melasma)
- 11 Tach mov sou po
- 12 Doulè nan jwenti
- 13 Doulè sibit sou kote anba vant
- 14 Lakranp nan kòmansman gwosès la
- 15 Kout pye bebe a fè yo fè manman an mal
- 16 Doulè nan do
- 17 Lakranp nan janm
- 18 Tèt fè mal
- 19 Lòt doulè
Tete anfle
Tete yon fi vin pi gwo pandan gwosès la paske y ap prepare pou yo fè lèt pou pitit la. Pafwa tou, tete yo grate oswa yo fè manman an mal.
Nan dènye mwa gwosès la yo, ka gen yon dlo jòn ki koule soti nan pwent tete a. Se yon bagay ki nòmal. Yo rele likid sa a kolostwòm, se premye lèt bebe a.
Pye anfle
Pye anfle se yon bagay nòmal, sitou nan apremidi oswa lè l fè cho. Nòmalman pye anfle pa yon danje. Men, si lè manman an reveye nan maten pye l gentan anfle nan yon nivo ki grav, oswa si men l oubyen figi l anfle nenpòt lè, kapab se siy ki endike li gen pre-eklanmsi.
Venn anfle (venn varis)
Venn koulè ble ki parèt anfle nan janm fi a oswa nan pati jenital li a rele venn varis. Pafwa venn sa yo fè mal. Si se nan janm li yo venn yo anfle, li ka santi l soulaje si l mete pye l anlè pi souvan. Oubyen, ba/chosèt ki sere oswa bandaj elastik ka soulaje l.
Si se venn nan pati jenital li ki anfle, yo ka bay pwoblèm pandan akouchman an si yo kòmanse senyen. Si l mete yon fèy chou frèt sou yo, sa ka ede l.
Konstipasyon (li sere)
Gen fanm ansent ki gen difikilte pou yo poupou. Yo rele sa konstipasyon. Pou evite oubyen pou trete konstipasyon, yon fi dwe:
- Manje plis legim ak fwi.
- Manje sereyal komplè (diri peyi ak ble konplè olye de diri blan ak pen blan).
- Bwè omwen 8 vè dlo pwòp pa jou.
- Mache, fè mouvman, epi fè egzèsis chak jou.
Remèd fèy ki ka ede ramoli poupou a oswa ki ka fè l glise (tankou remèd ki fèt ak grenn silyòm (“psyllium”) oswa ak fwi oubyen plant ki gen fib) ka bay soulajman tou.
Emowoyid
Emowoyid se venn ki anfle toutotou twou dèyè fi a. Yo ka boule l, fè l mal, oswa grate l. Pafwa yo senyen lè fi a ap poupou, sitou si l sere. Pou fi a ka pa sere, li dwe manje anpil fwi ak legim epi bwè anpil likid.
Ni chita anpil ni kanpe anpil ka fè emowoyid la vin pi grav. Men, li ka fè mye si l kouche oswa si l chita nan yon dlo fre. Gen medam ki di yo santi soulajman lè yo tranpe yon grenn lay nan luil vejetal epi antre l nan twou dèyè yo.
Si w tande pale de lòt remèd, mande yon pwofesyonè lasante ki eksperimante si remèd sa yo pa danjere. Gen remèd ki danjere pou fanm ansent epi ki ka pa bon pou pitit la.
Pipi kenbe l souvan
Li nòmal pou yon fanm ansent anvi pipi souvan, sitou nan premye ak dènye mwa gwosès yo. Sa rive paske matris k ap develope a ap peze sou vesi a. Li fasil pou w tande fanmsaj fè blag sa a: “Yon gason ki pa ka jwenn madanm li ki ansent mèt ret tann bò kote madanm nan abitye pipi a. Si l poko la, l ap vini anvan lontan!”
Si pipi a fè l mal, si l boule, oswa si l grate, fi a ka gen enfeksyon nan vesi a oswa enfeksyon nan vajen (gade Chapit 18).
Difikilte pou leve kanpe oubyen bese
Prefere yon fanm ansent pa kouche plat sou do. Lè fi a rete sou do, pwa matris la peze sou venn ki pote manje ak oksijèn bay bebe a. Si manman an vle rete sou do, li dwe mete yon bagay anba do l pou l pa kouche plat nèt.
Yon fanm ansent dwe fè atansyon ak jan l ap leve kanpe. Li pa dwe leve chita konsa:
Woy!
NON! |
Leve kanpe konsa ka deranje mis ki nan vant li. |
Depreferans, li dwe vire sou kote epi pouse kò l monte ak men l, konsa:
Vire sou kote… | …epi pouse monte ak men w… | …apre sa kanpe. | |
|
Souf kout
Anpil fi gen souf kout (souf anlè, pa ka respire fon) pandan yo ansent. Rezon an se paske pitit k ap grandi a peze sou poumon manman l epi sa fè manman an gen mwens espas pou l respire. Fè manman an konnen se yon bagay nòmal.
Sepandan, si anplis de sa fi a santi li fèb epi li fatige, oswa si l gen souf kout toutan nèt, yo dwe egzamine l pou chèche siy maladi, pwoblèm kè, anemi, oswa malnitrisyon. Chèche konsèy doktè si w kwè li gen nenpòt nan pwoblèm sa yo.
Santi chalè ak swè anpil
Santi chalè se yon bagay ki nòmal, e depi pa gen lòt move siy (tankou siy enfeksyon nan vesi), fi a pa bezwen pè. Li ka mete rad lejè ki pa kenbe chalè, li ka benyen souvan, epi li dwe bwè anpil dlo ak lòt likid.
Mas gwosès (Melasma)
Mas gwosès se non yo bay yon bann mak tou nwa ki parèt sou figi, sou tete ak sou vant kèk fanm ansent. Mak sa yo pa danjere. Nòmalman yo disparèt apre akouchman an. Medam yo ka evite gen mak sa yo nan figi yo si yo mete yon chapo lè yo nan solèy
Tach mov sou po
Tach mov yo soti nan yon bann ti gwoup venn ki anba po a. Pafwa sa rive paske venn yo anfle. Yo pa fè mal e nòmalman yo disparèt apre akouchman an.
Doulè nan jwenti
Kò yon fanm ansent vin mòl epi li lache pou pitit la ka grandi, epi pou fi a ka akouche. Pafwa jwenti li yo lache epi yo fè l malalèz, sitou nan ranch. Se pa yon bagay ki danjere, men sa fè l pi fasil pou l foule jwenti pye l oubyen lòt jwenti. Se sa k fè li dwe mache ak plis prekosyon. Jwenti l yo pral fè mye apre akouchman an.
Doulè sibit sou kote anba vant
Se ligaman ki sou chak kote matris la ki kenbe matris la an plas. Ligaman yo se tankou kòd ki mare matris la ak zo manman an.
Pafwa yon mouvman sibit ka lakòz doulè nan ligaman sa yo. Se pa yon bagay ki danjere. Doulè a gen pou l pase nan kèk minit. Lè konsa, sa ka ede l si manman an karese vant li dousman, oswa si l mete yon twal cho sou li.
Lakranp nan kòmansman gwosès la
Li nòmal pou genyen ti lakranp (tankou lakranp fi genyen lè yo gen règ yo) pafwa pandan 3 premye mwa gwosès yo. Ti lakranp sa yo fet paske matris la ap grandi.
Lakranp se yon move siy si yo regilye (yo vini e ale regilyèman) si yo la toutan, si yo vini ak gwo doulè fò, oswa si yo fè vajen l senyen. Lè konsa manman an ka gen yon |gwosès nan twonp (bebe a grandi deyò matris la) oswa li gendwa ap fè yon foskouch. Li dwe wè doktè san pèdi tan.
Kout pye bebe a fè yo fè manman an mal
Pifò mouvman bebe a fè yo ap bay manman an bon sansasyon. Men, pafwa li bay gwo kout pye oswa li toujou voye pye a menm kote a. Epitou, pafwa, nan dènye semèn gwosès la yo, tèt bebe a ka frape nan do manman an oswa sou vesi l la. Mouvman sa yo ka fè manman an mal oubyen malalèz, men yo pa danjere.
Doulè nan do
Anpil medam gen doulè nan do. Pwa bebe a, pwa matris la, avèk pwa sak dlo a fè yon gwo chay sou zo ak mis manman an. Kanpe yon sèl kote pandan twòp tan oswa bese sou devan ka lakòz doulè nan do. Travay anpil ka bay doulè nan do tou. Pifò doulè nan do se bagay ki nòmal. Konsa tou, gendwa se yon enfeksyon nan ren ki bay li.
Ankouraje mari fi a, pitit li yo, lòt manm fanmi li, oswa zanmi l yo pou yo ba li masaj nan do. Yon twal mouye ak dlo cho oswa yon po dlo cho sou do l ka soulaje l tou. Fanmi l ka ede l ankò si yo fè enpe nan gwo travay yo pou li (pote timoun piti, fè lesiv, travay nan jaden, oubyen ale nan moulen).
Epitou, fi a ka fè yon egzèsis ki pou kalme doulè a yo rele “chat move”. Li dwe fè egzèsis sa a plizyè fwa youn apre lòt, 2 fwa pa jou, epi nenpòt lè do a ap fè l mal.
Kòmanse sou men ak jenou pandan do a rete tou plat. | Pouse pati anba do a monte. | Mete do a plat ankò, epi rekòmanse. |
Lakranp nan janm
Pwente zòtèy yo sou anwo… | …epi fwote janm nan. | Pa pwente zòtèy yo sou anba. |
Anpil fanm ansent gen lakranp nan pye oswa nan janm, yon doulè sibit ki pike epi ki ratresi mis yo. Lakranp sa yo vini sitou leswa oswa lè fi a detire oswa li lonje pye l. Pou fè lakranp la pase: koube pye a (mete pwent lan sou anwo), epi fwote janm nan dousman pou l ka detann (pa fwote l twò fò). Gade Chapit 15 pou wè ki lè doulè nan janm ka danjere.
Manje ki gen anpil kalsyòm ak potasyòm ka ede l evite lakranp nan janm. |
Pou evite plis lakranp, fi a pa dwe pwente zòtèy li yo (menm lè l ap detire kò l), epi li dwe manje plis bagay ki gen anpil kalsyòm ak potasyòm. Li ka eseye pran konprime kalsyòm, magnezyòm, ak potasyòm.
Tèt fè mal
Anpil fwa fanm ansent soufri tèt fè mal, men se pa yon danje. Tèt fè mal la ka pase si manman an repoze l, li rilaks li, li bwè plis ji ak dlo, oswa li bay bò tèt li masaj byen dousman. Se pa yon pwoblèm si yon fanm ansent pran 2 grenn parasetamòl ak dlo yon lè konsa.
Gen fi ki konn gen migrèn. Sa yo se gwo tèt fè mal, souvan sou yon bò tèt la. Fi a ka wè ti zetwal oubyen li ka gen noze. Gwo limyè ak gwo solèy ka fè l vin pi mal. Migrèn yo ka vin pi mal lè fi a ansent. Malerèzman, medikaman pou migrèn danjere anpil lè yon moun ansent. Li ka fè tranche a kòmanse anvan lè, epi li ka domaje pitit la.
Li pi bon pou fanm ansent ki gen migrèn pran ant 500 a 1000 miligram (mg) parasetamòl, epi pou l repoze nan yon chanm ki fènwa. Menmsi li pa bon pou fanm ansent bwè ni kafe ni te ki gen kafeyin, li ka bwè yo yon lè konsa e yo ka ede soulaje migrèn nan.
Tèt fè mal nan fen gwosès la se yon move siy ki ka vle di fi a gen pre-eklanmsi, sitou si tansyon l wo oswa si figi l oubyen men l anfle.
Lòt doulè
Li nòmal pou yon fi gen lòt ti doulè lè l ansent.
Chèche konsèy nan men doktè pou doulè ki pa nòmal pou fanm ansent, tankou:
- jwenti ki wouj e ki anfle
- gwo doulè
- siy anemi ansanm ak doulè nan jwenti