Hesperian Health Guides

Travay avèk kominote a pou anpeche avòtman ki danjere

Nan chapit sa:

Anpil enfòmasyon ki nan chapit sa a pale sou ki jan pou sove lavi yon fi apre yon avòtman ki te mal fèt oswa ki te enkonplè. Ou ka fè plis pou pwoteje sante medam yo lè w fè efò pou w konprann e anpeche sa ki lakòz moun nan kominote a fè avòtman ki danjere.

Reflechi sou kòman bagay yo ka chanje yon fason pou medam yo pa oblije fè avòtman ki danjere ankò. Ansuit, travay pou anpeche move pratik sa yo fèt nan kominote a. Gen fanmsaj ki aprann fanmi yo ki jan pou yo fè planin. Gen lòt ki travay pou chanje pwennvi kominote a sou kesyon avòtman. Gen lòt ki travay pou yo chanje lwa peyi yo.

Ankouraje medam ak lòt moun nan kominote a pou yo pale sou wont ak laperèz fi yo santi lè yo malad akoz yon move avòtman. Travay pou jwenn solisyon pou kominote a yon fason pou plis fi jwenn swen yo bezwen.


4 women in a group speaking.
Poukisa medam yo fè avòtman ki danjere isit la?
Lopital la twò lwen!
M pa t konnen si m te vle sèvi ak planin, men m pa t pare pou m fè yon lòt pitit.
Gen yon fi nan bouk la ki fè avòtman, men li pa konnen ki jan pou l fè l san danje.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024