Hesperian Health Guides

Chapit 20: Egzamen basen an: ki jan pou egzamine vajen ak matris yon fib

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 20: Egzamen basen an

Nan chapit sa:

MW Ch20 Page 373-1.png

Yon egzamen basen se yon fason pou konnen sa k ap pase anndan vajen ak matris yon fi.

Lè w fè yon egzamen basen, sa ka pèmèt ou aprann:

  • Si fi a ansent, epi depi konbyen semèn li ansent.
  • Si l gen yon enfeksyon nan matris li oswa nan vajen l.
  • Si l ka gen kansè nan kòl matris la oswa nan matris la.


Ou gendwa fè yon egzamen basen tou pou w mete yon esterilè (gade Chapit 21) oswa pou w fè yon kitaj (gade Chapit 23).

Li pa difisil pou aprann fè egzamen sa a, e avèk pratik, pifò moun ka fè l.

Gen yon lòt egzamen ki ka montre si kòl matris fi a ap ouvri pandan akouchman an. Chapit sa a pa esplike ki jan pou fè egzamen sa a. Gade Egzamen vajinal pandan tranche pou w aprann plis sou sa.

Note sa: Gen kote se doktè sèlman ki fè egzamen basen, se pa fanmsaj. Men, ou pa bezwen pè eseye. Avèk fòmasyon ak pratik, fanmsaj ka aprann ni sa a, ni lòt teknik. Lè yon fanmsaj aprann fè egzamen basen, li ka ede medam yo rete an sante pandan tout vi yo, pa sèlman lè yo ansent oswa lè y ap akouche.


Yon egzamen basen gen 3 pati

a speculum.
  1. Egzamen vizyè l la se yon fason pou w chèche nenpòt siy enfeksyon ki pa deyò pati jenital fi a.
  2. Egzamen espekilòm nan se yon fason pou wè anndan vajen fI a epi pou w wè kondisyon sante kòl matris la. Ou itilize yon aparèy ki rele espekilòm pou w fè egzamen espekilòm nan.
  3. Egzamen 2 men an se yon fason pou verifye sante matris la avèk ovè yo oswa pou verifye gwosè matris la pandan gwosès. Pou w fè yon egzamen 2 men, ou touche matris la avèk dwèt yon men ki anndan vajen an, epi anmenmtan lòt men an sou vant li.

Ou pa toujou oblije fè toulè 3 pati nan egzamen an.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024