Hesperian Health Guides

Latrin pou lasante (pwòpte)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Li enpòtan anpil pou nou kenbe kò nou, kay nou ak kote nap viv la pwòp. Pou katye nou ka pwòp, se pou moun sèvi ak latrin ki pwòp e byen fèt, pou nou ka jwenn ase dlo potab, epi pou nou gen kote pou moun ka boule fatra oubyen jete yo nan twou. (Al gade nan Fatra, fatra lopital, ak polisyon (chapit sa a poko ekri).) Si moun manke pwòpte, sa kapab lakòz anpil maladi epi menm lamò.

 Gason ak fanm, jennmoun ak vye granmoun, timoun, yon moun ki mache ak beki, yo tout ap mete lide yo ansanm

Anvan nou mete yon pwojè sou pye nan kominote a, chache konnen byen ki sa moun yo vrèman bezwen, ak ki sa ki pi gwo pwoblèm yo genyen. Epi ede yo regle pwoblèm sa yo. Si yo manke lajan, si yo manke dlo, yo mal pou yo pwòpte katye a.

Espesyalis ka vin ofri plizyè mwayen pou regle pwoblèm, tankou watè ijenik, osinon gwo aparèy pou trete dlo sal. Gen de peyi kote sa ka mache, men sa pa vle di sa va mache nan kominote pa nou. Sa pa vle di nonplis ke moun nan zòn nan va dakò pou yo sèvi ak yo. Se pou nou koute sa moun gen pou di nou, pou nou chache byen konnen kominote kote nap viv la. Yon ajan sante, ki grandi nan mitan pèp la, kapab konprann plis pase yon epesyalis sou vrè pwoblèm kominote a genyen. Konsa, espesyalis ak ajan sante yo dwe mete tèt yo ansanm pou yo rezoud pwoblèm yo.

Pa neglije sa fanm ap di, lè nou chache konnen ki sa kominote a bezwen, ak ki sa nou ka fè pou jwenn sa nou bezwen. Se fanm ki okipe pitit ak kay. Yo ka rekonèt pwoblèm pwòpte pi byen pase gason. Lè tout moun rive fè tèt ansanm pou yo tout mete men nan travay la, se lè sa a atò, yo va jwenn solisyon pou gwo pwoblèm yo.

Sèvi ak latrin (komòd, twalèt, watè)

Watè moun ka chaje ak mikwòb, vè ak ze vè. Si moun ak bèt ka pile watè a, konsa, dlo nou ap bwè, manje nou, ak tè a vin kontamine. Sa fè moun soufri anba dyare ak lòt maladi grav. Si nou sèvi ak latrin, mikwòb ki nan watè a pa ka kontamine katye a. Sa va anpeche anpil maladi vin sou nou.

 Yon fanm kap lave men li nan dlo tiyo, ki toupre latrin nan

Se pa sèlman pwoblèm pwòpte ki fè nou monte epi sèvi ak latrin. Men sa moun vle an plis :

  • Yon kote prive : Fouye yon twou byen fon pou fè yon latrin senp. Men moun renmen yon kote prive. Konsa yo ta renmen si nou mete yon ti kay sou twou a, ak yon pòt osinon rido devan l. Nou ka fè ti kay la ak materyo nou gen sou lanmen. Osinon nou ka fè l ak siman.
  • Sekirite : Se pou nou byen bati latrin, epi poze yo kote moun ka sèvi ak yo nan tout sekirite. Moun pap antre kote yo pè tonbe nan twou a. Epitou, si latrin nan twò lwen, osinon si li yon kote ki pa pre moun, fanm ka pè ale la. Konsa yo ka pap sèvi avè l.
  • Konfò : Moun pi fasil sèvi ak latrin si li genyen bon kote pou yo ka chita osinon chita akoupi. Ti kay la dwe ase gwo pou moun ka kanpe ladan l. Li bon pou n mete latrin nan pa twò lwen kay la, kote lapli ak gwo van pa fasil ka bat moun.
  • Pwòpte : Pèsòn pa vle sèvi ak yon latrin ki sal, osinon ki santi fò. Epitou, fòk latrin nan pwòp pou mikwòb pa gaye ladan l. Li ta bon pou moun mete men yo ansanm pou yo okipe latrin yo, epi kenbe yo pwòp.
  • Respè : Moun va respekte mèt kay la ki gen yon latrin ki byen fèt, ki byen pwòp. Sa ka ankouraje moun pou yo depanse lajan, ak fè jefò pou yo monte latrin.

Ki kote pou nou mete yon latrin

Lè nap deside ki kote pou n mete yon latrin, fòk nou pa mete l kote li ka kontamine dlo, tankou bò larivyè, bò pi dlo, osinon bò sous dlo. Fòk gen 20 mèt distans pou pi piti ant latrin nan ak kote moun pran dlo.

Fè atansyon pou latrin nan pa kontamine dlo ki anba tè a. Dlo a pa koule nan menm nivo tout kote. Li ka fon, li ka pa twò fon. Salte ka rive kontamine dlo a. Sa depann de kalite tè ki nan zòn nan, kantite lapli ki tonbe, ak nan ki nivo dlo anba tè a ap koule. Sonje byen, nivo dlo a va pi wo anpil nan tan lapli pase nan tan sèk. Men règ nou dwe swiv :

  • Fòk fòs la 2.5 mèt pi wo pase dlo anba tè a.
  • Lè nou fouye twou a, si tè a vin byen mouye, osinon si dlo antre nan fòs la, se pa yon bon kote pou n mete yon latrin. Mikwòb ki nan watè moun va kontamine dlo ki anba tè a.
  • Pa fè latrin kote ki konn gen inondasyon.
  • Kote fòs pou latrin ka kontamine dlo ki anba tè a, chache wè si nou ka fè yon latrin ki anwo tè a. Si nou oblije fouye fòs la kote sa ka kontamine dlo anba tè a, mete latrin nan sou anba kote nou pran dlo. Konsa salte a va koule desann, olye pou li rive kote nou pran dlo.
Pi dlo a ase fon pou li rive jis dlo anba tè a. Fòs latrin nan pa si fon; li byen anwo dlo ki anba tè a
Dlo anba tè a se dlo lapli ki desann vin koule anba tè a. Lè nou fè latrin, fè atansyon pou pa fouye fòs la twò fon, pou li pa vin kontamine dlo anba tè a.

Kèk kalite latrin

Genyen plizyè kalite latrin (komòd, watè). Pa gen yon sèl ki bon pou tout moun nan tout katye. Lè nap deside ki kalite latrin pou nou fè, reflechi byen. Ki moun ki va sèvi avè l, epi ki sa yo bezwen ? Ki kote nou va jwenn plas pou mete l ? Mande tèt nou si fanmi an vle fè yon latrin ki fè fimye. Yo va oblije okipe l. Si non, li ka pi bon pou fè yon latrin ak fòs.

Pa gen yon sèl kalite latrin ki pi bon pase tout lòt. Chak gen pwoblèm pa l. Men genyen 3 kalite latrin nou jwenn nan chapit sa a. Yo tout sèvi pou kenbe katye a pwòp, epi yo anpeche maladi yo gaye. Yo pa fè anpil dega, ni nan zòn nan, ni pou moun.

Latrin sa yo pa sèvi ak dlo. Se paske pifò watè ijenik pa rezoud pwoblèm watè ak mikwòb. Tout sa yo fè, yo deplase pwoblèm lan, voye l yon lòt kote. Yo pa rann watè moun pwòp. Epi yo kontamine anpil dlo. (Al gade anba.) Men si yon moun sèvi ak dlo pou lave li menm lè l sot watè, gen bon latrin nou ka bati. Pa egzanp, gen youn kote moun vide dlo nan latrin nan.

NWTND was Page 10-1.png

Latrin ak fòs fèmen

Yon latrin ak fòs fèmen gen yon platfòm, yon bouch, ak yon kouvèti sou bouch la. Nou ka fè platfòm nan ak siman, nan planch bwa, osinon nan bich bwa ki kouvri ak tè. Yon platfòm siman pi bon, paske li pa kite dlo antre. Li fasil pou nou kenbe li pwòp, sa ki anpeche pwoblèm ijyen. Pou ni platfòm nan ni fòs la pa efondre (tonbe nan twou a), se pou nou fè yon doubli, osinon yon travès siman ki gen fòm kare oubyen fòm won. Al gade nan paj ki vin apre a.

Pandan nap fè beton an, mete yon tiyo ki soti nan tèt kay la, pou degaje sant lan anlè, e pou anpeche mouch antre.

Yon latrin ak fòs fèmen, ak pwofondè 2 mèt, ka sèvi yon fanmi 5 moun pandan 5 an.

Genyen yon pwoblèm ; lè latrin nan plen, nou pa ka sèvi avè l ankò. Men, nou ka byen sèvi ak watè ki nan fòs la. Wete ti kay la ki sou li, epi plante yon pye bwa kote fòs la te ye a. Men fòk fòs la pa gen doubli. Osinon, nou ka fè ti chanjman nan fason nap okipe latrin nan. Konsa nou ka fè fimye ak watè nan yon latrin ki gen doubli. Aprann ki jan pou fè yon latrin ki fè fimye.

Ki jan pou nou fè yon latrin ak fòs fèmen

 De gason kap sèvi ak wòch pou ranfòse yon fòs
 De gason kap fè yon platfòm anwo fòs la
  1. Mete l kote moun ka fasil pase sèvi avè l, epi kote latrin nan pap kontamine ni dlo anba tè ni okenn kote moun al pran dlo.
  2. Fouye yon twou ki gen lajè ki pa depase yon mèt, ak pwofondè pou pi piti 2 mèt. Si gen anpil sab nan tè a, nou ka double fòs la ak doum vid, anpile youn sou lòt, osinon ak brik fèt ak siman. Konsa fòs la pap efondre.
  3. Double pati anwo nan fòs la ak bich bwa, wòch, brik, ak yon travès siman ki gen fòm kare oubyen won, oubyen ak lòt materyo, pou soutni platfòm nan. Konsa fòs la pap efondre.
  4. Fè yon platfòm, epi fè yon ti kay pou kouvri fòs la. Nou ka fè platfòm nan ak siman, nan bich bwa, oubyen nan banbou ak labou. Si nou fè platfòm nan ak bwa, fòk nou sèvi ak bwa ki pa pouri fasil.

Ki jan pou nou fè yon platfòm siman ak yon travès siman

Yon platfòm siman, ak yon travès siman ki byen fèt, pap fasil efondre (tonbe nan twou a). Epitou, nou ka pi fasil kenbe latrin nan pwòp.

Yon sak siman 50 kilo ase pou fè 2 platfòm ak 2 travès. Li pi fasil pou fè toulede nan menm tan. Fòk genyen kèk moso fè, brik, ak planch bwa pou fè yon moul, ak yon bout bwa ki koupe an twou seri pou fè twou a nan platfòm nan. Imaj anba yo montre nou kòman pou nou fè yon platfòm ak yon travès ki gen fòm kare, men yo ka gen fòm won tou.


1. Mete yon moso plastik atè a, osinon kèk sak siman vid, yon kote ki byen nivo. Anwo sa a, fè yon moul ak brik oubyen bwa.
Platfòm latrin Travès
 Yon moul ki pou fè yon platfòm
 Yon moul ki pou fè travès ki va anba platfòm lan
Fè platfòm lan longè 120 santimèt, lajè 90 santimèt, ak pwofondè 6 santimèt. Mete moul ‘twou seri’, osinon kèk brik, nan mitan, pou fè twou latrin nan. Fè travès la longè 130 santimèt, lajè 1 mèt sou deyo travès la, ak longè 1 mèt, lajè 70 santimèt sou andan travès la.
2. Brase siman an. Pou chak pèl siman, mete 2 pèl gravye, 3 pèl sab, ak dlo. Vide siman an nan moul la jis li rive mwatye plen.
 Gason an kap mete siman nan moul platfòm lan
 Lap mete siman nan moul travès la
3. Mete ti bout fè, gwosè 3 milimèt, sou siman ki mouye ki poko pran.
 Flèch yo montre nou ki kote pou mete manch nan siman an ki pou fè platfòm lan
Fè manch ak ti bout fè, gwosè 8 a 10 milimèt. Mete yo nan siman an tou pre kwen yo nan platfòm lan.
Mete 4 rive 6 ti bout fè nan chak direksyon nan platfòm lan, pou mare tout ansanm.
 Flèch la montre nou ki kote pou mete moso fè nan siman an, ki pou fè travès la.
Mete ti bout fè nan beton an sou chak kote travès la, pou mare tout ansanm
4. Vide rès siman an nan moul la. Fè l byen nivo ak yon blòk bwa.
 Yap mete siman an nan moul, epi yap fè l byen nivo
 Yap mete siman an pou fè travès la. Yap fè l byen nivo
5. Wete moul ‘twou seri a’ kou siman an kòmanse pran, (apre yon 3 zèdtan konsa). Si nou te sèvi ak brik pou fè twou a, wete brik yo. Fè twou a nan fòm yon ‘twou seri’.
6. Kouvri siman an ak sak siman ki mouye, twal ki mouye, osinon yon moso plastik. Wouze l kèk fwa chak jou pou l rete mouye pandan 7 jou. Konsa siman an va seche lantman, epi li va pi solid.
 Yon gason ak yon fanm kap pote yon travès ki fin pran
7. Lè siman an fin pran, pote travès la kote nou va monte latrin nan. Fè tè a nivo, mete travès la atè. Fouye fòs la nan mitan travès la. Plati tè a byen ozalantou travès la pou l rete an plas. Answit, mete platfòm lan sou fòs la.
8. Fè yon kouvèti pou bouch la. Nou ka fè l ak siman osinon yon bout planch. Nou fè l ak yon manch, osinon nou ka deplase l ak pye nou. Konsa nou pap sal men nou.
 Twa fanm kap pote yon ti kay pou yon latrin ; yo monte l sou yon nouvo fòs

Latrin ki pou fè fimye

Yon latrin ki pou fè fimye se youn ki sere watè moun jis li fin dekonpoze epi tounen fimye. Melanj watè a va chofe. Avèk tan, chalè sa a va touye tout mikwòb maladi, menm ze vè won, ki pa fasil mouri. Lide bati latrin ki fè fimye ka parèt etranj. Men, lè travay la byen fèt, pa gen danje ladan l. Epitou, se de bon bagay ki rive : nap debarase nou ak watè moun, epi nap anrichi tè jaden nou.

Fouye yon fos, profondè 1 mèt, ak lajè yon ti kras pi piti pase yon mèt. Double fòs la. Fè yon travès ak yon platfòm, menm jan ak sa nou fè pou lòt latrin yo. Fè ti kay sou li, men fòk nou ka deplase ti kay la.

Ki jan pou n sèvi osinon pou n okipe yon latrin ki pou fè fimye

  • Anvan moun sèvi avè l, mete pay, osinon fèy sèch, nan fòs la. Sa va ede watè a dekonpoze.
  • Ajoute yon ponyen tè ki melanje ak sann dife, osinon fèy sèch, chak fwa moun sèvi avè l. Sa va desann sant lan, epi fè watè a dekonpoze.
  • Pa mete ni plastik, ni fè blan, ni lòt fatra nan fòs la.
  • Bale epi lave platfòm lan souvan. Fè atansyon pou n pa kite twòp dlo koule nan fòs la, ni pwodui chimik.
  • Lè fòs la prèske plen, wete ti kay la, platfòm lan, ak travès la. (Yon fanmi 5 moun ka sèvi ak yon latrin konsa, pwofondè 1 mèt, pandan yon ane konsa.)
  • Plen fòs la ak 15 santimèt tè, melanje ak materyo plant. Kite melanj la poze pandan kèk senmenn.
  • Ajoute ti tè an plis, materyo plant ak dlo. Plante yon pyebwa. Pyebwa ki fè fwi ap pouse byen ; yo va fè fwi anpil. Nou ka manje li nan tout sekirite.

 Yon fanm kap plante yon ti pye bwa kote fòs la, epi kote twa pye fwi ki pi gran

  • Osinon, nou ka fouye fimye a mete l angrese lòt pye bwa ak jaden yo. Men fè atansyon pou watè a fin dekonpoze nèt ale. Rete tann tout yon ane anvan nou sèvi avè l. Epi fòk li tounen tè rapò, fòk li pa santi fò ankò.
  • Deplase ti kay la, platfòm lan ak travès la. Fouye yon twou. Epi fè l ankò.

Latrin ki pou fè fimye, kote ki pa gen anpil tè

Latrin sa a ka sèvi kote moun viv tou pre youn ak lòt, epi kote ki pa gen anpil espas pou yo monte latrin ak fòs. Nou ka menm monte yo anndan kay la. Si nou pran swen li jan nou dwe a, epi si nou kenbe l pwòp, li pa dwe santi fò.

Nan latrin sa a, fòk nou separe pipi ak watè. Watè a va seche epi tounen fimye pi vit. Epitou, sa va fè l pa santi twò fò.

  1. Fè yon bwat ak planch bwa, ase gwo pou nou ka mete yon bokit 5 galon ladan l.
  2. NWTND was Page 14-1.png

  3. Nan bwat la, mete yon aparèy pou ranmase pipi. Petèt nou ka achte youn. Osinon nou ka fè youn ak yon boutèy an plastik. Koupe pou wete yon kote nan fon boutèy la. Fikse l sou devan anndan bwat la.
  4. Fikse yon bout tiyo sou bouch boutèy la osinon sou aparèy pou ranmase pipi. Mete lòt bout tiyo a nan yon boutèy kote pipi a va koule.
  5. Anba kote moun chita a, mete yon bokit 5 galon pou ranmase watè.
 Yon latrin ki fèt ak yon bwat an bwa.
 Gen yon bokit anba kote moun chita a, ak yon po pou ranmase pipi

Ki jan pou nou sèvi ak okipe latrin sa a

Se konsekan anpil pou tout moun ki sèvi ak latrin sa a, pou yo konnen ki jan pou yo fè l kòrèkteman.

  • Anvan moun sèvi avè l, mete yon ti pay nan bokit la. Sa va ede nou kenbe l pwòp.
  • Ajoute yon ponyen tè ki melanje ak sann dife osinon fèy sech, chak fwa moun sèvi avè l. Sa fè l pa santi two fò, epi sa ede watè a dekonpoze. Pa mete fatra ladan l, tankou plastik osinon fè blan. Pa kite dlo ak pipi antre nan bokit la. Si watè ki anndan bokit la twò mouye, ajoute yon ti tè osinon sann dife.
  • Pipi va koule nan tiyo a desann nan po a. Moun ka melanje pipi ak dlo pou fè angrè. Mete yon mezi pipi ak 3 mezi dlo. Wouze plant ak dlo sa a jis 3 fwa chak senmenn. Oubyen, vide l atè yon kote ki pa pre kay moun.
 Yon gason kap vide watè nan yon doum
  • Lè bokit la plen watè, (nan 15 jou konsa pou yon fami 5 moun) vide li nan yon doum ki gen kouvèti. Se la pou yo sere li. Lè doum la plen, kite li la pandan tout yon ane (anba solèy si nou kapab), jis watè a tounen fimye. Lè ane a fin pase, yo ka mete fimye a nan jaden yo, ak nan ti jaden ki plante nan po. Yon fanmi ka bezwen kèk doum pou yo sere tout watè.
  • Chak fwa nou vide bokit la, lave l avèk dlo e yon ti klowòks, pou touye mikwòb.
  • Pou l pa santi fò, mete kouvèti a sou bwat la, lè li pa sèvi.

Moun oblije fè ti jefò pou yo okipe yon latrin ki pou fè fimye. Men alafen, si moun fè travay la kòrèkteman, se yon bon fason pou yo boule ak watè. Menm si yo pa jwenn tè pou yo ka monte latrin ak fòs, yo ka fè watè tounen bon angrè.

Tout moun nan kominote a dwe kapab sèvi ak latrin

Pale ak tout moun ki va sèvi ak latrin yo. Mande yo ki jan nou ka fè pi bon latrin, pou tout moun ka byen sèvi ak yo. Imaj sa a montre nou ki jan pou ranje yon latrin pou moun ki nan chèz woulan ka sèvi avè l.

 Yon fanm ki nan chèz woulan nan yon latrin yo te ranje pou li
Ti kay la ase gwo pou chèz woulan an ka antre
Ti sonèt, osinon lòt bagay ki pou fè bri, si moun nan vle rele èd
Api chèz pou moun ki kokobe ka chita pi asire
Ranp pou ede l kite chèz woulan an pase sou latrin nan
Chèz woulan an ak chèz latrin nan sou menm wotè
Pòt ase laj ki louvri sou deyò
Manch pòt la ak yon kòd pou rale fèmen pòt la
Ti chemen aplani sot nan kay la pou rive nan latrin nan, fasil pou travèse
Sonje byen, yon moun ki kokobe tankou tout lòt moun, li renmen yon kote prive, epi nou dwe ede li jwenn entimite li bezwen.