Hesperian Health Guides

Kansè nan kòl matris

Nan chapit sa:

Kansè nan kòl matris konn touye moun, men, si yo trete l bonè, jeneralman yo ka elimine l. Tretman an fasil lè maladi a fèk kòmanse. Yon pwofesyonèl lasante ki fòme pou sa ka jele e detwi chè ki pa nòmal yo. Si kansè a gentan pi avanse, yon doktè oswa yon enfimyè ki fòme pou sa, ki nan yon sant medikal, ka retire oswa detwi pati ki malad nan kòl matris la. Jeneralman, apre tretman an fi a ap santi l fè mye. Men, gen plizyè santèn milye fi ki mouri chak ane akoz kansè sa a paske yo pa t chèche tretman.

Poukisa tout med am sa yo mouri si yo ka ev ite malad i a epi li ka trete f asil?
  • Zòn ki pòv pa gen mwayen pou yo fòme pwofesyonèl medikal yo pou yo fè egzamen pou kansè ak HPV oswa pou yo fè yo jwenn tretman yo bezwen an.
  • Fi ki andeyò ak fi ki pòv gendwa pa ka vwayaje lwen pou al nan sant medikal kote yo fè tès ak tretman.
  • Gen fi ak gason ki pa konnen si yo ka evite kansè kòl matris lè yo pwoteje tèt yo kont HPV. Pa egzanp, mete kapòt ka anpeche ni fi ni gason trape HPV.
  • Gen fi ki pa ka pwoteje tèt yo kont HPV paske yo pa ka jwenn kapòt. Gen lòt fi ki pa ka pwoteje tèt yo paske moun fòse yo fè sèks oswa yo fòse yo fè l san pwoteksyon. Gen koup ki pa renmen itilize kapòt.

Tretman kriyoter api ki anpeche kansè nan kòl matris la

Kriyoterapi se yon tretman ki jele (fè tounen glas) nenpòt chè ki pa nòmal ki sou kòl matris yon fi, yon fason pou yo pa vin tounen kansè. Kriyoterapi itilize yon zouti ki rele kriyopwòb ansanm ak diyoksid kabòn oswa gaz oksid netre pou jele sifas kòl matris la. Lè yo jele yo, sa detwi chè ki pa nòmal yo.

Yo konn itilize kriyoterapi lè yon fi fè yontès vinèg ki pozitif oswa yon tès Pap ki pozitif.

MW Ch20 Page 383a-1.png
MW Ch20 Page 383a-2.png
MW Ch20 Page 383a-3.png
Tès vinèg ki negatif (pa gen tach blanch) Tès vinèg ki pozitif (gen tach blanch) Apre kriyoterapi a, kòl matris la tounen nòmal ankò (pa gen tach blanch)

Kriyoterapi pa gen danje, e li deja sove lavi plizyè milye fanm. Li pa fè yo mal, men gen kèk medam ki di yo gen ti lakranp menm jan ak lè yo gen règ yo, epi gen lòt ki di yo santi fredi nan vajen yo. Kriyoterapi pap afekte kapasite yon fi genyen pou l fè sèks ni pou l fè pitit, byenke yon fi dwe tann 4 semèn apre kriyoterapi a anvan l fè sèks.

Yon fi PA dwe fè kriyoterapi si l ranpli youn nan kondisyon sa yo:

MW Ch20 Page 383a-4.png
Pwent
Kriyopwòb
Tib
Gaz ki fè frèt
  • Li ansent. Pito li tann 12 mwa apre li fin akouche pou l fè kriyoterapi a.
  • Li gen maladi enfeksyon nan basen. Yonfwa enfeksyon nan basen an fin trete, li ka fè kriyoterapi a.
  • Li gen règ li e règ la vini fò. Anpil san ka fè l difisil pou yo wè tach blanch yo sou kòl matris la lè yo fè tès vinèg la. Li dwe tann jiskaske san an diminye oswa fini anvan l fè kriyoterapi a.


Kriyopwòb la branche nan yon tank gaz ki fè frèt anpil. Yo mete tib kriyopwòb la anndan vajen an, epi yo peze pwent lan sou kòl matris la. Gaz la fè pwent kriyopwòb la frèt anpil, e konsa li jele zòn kote l kole a; se sa k detwi chè ki pa nòmal yo. Yo fè sa 2 fwa, dezyèm tretman an fèt 5 minit apre premye tretman an.

Ki jan pou fè kriyoterapi

MW Ch20 Page 383b-1.png
Kòl matris (pasaj matris la)
MW Ch20 Page 383b-2.png
Tach blanch sou kòl matris la apre tès vinèg la
Zòn pwent kriyopwòb la ap kouvri
MW Ch20 Page 383b-3.png
  1. Mete yon espekilòm anndan vajen an epi fè tès vinèg la. Tès vinèg la pral pèmèt ou wè nenpòt chè ki pa nòmal yo kòm tach blanch. Verifye 2 bagay sa yo:
    • Tach blanch lan pa twò g wo. Fòk tach blanch lan pa rive plis ke 2 milimèt pi lwen pase kote pwent kriyopwòb la touche a. (2 milimèt se apeprè lajè yon grenn diri.)
    • Tach blanch lan pa rive anndan kòl matris la.
      Si youn nan bagay sa yo rive, kriyoterapi a pap mache. Fi a ap bezwen yon lòt kalite tretman; li dwe al lopital.
  2. Mete tib kriyopwòb la anndan vajen an, epi mete pwent lan nan mitan kòl matris la. Fè atansyon pou w pa kite kriyopwòb la touche bò vajen yo. Sa gendwa jele chè vajen an, e sa ta ka domaje l.
    Note sa: Si w pa ka antre kriyopwòb la san l pa touche ak bò vajen an, retire espekilòm nan, koupe yon ti twou nan pwent yon kapòt, epi mete l sou espekilòm nan. Apre sa, remete espekilòm nan ankò. Sa ap pwoteje bò vajen an.
  3. Pandan pwent kriyopwòb kole nan mitan kòl matris la, verifye ankò tach blanch lan pa plis ke 2 milimèt pi lwen pase pwent kriyopwòb la.
  4. Mete yon kwonomèt kontwole 3 minit. Kite gaz ki fè frèt la koule, epi kite pwent kriyopwòb la kole ak kòl matris la. Apre anviwon yon minit, glas pral kòmanse fòme sou pwent kriyopwòb la epi sou kòl matris la. Pati ki jele a ap vin blanch.
  5. Apre 3 minit, kanpe gaz la. W ap wè zòn ki jele a rive 4 a 5 milimèt pi lwen pase pwent kriyopwòb la.
  6. Pa retire kriyopwòb la tousuit. Tann kòl matris la fin fonn ase pou pwent kriyopwòb la tonbe soti sou kòl matris la poukont li. Si w retire kriyopwòb la anvan kòl matris la fonn, l ap chire chè ki kole ak pwent kriyopwòb la. Apre kriyopwòb la tonbe soti sou kòl matris la poukont li, woule l dousman pou w retire l.
  7. Kite espekilòm nan nan plas li epi kite kòl matris la fonn pandan 5 minit oswa jiskaske li tounen koulè woz ankò.
  8. Apre li fin fonn, mete kriyopwòb la ankò epi mete pwent kriyopwòb la nan mitan kòl matris la. Mete yon kwonomèt kontwole 3 minit, epi kòmanse gaz la koule pou w ka jele kòl matris la yon dezyèm fwa.
  9. Apre dezyèm fwa w jele kòl matris la, kanpe gaz la. Kite kòl matris la fonn ankò jiskaske pwent kriyopwòb la tonbe poukont li, apre sa w ka retire l. Woule l dousman sou kòl matris la pou w ka retire l. Kote ki jele a ap blanch, apre sa l ap vin woz ankò pandan l fonn.
  10. Retire espekilòm nan epi lave l e esterilize l ansanm ak kriyopwòb la.

Apre kriyoterapi, yon fi dwe evite fè sèks, ni li dwe evite mete kèlkeswa bagay anndan vajen l pandan 4 semèn. (Lè l gen règ li oswa si vajen l gen ekoulman, se pou l itilize moso twal pwòp olye de tanpon.) Konsa l ap ka evite enfeksyon. Si l pa ka rete san l pa fè sèks, konseye l pou l itlize yon kapòt.

Li ka gen ti lakranp tankou lè l gen règ li. Li ka gen ekoulman dlo ki soti nan vajen l jiska yon mwa apre. Asire l bagay sa yo nòmal e yo pa danjere.

Apre 1 an fi a dwe fè yon lòt tès vinèg pou asire kriyoterapi a te mache. Si tès vinèg la toujou montre tach blanch sou kòl matris la, li ka fè kriyoterapi ankò.

ATANSYON! Li trè difisil pou kriyoterapi bay yon fi lòt pwoblèm, men si yon fi gen nenpòt nan siy sa yo, se pou l chèche asistans medikal:

  • Fyèv (tanperati li pi wo pase 38° C / 101° F) pandan plis pase 2 jou.
  • Gwo doulè anba vant lan oswa gwo lakranp pandan plis pase 2 jou.
  • Gwo pèt san k ap soti nan vajen an pandan plis pase 2 jou.
  • Yon ekoulman ki gen move sant k ap soti nan vajen an.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024