Hesperian Health Guides

Dlo ak pwòpte : Pou konnen ki jan pou nou rete an sante

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Evite miyò pase mande padon. Nou ka fasil regle anpil pwoblèm ki fè moun malad. Si nou vle anpeche maladi vin sou nou, sa ka oblije nou depanse lajan. Fòk nou fè jefò pou regle pwoblèm sa yo. Men alafen, nap menaje lajan nou, paske moun pa fasil tonbe malad ankò.

Nan chapit sa a, yo di nou ki jan pou nou evite gen dyare ak lòt maladi ki sot nan mikwòb, ki nan watè moun ak bèt. Men sa ki enpòtan pou nou ka evite pifò dyare ak maladi vant : lave men nou souvan, prepare manje epi sere l yon fason pou li pa gate, sèvi ak latrin, epi bwè dlo pirifye.

  • Malnitrisyon, dyabèt (maladi sik), maladi kè, ak lòt pwoblèm malmanje kap bay la ; al gade nan Byen manje bay bon sante.
  • Nemoni, tibèkiloz (maladi pwatrin), epi lòt pwoblèm souf ; al gade nan Pwoblèm respirasyon ak touse (chapit sa a poko ekri).
  • Pwoblèm lasante fatra kap bay. Al gade nan Fatra, fatra lopital, ak Polisyon (chapit sa a poko ekri).
  • Malarya, lafyèv deng ak lòt maladi marengwen kap bay.

Ki jan moun trape maladi dyare

Mikwòb ki bay maladi sa yo soti nan watè moun malad, pou yo pase antre nan bouch lòt moun. Men tras yo swiv :

 arrows showing path of germs from feces to mouth
dwèt
mouch
jaden
watè
manje
bouch
dlo

Mikwòb konn soti sou yon moun al sou yon lòt. Sa rive fasil nan yon fanmi. Tout moun ansanm nan menm kay la ; yon moun ki malad ka pase mikwòb la dirèk bay yon lòt moun maladi a.

 Yon chen ki kanpe nan dlo
 Yon timoun kap met men li sou chen an.
IManman an ki akoupi akote pitit li.
1. Gwo lapli ki fè debòde yon rigòl. Yon chen ki mache nan rigòl la. Pye li pran nan watè a.
2. Chen an antre nan kay la. Yon timoun jwe avè l. Ti kras kaka vin kole nan men li.
3. Pita, pitit la pran kriye. Manman an konsole l. Pitit la manyen rad manman an; li sal rad li.
Men yon moun kap prepare pen.
yon gason, yon fanm, ak 2 timoun ki gen lè malad
4. Manman an ap degaje l fè manje. Li sèvi ak rad li ki tou sal la pou l pa boule men li sou chodyè a.
5. Fanmi li pran manje. Apre yon ti tan, tout fanmi an ap soufri ak dyare.

Ki sa ki te ka anpeche fanmi an tonbe malad

Si yo te swiv yon sèl pwen nan sa yo ki ekri anba, sa ta ase pou fanmi an pa tonbe malad.

  • Si katye a pa te gen rigòl kote dlo sal ap koule.
  • Si yo pa te kite chen an antre nan kay la.
  • Si yon moun nan fanmi an te ede pitit la lave men li.
  • Si pitit la pa te siye men li sou rad manman l.