Hesperian Health Guides

Anvan egzamen an

Nan chapit sa:

Ede fi a rilaks

Egzamen basen an pi fasil e pi konfòtab lè fi a mete l alèz epi li pa pè.

Esplike sa w ap fè e poukisa w ap fè l. Di fi a pou l rale gwo souf epi pou l lache kò l. Fè egzamen an dousman, epi sispann si w fè l mal. Si fi a an sante, egzamen an pa dwe fè l mal. Si l fè l mal, sa ka vle di li gen enfeksyon oswa ou dwe pran plis prekosyon.

2 women sitting together and speaking.
Fè m konnen si w santi w deranje oswa si w gen kè sote epi m ap kanpe egzamen an.
Dakò.

Kè sote

Gen fi ki pè fè egzamen basen, tankou fi ki potko janm fè l, ak fi ki te fè egzamen ki te fè yo mal.

Fi ki te sibi abi seksyèl oswa abi fizik gen plis chans pou yo gen pwoblèm avèk yon egzamen basen. Gen moun ki te konn manyen medam sa yo kote yo pa t vle yo manyen yo, nan yon lè yo pa t vle. Kèlkeswa fi ou avè l la, men sitou fi ki te sibi abi, mande yo anvan w touche yo.

Lawont

Lè w fè yon egzamen basen, w ap egzamine pati jenital ak vajen fi a. Gen anpil fi ki jennen oswa yo wont pati sa yo nan kò yo. Yo ka pa vle pale de yo, gade yo, oswa kite lòt moun gade yo.

Sa yo se pati ki enpòtan anpil nan kò yon fi. Lè w ap fè yon egzamen basen, ankouraje fi a pou l poze kesyon, epi esplike l pati sa yo an sante epi yo nòmal. Petèt ou pap ka elimine lawont fi a, men ou ka diminye l.

Poze fi a kesyon sou pase li

Anvan w fè yon egzamen basen, mande fi a ki dènye fwa li te gen règ li, si l ansent, epi èske l gen nenpòt siy enfeksyon nan vajen l oswa nan matris li. Chapit 7 sijere lòt kesyon ou ka poze yon fi sou pase li nan domèn sante a.

Anplis, esplike fi a sa w pral fè pandan egzamen basen an epi reponn nenpòt kesyon li genyen.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024