Hesperian Health Guides
Egzamen vizyèl la

Bouch
vajen an
Twou dèyè
Klitoris
Irèt
Lèv
Pati jenital ki an sante
Po ki sou pati jenital la dwe swa e an sante. Pati jenital la dwe pwòp, men li nòmal pou gen yon ti ekoulman ki klè oswa ki blanch k ap soti nan ouvèti vajen an.

Maleng nan pati jenital ka yon siy enfeksyon.
Gade si gen boul, kote ki anfle, ekoulman ki pa nòmal, maleng, oswa sikatris nan pati jenital la. Pafwa w ka santi boul ak men w san w pa ka wè yo.
Boul oswa maleng kapab se siy enfeksyon oswa blese. (Gade Chapit 18 pou w aprann plis konsènan enfeksyon nan pati jenital yo.)
Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024