Hesperian Health Guides

Egzamen espekilòm nan

Nan chapit sa:

illustration of the below: a speculum.
Yon espekilòm ki gwosè mwayèn ap pi bon pou pifò fi.
Espekilòm
Vis
Pwent yo
Kote pou mete pous ou
(Ou pa bezwen itilize vis sa a)
Manch



Yon espekilòm ki pi piti ka pi bon pou jèn fanm, fi ki poko janm fè sèks, ak fi ki pi gran ki nan menopòz oubyen ki pa fè sèks regilyèman, oswa fi ki te sikonsi. Yon espekilòm ki pi gwo ka pi bon pou fi ki fè plizyè pitit.

Yon espekilòm se yon aparèy ki pèmèt ou gade anndan vajen yon fi. Espekilòm nan kenbe vajen an ouvri. Lè l nan bon pozisyon, w ap ka wè kòl matris la, w ap ka fè tès pou enfeksyon oswa pou kansè, w ap ka mete yon esterilè, oswa w ap ka vide matris la.

Fè pratik ouvri e fèmen yon espekilòm plizyè fwa anvan w sèvi avè l pou w fè yon egzamen, konsa w ap ka alèz avèk jan l fonksyone a.

Gen fanmsaj ki kite fi a gade espekilòm nan anvan yo fè egzamen an. Sa ka ede fi a konprann egzamen an.


1. Ede fi a rilaks lè w touche pye l, lè w mande l pou l respire, epi lè w fè tout bagay avèk dousè epi dousman. Fè l sonje pou l di w si espekilòm nan fè l mal, epi se pou w kanpe egzamen an si l fè l mal.
2. Chofe espekilòm nan ak dlo cho oswa kenbe l nan men w ki gen gan ladan l.
3. Mande fi a si l pare pou w kòmanse. Lè l pare, ouvri lèv vajen an jantiman avèk yon men pou w ka wè ouvèti vajen an. Asire w ou esplike l tout sa w ap fè pandan w ap fè l la.
MW Ch20 Page 377-2.png


4. Kenbe espekilòm nan avèk lòt men an. Vire manch lan sou yon bò, epi glise pwent lan antre tou fèmen anndan vajen an. Si w fè l avèk dousè, pwent lan ap glise desann anndan vajen an san l pa fè fi a mal. Pandan w ap antre espekilòm nan, vire l pou manch lan anba. Fè anpil atansyon pou w pa rale ni po l ni plim li. Pouse espekilòm nan anndan nèt byen jantiman. Manch lan dwe poze sou po ki ant vajen an ak twou dèyè a.
MW Ch20 Page 377-3.png
MW Ch20 Page 377-4.png
MW Ch20 Page 378-1.png
Note sa: Si yon fi kouche sou yon kabann oswa sou yon tab plat epi pa gen plas pou manch espekilòm nan lè l anba, ou ka mete l avèk manch lan sou anwo.
5. Ouvri pwent espekilòm nan lè w pouse kote pou mete pous ou a dousman avèk pous ou. Lè w wè kòl matris la nan mitan 2 pwent espekilòm yo, vise boulon ki kote w mete pous ou a pou espekilòm nan ka ret ouvri.


Si w ouvri espekilòm nan men w pa wè kòl matris la, fèmen espekilòm nan epi retire l enpe. Eseye ankò, refè etap nimewo 4 la. Petèt kòl matris la yon ti jan sou yon bò. Sa nòmal. Pafwa kòl matris la ka parèt pi byen si fi a touse oswa li pouse sou anba tankou lè l ap poupou pandan espekilòm nan ouvri anndan l.
MW Ch20 Page 378-2.png
Kòl matris
(bouch matris la)
the cervix, shown  to be about 2-and-a-half centimeters long and 2 centimeters wide.
Jeneralman kòl matris la gwosè sa a.


6. Gade kòl matris la, li ta dwe lis e woz, oswa, si fi a ansent, li ka yon ti jan ble.

Jeneralman, li nòmal pou kòl matris la gen ti boul piti ki lis, men maleng oswa veri se siy enfeksyon.

Veye si gen dlo oswa san k ap soti nan kòl matris la. Jeneralman, se pa yon pwoblèm si l ap bay dlo ki likid, ki blanch, oswa ki klè. Lè dlo a gen koulè vèt, jòn, oswa gri, lè l gen boul, oswa lè l gen move sant, sa yo se siy enfeksyon.
MW Ch20 Page 378-4.png
7. Si yon fi vle gade kòl matris li a, ou ka kenbe yon miwa devan l pou li avèk yon limyè pou l ka wè l. Se yon okazyon pou fi a aprann plis bagay sou pwòp kò l.
8. Verifye si kòl matris la gen siy kansè lè w fè swa tès vinèg la, swa tès Pap la.
9. Lè w ap retire espekilòm nan, rale l vin sou ou toupiti jiskaske pwent lan soti sou kòl matris la. Lache boulon an kote w te mete pous ou a epi kite pwent yo fèmen dousman pandan w ap rale espekilòm nan sou anba pou l soti nan vajen an. Distans pou w fin rale l soti, pwent yo ta dwe gentan fèmen nèt.
10. Bay fi a yon moso twal oswa papye ijyenik ki pwòp pou l siye nenpòt dlo ki soti nan vajen l.
11. Asire w ou byen netwaye espekilòm nan apre w fin sèvi avè l.
Ht MW Ch20 Page 379-1.png

Tès vinèg pou detekte kansè oubyen chè ki ka tounen kansè

MW Ch20 Page 380-1.png

Tès vinèg la se yon fason trè senp pou verifye si fi a gen chè ki pa nòmal sou kòl matris li. Chè ki pa nòmal gendwa se yon siy ki endike li gen kansè oubyen li pral tounen kansè pi devan.

MW Ch20 Page 380-2.png
  1. Mete yon espekilòm nan vajen an epi gade kòl matris la.
  2. Kenbe yon moso twal gaz ki esterilize nan yon pens long. Ou ka menm sèvi avèk yon tanpon ki long, si se sa w genyen.
  3. Tranpe twal gaz la nan vinèg blan òdinè (nenpòt vinèg ap bon, depi l gen 4% a 5% asid asetik) epi mouye kòl matris la avèk vinèg la. Retire twal gaz la. Vinèg la pa dwe boule kòl matris la men li ka pike l toupiti.
  4. Tann yon minit (60 segonn). Si gen chè ki pa nòmal, w ap wè tach blanch sou kòl matris la. Si gen tach blanch sou kòl matris la, fi a bezwen tretman san pèdi tan.


Si pati blanch yo pa twò gwo, yo ka jele yo epi retire yo pou anpeche kansè. Fi a gendwa fè plis egzamen tou pou konnen si l gen kansè sou kòl matris la oubyen si sa ki sou kòl matris la pral vin tounen kansè pi devan.

HPV epi kansè nan kòl matris la

Gen anpil moun ki enfekte avèk yon viris moun pran nan fè sèks ki rele HPV (“Human Papilloma Virus”). Medam yo pran HPV lè yo fè sèks ak yon moun ki deja genyen l. Gen kalite HPV ki bay veri nan pati jenital la. Gen lòt kalite HPV ki pi danjere ki lakòz kansè nan kòl matris la. Pifò moun ki gen HPV pa gen veri nan pati jenital, ni yo pa gen okenn lòt siy vizib ki montre yo gen viris la. Si yon fi gen youn nan kalite HPV ki danjere yo pandan yon bon bout tan, li ka ba l kansè nan kòl matris la.

Ou ka fè yon tès pou konnen si fi a gen kalite HPV ki lakòz kansè nan kòl matris la. Tès la fèt menm jan ak tès Pap la, e li gendwa chè. Ou bezwen voye yon lam vit ki gen yon moso chè sou li bay yon laboratwa, apre sa pou w tann 2 a 3 semèn pou w jwenn rezilta a. Si tès la pozitif, sa pa oblije vle di fi a gen kansè. L ap toujou bezwen yon tès vinèg oswa yon tès Pap pou konnen si HPV a fè l gen chè ki pa nòmal sou kòl matris la.

Tès Pap pou detekte kansè oub yen chè ki ka tounen kansè
Pou tès Pap la, w ap grate yon ti moso chè toupiti nan po kòl matris la ak vajen an, epi mete l sou yon ti moso lam vit. Pou fè yon tès Pap, fòk gen yon laboratwa. Nan laboratwa a, moun ki fòme pou sa gade ti moso chè a nan yon mikwoskòp pou konnen si l an sante oubyen non.

Anvan tès la, prepare materyèl sa yo met la:

Espatil Tanpon long oswa yon kitobwòs Lam vit Fiksatè (alkòl)
MW Ch20 Page 381-1.png
MW Ch20 Page 381-2.png
MW Ch20 Page 381-3.png
a bottle labeled "95% ethyl alcohol".
  1. Mete espekilòm nan nan vajen fi a.
  2. MW Ch20 Page 381-5.png
  3. Mete pwent espatil ki gen 2 tèt la sou kòl matris la epi woule l ant pous ou ak dwèt endèks ou a.

    Pandan w ap woule espatil la, avèk dousè, grate yon ti moso chè tou fen soti nan kòl matris la. Sa pa dwe fè fi a mal, men pafwa li ka fè l malalèz. Li nòmal pou kòl matris la bay yon ti san.
  4. Siye espatil la sou pwent lam vit la.
  5. MW Ch20 Page 381-6.png
    MW Ch20 Page 382-2.png
  6. Mete lòt pwent espatil la anba kòl matris la kote li kontre ak vajen an. Avèk dousè, fè yon sèl grate ale sou kote.
  7. Siye espatil la nan mitan lam vit la, bò kote premye sa w te siye a.
    MW Ch20 Page 382-1.png
  8. MW Ch20 Page 382-4.png


  9. Mete pwent tanpon an oswa kitobwòs la distans apeprè yon santimèt anndan antre bouch kòl matris la. Avèk dousè, woule l yon sèk ann antye. Sa ka fè fi a malalèz, men li pa danjere.

  10. Siye tanpon an bò pwent lam vit ki potko sèvi a, bò kote dezyèm kote w te siye a.
    MW Ch20 Page 382-3.png
  11. Mete yon fiksatè sou lam vit la.

    Gen plizyè kalite fiksatè disponib, men sa ki mwens chè a se alkòl medikal (“95% ethyl alcohol”). Vide enpe alkòl medikal nan yon ti bokal epi tranpe lam vit la nan bokal alkòl la tousuit apre w fin pase tanpon an sou lam nan. Ou dwe fè l vit, anvan chè ki sou lam vit la gentan seche. Kite lam vit la rete nan alkòl la pandan kèk minit, apre sa kite lam vit la seche nan lè. Si w pa gen alkòl medikal, ou ka flite lam nan avèk sprèy ki fèt pou cheve.
    MW Ch20 Page 383-1.png
    MW Ch20 Page 383-2.png


    Ou dwe mete fiksatè (alkòl) sou lam vit la sinon ti kouch chè tou fen ki sou ti moso lam vit la ap gaye oubyen y ap soti epi lè sa rezilta a pap egzak.

  12. Pote lam vit la nan yon laboratwa ki ka fè egzamen tès Pap (se pa tout laboratwa ki kapab). Pote l ale nan mwens ke yon semèn apre w fin fè tès la.


Note sa: Di fi a li nòmal pou vajen l bay yon ti san apre tès Pap la.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024