Hesperian Health Guides
Chèche pi bon tretman an
SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chèche pi bon tretman an
Kèlkeswa pwoblèm sante w ap trete, tankou anemi, tranche ki pran twòp tan, oswa pèdi anpil san, ou dwe chèche tretman ki gen plis byenfè ak mwens risk.
Byenfè ak risk
Chak fwa w pran yon desizyon konsènan yon tretman, ou dwe konsidere byenfè yo ak risk yo. Byenfè vle di avantaj yon tretman ka pote. Yon risk se danje li ka lakòz. Chak fwa w pran yon desizyon, eseye chwazi aksyon ki gen plis byenfè epi mwens risk.
Annou panse ankò sou Celeste ak Elena:
Ki sa k t ap rive si Elena te toujou fè anemi apre li te fin manje plis manje ki gen fè epi l te pran konprime fè? Li menm ak Celeste t ap oblije pran yon desizyon difisil.
Celeste konnen l ap pi bon pou yon fi ki fè yon anemi grav akouche nan yon lopital/sant sante ki byen ekipe olye l akouche lakay li. Konsa, si l pèdi anpil san, l ap ka jwenn san oswa lòt medikaman pou l pran tousuit. San posiblite sa a, Elena t ap trè fèb apre akouchman an. Feblès sa a t ap fè l pi fasil pou l fè yon enfeksyon. Li t ap trè difisil pou l pran swen fanmi l ak pwòp tèt li. Epitou, si yon manman pa ka byen pran swen bebe l la, bebe a ap an danje tou.
Yon lòt kote, pifò medam nan vilaj la fè anemi. E pifò ladan yo pa gen pwoblèm grav apre yo fin akouche. Al lopital la ap mande yon jounen sou wout epi lopital koute trè chè. Fanmi Elena a t ap oblije depanse prèske tout ti lajan yo genyen pou Elena al akouche la a.
Ni rete lakay, ni al lopital, yo chak gen byenfè yo ak risk yo. Ki sa w t ap fè?
Yon lòt bagay ki sitou gen byenfè ak risk se medikaman. Menm yon medikaman ki trè efikas pou trete yon pwoblèm sante ka gen efè segondè ak danje. Nan liv sa a, yo pale konsènan teknik ak medikaman ki ka gen gwo risk. Nou mete yo nan liv la kanmenm paske lè yo vrèman nesesè, yo ka sove lavi. Sepandan, anvan w bay kèlkeswa medikaman, oswa anvan w fè kèlkeswa pwosedi anndan kò yon moun, ou dwe deside si w ka fè l avèk yon sèten sekirite, e si gen plis byenfè pase risk. Pa egzanp, sa gen ladann pwosedi dijans tankou retire plasenta a alamen oswa kitaj.
Fò n al lopital avè l tousuit. Yo ka retire plasenta a epi rete san an.
Poukisa w pa ka fè l?
Li twò danjere! L ap pi an sekirite lopital la. |
M ap oblije retire plasenta a.
Sa pa twò danjere?
Wi, li danjere anpil! Men, lapli kraze w out la. Nou pap janm gentan rive lopital la anvan l pèdi twòp san epi l mouri. |
Difaran kalite medikaman
Toupatou sou tè a moun itilize anpil fason diferan pou yo fè tretman:
- Medikam an tradisyonè l: Kalite remèd sa yo pase de jenerasyon an jenerasyon lè medsen fèy ki granmoun anseye yo bay medsen fèy ki pi jèn yo. Tretman tradisyonèl sa yo gen ladan yo masaj, remèd fèy, ak kominikasyon ak monn envizib la.
Medikaman tradisyonèl yo, sitou remèd fèy, ka bay bon rezilta. Souvan yo ka trete pifò pwoblèm sante yon fason ki gen mwens danje, yo pi fasil pou jwenn yo, epi yo koute mwens lajan. Epitou, lè lajan an fini, oswa lè òganizasyon ki t ap bay èd yo ale, remèd fèy, teknik masaj yo, ak lòt kalite gerizon natirèl ap toujou la a.
Lasyans egzamine anpil medikaman tradisyonèl. Egzamen sa yo montre gen kèk medikaman tradisyonèl ki bay bon rezilta, men gen lòt tou ki pa bay bon rezilta. Oswa, yo bay bon rezilta senpleman paske moun nan kwè ladan l. Gen kèk medikaman tradisyonèl ki lakòz malè oswa ki danjere anpil
- Medikam an peyi oksidantal yo (medikaman ki fèt nan laboratwa): Pou trete pwoblèm sante, medikaman peyi oksidantal yo repoze sou lasyans, sou medikaman ki fèt nan laboratwa, epi sou operasyon.
- Remèd peyi oryantal: Sa gen ladann akiponkti (“acupuncture”), ayouveda (“ayurveda”), ak omeyopati (“homeopathie”). Jan de remèd sa yo gen plizyè milye ane depi moun ap sèvi avè yo epi ap anseye yo nan lekòl, e lasyans konn teste yo. Anpil nan remèd sa yo itilize fèy tou.
Yon sèl moun gendwa sèvi ak plizyè nan kalite remèd sa yo.
Pa gen ase espas nan liv sa a pou nou ta byen dekri chak sistèm remèd. Sa ki enpòtan pou nou sonje sèke chak kalite remèd gen byenfè, epi nou dwe itilize yo avèk prekosyon.
Medikaman peyi oksidantal yo (medikaman ki fèt nan laboratwa)
Medikaman ki soti nan peyi oksidantal yo ka sove lavi lè yo sèvi avè yo kòrèkteman. Pi souvan, remèd peyi oksidantal yo se pi bon mwayen pou trete ka dijans. Pa egzanp, lè yon fi ap pèdi anpil san apre l fin akouche, petèt ka gen remèd fèy nan zòn nan ki ka redui san k ap koule a. Men, souvan remèd peyi oksidantal yo travay pi byen epi yo pi rapid. Konsa gen plis chans pou yo sove lavi yon fi k ap pèdi san.
Sèvi ak medikaman peyi oksidatal yo kòrèkteman
Lasyans verifye pifò medikaman peyi oksidantal yo avèk swen. Pi souvan yo bay bon rezilta nan trete pwoblèm sante. Sepandan, medikaman sa yo souvan koute chè, genyen ki gen efè segondè, epi nan anpil sitiyasyon yo pa nesesè. Pifò ti pwoblèm sante yo ka jis trete ak remèd tradisyonèl oswa remèd fèy, osinon, li ka jis refè poukont li.
Si w itilize yon medikaman lè l pa vrèman nesesè, oswa si w itilize l twòp, sa ka lakòz pwoblèm sante grav. Pa egzanp, gen moun ki kwè se sèlman yon piki ki pou ede yo refè lè yo malad. Souvan, moun sa yo te ka refè pi byen si yo pa t fè anyen ditou. Epi, nan anpil ka, lè piki a pa nesesè li ka lakòz absè oswa lòt maladi (tankou VIH/SIDA) lè sereng nan pa esterilize. Se sa k fè, menmsi medikaman ka sove lavi, nou dwe sèvi avè yo kòrèkteman.
Liv sa a plis pale de medikaman peyi oksidantal yo (medikaman ki fèt nan laboratwa)
Liv sa a plis pale sou fason pou itilize remèd peyi oksidantal yo. Gen yon rezon prensipal pou sa: medikaman peyi oksidantal yo disponib prèske tout kote sou tè a. Nou pa twò konnen yo, ni nou pa gen ase espas pou nou esplike ki jan pou nou itilize plizyè milyon remèd fèy ak fason yo itilize yo pou fè tretman toupatou sou tè a. Kidonk, tanpri, sèvi avèk do liv sa a pou w ekri metòd tradisyonèl ou konn itilize yo. Epi, si w tradui oswa adapte liv sa a, asire w ou ajoute fason yo fè remèd nan zòn pa w la. Li enpòtan anpil pou w pataje metòd tradisyonèl sa yo pou moun pa bliye yo!
Chwazi yon medikaman ki efikas e ki pa gen danje
Anvan w preskri nenpòt medikaman (swa medikaman tradisyonèl, swa medikaman laboratwa), ou dwe sèten l ap ka ede l epi li pa gen danje. Pou w ka konnen, reflechi sou (epi poze lòt moun) kesyon sa yo:
- Pou ki rezon yo sèvi avè l?
- Ki sa k konn pase lè w sèvi avè l?
- Chak ki lè li konn ede ak pwoblèm sa a?
- Ki efè segondè oswa lòt pwoblèm li konn lakòz?
Lè w eseye yon tretman premye fwa a, sèvi ak medikaman an poukont li, pa melanje l ak lòt tretman. Konsa w ap ka konnen si li efikas, oswa si l bay pwoblèm. Gade Ki jan pou sèvi ak medikaman yo san danje pou w aprann plis sou fason pou evite danje lè w ap sèvi avèk medikaman.
Medikaman ak avaris
Malerèzman, gen medsen fèy ak lòt pwofesyonèl lasante ki ava, e se fè lajan ki motive yo. Pou yo ka fè lajan, yo ka rekòmande yon tretman ki pa nesesè, ki pa efikas, oswa ki menm danjere. Gen kèk medsen fèy ki pwofite konfyans lòt moun fè yo pou yo vann fo medikaman ki pa efikas.
Kèk konpayi ki fè oswa ki vann medikaman itilize repitasyon yo pou yo twonpe moun tou. Lè konpayi famasi aji konsa, tout kominote a ka an danje. Pa egzanp, yon konpayi medikaman ameriken ki rele Eli Lilly te konn fè yon medikaman ki rele “diethylstilbestrol” (DES). DES te dwe ede fanm ansent evite fè foskouch. Men anfèt, DES pa t anpeche foskouch. Li te lakòz defòmasyon nan bebe ak kansè. Eli Lilly te konnen medikaman an te ka lakòz pwoblèm sa yo, men li te kontinye vann li kanmenm. E menm lè yo te entèdi medikaman an Etazini, yo te kontinye vann li nan lòt peyi.
Konnen limit ou yo
Konnen ki lè pou w pa fè anyen
Nan liv sa a, nou pale plis sou fason pou nou rezoud pwoblèm sante. Sa enpòtan. Men, nan anpil ka, pi bon bagay nou ka fè pou yon fi ki gen tranche se pa fè anyen! Yon fi ki an sante gen anpil chans pou l byen akouche yon bebe ki an sante. Pifò akouchman pase byen.
Lè w fè yon pwosedi ki pa nesesè, sa ka lakòz pwoblèm grav. Respekte pwosesis natirèl akouchman an. Lè tout bagay prale byen, jis gade epi ret tann.
Konnen ki lè pou w chèche èd
Kèlkeswa jan w abil, ap toujou gendelè w ap bezwen èd. Yon kapasite enpòtan ou bezwen genyen se konnen ki lè pou w chèche konsèy medikal, konnen ki lè pou w chèche èd yon lòt fanmsaj, epi konnen ki lè pou w voye yon fi kot yon doktè oubyen lopital.
Li ka difisil pou w konnen ki lè pou w chèche èd medikal. Souvan, lopital oswa sant sante yo koute chè oswa yo lwen. Anpil fi konn pè yo. Yon fi ki gen yon ti pwoblèm ka prefere ret lakay li. Li ka pa vle al nan yon sant sante si se pa nesesè. Sepandan, si l ret lakay li san l pa jwenn èd, pwoblèm nan ka vin pi grav.
Si yon fi gen yon pwoblèm tankou emoraji, enfeksyon, oswa pre-eklanmsi, pa pran reta, chèche èd medikal tousuit. Tank ou ale pi bonè, se tank li gen plis chans pou l refè. Gendè fwa w oblije fè prese, gendè fwa w pa oblije fè prese. Pa egzanp, si tranche a long epi w lwen lopital la, ou dwe kòmanse vwayaj la byen bonè, anvan pwoblèm nan twò grav. Men si lopital la toupre w, ou ka tann plis tan anvan w ale.
Konnen ki lè pou w aji lakay
Fanmsaj ki travay lwen lopital pafwa oblije fè yon tretman li t ap pi bon si l te fèt nan yon sant medikal oswa yon lopital. Li oblije fè l paske fi a bezwen tretman an tousuit. Pa egzanp, si yon fi nan yon bouk andeyò fè kriz eklanmsi, fanmsaj la dwe ba li silfat magnezyòm (“magnesium sulfate”), yon medikaman ki pa toujou bon pou bay lakay. Apre sa, fanmsaj la dwe mennen fi a nan yon sant medikal tousuit paske ni kriz la ni silfat magnezyòm nan danjere anpil.