Hesperian Health Guides
Egzamen basen an
Anvan w kòmanse:
- Asire w nou yon kote ki prive.
- Prepare tout zouti w ap bezwen pou egzamen an:
Espekilòm ki pwòp oswa ki esterilize | Gan plastik ki pwòp oswa ki esterilize | Limyè | Miwa | Twal pwòp pou siye apre egzamen an.m |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
Espekilòm nan ak gan yo dwe esterilize si w ap fè yon egzamen basen, si w ap mete yon esterilè, oswa si w ap fè yon kitaj. Sinon, yon espekilòm ki trè pwòp ka sifi.

- Mande fi a pou l pipi anvan. Sa ap pèmèt li pi alèz pandan egzamen an.
- Mande fi a pou l retire pantalon l oswa pou l monte jip li. Si l vle yon bagay pou l kouvri janm li, ba l yon dra oswa yon twal.
- Mande l kouche sou do avèk jenou l sou anwo epi dèyè l nan pwent tab la oswa pwent kabann nan.

- Lave men w avèk dlo pwòp ak savon. Zong ou yo dwe kout epi pwòp.
- Mete gan plastik ki pwòp nan men w.
Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024