Hesperian Health Guides

Ki lè pou w fè yon egzamen basen

Nan chapit sa:

Yon egzamen basen ka fèt san danje e l ap itil lè sa yo:

  • Fi a vle konnen kondisyon sante kòl matris li, sante matris li, ak sante ovè l yo. Asireman, ou dwe fè egzamen sa si fi a gen siy enfeksyon oswa siy kansè. Men, yon fi gendwa gen enfeksyon oswa kansè nan kòl matris li oswa nan matris li san l pa montre okenn siy. Kidonk, si sa posib, medam yo ta dwe fè egzamen sa chak detwazan, menmsi yo pa gen siy ki endike yo gen yon pwoblèm.
  • Fi a ansent epi ou bezwen konnen depi konbyen tan li ansent.
  • Fi a bezwen mete yon esterilè (gade Chapit 21).
  • Fi a gen pwoblèm apre yon foskouch oswa yon avòtman (gade Chapit 22), epi li bezwen yon kitaj (gade Chapit 23).


ATANSYON!    Li danjere pou w fè yon egzamen basen lè sa yo:

  • Fi a gen tranche. Li pa nesesè pou w fè yon egzamen vizyèl, yon egzamen espekilòm, oswa yon egzamen 2 men lè yon fi gen tranche. Si w oblije verifye kòl matris li pou w wè si l ap ouvri.
  • Fi a pase likid. Si fi a ansent epi li pase likid, egzamen sa ka simaye enfeksyon nan matris li.
  • Fi a rive nan fen gwosès la epi l ap bay san nan vajen. Si l ap bay san nan vajen nan fen gwosès la, gendwa se plasenta a ki twò ba. Pa fè egzamen basen, sinon ou ka fè l senyen pi rèd.
  • Fi a gen kèk semèn sèlman depi l te akouche.

Ki jan pou fè yon egzamen basen san danje

MW Ch20 Page 374-1.png

Jeneralman, yon egzamen basen pa gen danje, men li ka gen risk. Lè w ap fè yon egzamen basen, fòk ou asire w ou pa mete okenn mikwòb nan vajen fi a. Lè w ap fè yon egzamen basen, men sa pou w fè:


Si w pa ka lave men w oswa mete gan, l ap twò danjere pou w fè egzamen an.

Ka gen lòt fason pou w jwenn enfòmasyon sou eta sante yon fi si w pa ka fè yon egzamen basen san danje, oswa si w pa konnen ki jan pou w fè yon egzamen basen, oswa si fi a pa vle fè yon egzamen basen.

Pa egzanp, pou w ka konnen si yon fi fè enfeksyon nan matris, mande l si l gen kèk siy enfeksyon epi pran tanperati li. Epitou, ou ka eseye peze vant li, yon ti jan pi wo pase zo basen an. Si l gen enfeksyon nan matris, kote sa ap fè l mal anpil. Sa yo se fason ki san danje pou w wè si yon fi gen enfeksyon paske w pa oblije mete dwèt ou anndan vajen fi a.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024