Hesperian Health Guides

Dlo ak sante

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

 woman carrying an infant, a bag, and a water jug

Dlo se lavi. Moun bezwen dlo, menm jan ak tout zannimo e plant. Nan zòn kote yo manke dlo, gen anpil pwoblèm sante ki rive.

  • San dlo, jaden yo pa bay bon rannman. Sa bay malnitrisyon ak anpil lòt pwoblèm sante.
  • Si moun pa gen ase dlo pou yo benyen dri, yo ka trape enfeksyon je ak po. Lòt maladi gaye pi vit lè moun manke pwòpte kò a.
  • Moun ki al nan dlo, pi souvan fanm ak timoun, yo fatige kò yo anpil ak tout travay bwote dlo. Konsa yo pa jwenn okazyon pou yo al lekòl, fè travay lakay, osinon pran pa nan aktivite kominote a.

Dlo potab

Plis pase nenpòt vye dlo, moun bezwen dlo potab, ki pa gen ni mikwòb maladi ladan l, ni pwodui chimik ki yon danje pou lasante. Men pwoblèm dlo kontamine ka bay :

NWTND was Page 17-1.png
  • Lajonis A, lafyèv tifoyid, ak lòt maladi ki grav, ki ka pote moun ale.
  • Dyare, ki fè moun manke dlo, epi ki ka touye anpil moun, sitou timoun.
  • Enfeksyon tankou chistosomyas (maladi peyi cho, maladi yon kalite vè kap bay), ki bay anemi (manke san) ak malnitrisyon.


Genyen plizyè fason pou n pirifye dlo. Nou va jwenn esplikasyon yo sou pwochen paj yo. An plis, kominote a dwe degaje yo pou yo jwenn ase dlo, epi pou dlo sa a pa vin kontamine.

Si gen ase dlo potab, timoun va rete an pi bon sante, epi yap soufri mwen souvan anba dyare.


Ki kote pou nou pran dlo

Moun dwe pran dlo kote li pi pwòp. Lè moun oblije pran dlo nan larivyè, se pou yo monte piwo pase kote dlo ka kontamine. Men kote moun dwe evite pran dlo :

 De jaden ak yon bouk bò larivyè a. Gen yon bèf kap fè poupou, gen fatra, epi gen yon moun kap lave rad li.
kote yo mete angrè chimik nan tè a lè yo plante, osinon kote yo sèvi ak pestisid (pwazon pou touye ti bèt)
kote moun ak zannimo watè
kote moun konn benyen osinon lave asyèt ak rad
kote moun jete fatra, lesans, luil, osinon nenpòt sa ki sal (polisyon)


Ki jan pou nou ranmase dlo lapli

 Yo sèvi ak bout banbou fikse sou tèt kay la pou ranmase dlo lapli

Nou ka fasil ranmase dlo ki koule nan tèt kay la. Nou ka mete yon doum osinon yon bokit pou trape dlo. Kay tòl pi bon pou sa. Fòk nou pirifye dlo a pou rann li potab (al gade nan paj ki vini an). Ka genyen mikwòb ak salte sou tèt kay la, kaka zwazo oubyen kaka lòt zannimo. Tèt kay ki fèt ak plon, asbès, osinon ak goudron, yo genyen pwodui chimik ladan yo. Se pwazon yo ye. Moun pa dwe bwè dlo yo ranmase nan tèt kay sa yo. Fè atansyon pou doum nan pwòp, epi pou li pat janm sèvi pou sere pwodui chimik tankou luil ak pwazon ki pou touye ti bèt (pestisid ).

Ki jan pou nou touye mikwòb nan dlo (pirifye dlo)

Lè nou pirifye dlo anvan nou bwè li, se youn nan pi bon mwayen pou nou evite dyare ak lòt maladi vin sou nou. Nenpòt kote nou jwenn dlo, si dlo sa a gen mikwòb ladann, se pou nou pirifye li. Dlo a ka parèt tou klè, li mèt dlo tiyo, dlo basen, dlo sitèn, oubyen dlo pi. Men sa pa vle di li pa kontamine. Sa pa vle di nou pa bezwen pirifye li.

Lè nap deside ki jan pou nou pirifye dlo, kalkile sou kantite dlo nou bezwen, ki sa ki kontamine li, epi ki mwayen nou gen sou lanmen. Tablo ki anba a ka ede nou deside, si nou konnen ki pwoblèm ki pi kouran nan katye a. Se pa menm metòd la nou chwazi toutan ; sa depann de sezon an ak kote nou ye a. Pa egzanp, lakay, nou ka gen filtè. Nan jaden, nou ka sèvi ak limye solèy osinon ji sitwon.

Pwoblèm Filtè dlo Ki jan nou ka pirifye dlo
Filtè twal Filtè chabon Bouyi Klowòks Solèy Ji sitwon
Viris (tankou lajonis A ak lafyèv tifoyid)
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
Bakteri nan trip, (chigela, e koli)
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
Amib
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
Gyadya
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
Kriptosporidi
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
Kolera
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
NWTND was Page 19-1.png
Tablo sa a di nou ki tretman ki ka touye tèl mikwòb ak tèl parazit nan dlo nap sèvi. Kote nou wè desen ti gout nan tablo a, sa vle di li bon pou touye mikwòb konsa.

Si nan zòn pa nou genyen plis pase yon sèl maladi nan dlo (sa rive souvan), li ka pi bon pou nou fè de kalite tretman: filtre ak dezenfekte.

Ki jan pou nou filtre dlo

Genyen plizyè fason pou n filtre dlo pou rann li pi pwòp. Anba, yo esplike ki jan pou fè yon filtè ak twal epi yon filtè ak chabon. Genyen lòt kalite filtè, filtè sab, epi filtè seramik.

Si dlo a twoub, an premye, kite dlo a chita pandan kèk èdtan. Sa va pèmèt salte, materyo solid, ak parazit fè fon (desann anba) nan boutèy la osinon nan bokit la. Fè dlo klè a pase nan filtè a. Eseye pa twouble salte ki nan fon bokit la. Lè fini, byen lave bokit la.

Filtè twal

Nan peyi Bangladesh (Bangladèch) ak nan peyi Inde (Enn), moun sèvi ak yon filtè fèt ak twal fen, pou yo wete mikwòb kolera ki nan dlo a. Mikwòb kolera kole kò yo nan yon kalite limas, ti bèt ki viv nan dlo. Lè yo filtre limas yo, yo filtre pifò mikwòb kolera. Nou ka fè yon filtè twal ak mouchwa, len, osinon lòt twal ki pou fè rad. Twal ki sèvi deja pi bon pase twal tou nèf, paske vye twal la gen yon kantite ti espas pi piti. Sa fè filtè a mache pi byen.

De fanm kap pase dlo nan filtè fèt ak twal ; yap vide l nan yon kannari
  1. Kite dlo a chita pou materyo solid fè fon nan bokit la.
  2. Pliye twal la an kat. Mete l osinon mare l sou yon bokit, osinon yon kannari.
  3. Vide dlo ki nan bokit la nan dezyèm bokit la; fè l dousman. Toujou sèvi ak menm kote twal la anwo, pou mikwòb ki pran nan twal la pa antre nan dlo a.
  4. Lè nou fin sèvi ak twal la, lave l epi bay li solèy. Sa va touye mikwòb ki rete nan twal la. Nan lapli, sèvi ak klowòks pou touye mikwòb yo.

Filtè fèt ak chabon

Pou fabrike yon filtè ak chabon, nou bezwen de (2) bokit pwòp (bokit metal osinon plastik), yon mato, youn osinon de gwo klou, yon bokit sab gwosye, ak yon ka bokit chabon bwa.

  1. Avèk mato e klou a, fè kèk twou nan fon yon bokit. Lave bokit la. Bokit sa a se bokit filtè li ye.
  2. Lave sab la. Rense l jis dlo a koule klè.
  3. Mete yon kouch sab ki lave a nan bokit filtè la, pwofondè 3 santimèt. Vide dlo sou li. Dlo a dwe koule nan twou yo. Si dlo a pa koule, fè twou yo pi gwo. Si sab la koule, twou yo twò gwo. Si sa rive, wete sab la, kouvri twou yo ak yon twal fen. Remete sab la.
  4. Kraze chabon an fè ti moso. Chabon aktif pi bon, men chabon bwa ka sèvi. Pa janm sèvi ak chabon an brikèt (soti etranje); se pwazon yo ye.
  5. Mete yon kouch chabon sou sab la, pwofòndè 8 santimèt. Answit, plen bokit la ak sab ki lave a jis 10 santimèt anba rebo bokit la.
  6. Mete de bout bwa sou lòt bokit la. Mete bokit filtè a sou bwa sa yo. Vide dlo pwòp nan bokit filtè a. Lè dlo a koule sot tou klè anba a, nan dezyèm bokit la, filtè a prèt pou li sèvi.
     Yap vide dlo nan yon filtè fèt ak chabon
    Bokit filtè
    10 santimèt espas vide
    Sab
    8 santimèt chabon
    5 santimèt sab
    Bout bwa pou nou poze bokit sou yo
    Bokit pou ranmase dlo pwòp
  7. Kite dlo a chita, pou salte a fè fon nan bokit la, anvan nou vide l nan filtè a.

Mikwòb ki pran nan chabon an va pouse la. Se poutèt sa, fòk nou wete chabon an, epi netwaye l chak de twa senmenn, si nou sèvi avè l chak jou. Si nou kite l chita pandan kèk jou, fòk nou netwaye l anvan nou sèvi avè l ankò. Pou netwaye chabon an, wete l nan filtè a. Vide dlo sou li jis dlo a koule vit. Bay chabon an gwo solèy, si nou kapab. Answit, remete li nan filtè a.

Lè nou fin filtre dlo, li pi bon ankò si nou boule l, ajoute klowòks, osinon bay li solèy.

Ki jan pou nou touye mikwòb nan dlo (pirifye dlo)

Bouyi dlo

NWTND was Page 23-1.png
Lè nou bouyi dlo pandan yon minit, sa touye tout mikwòb maladi. Lè sa a, dlo a potab.

Mete dlo a bouyi. Bouyi l fò pandan tout yon minit. Desann li, kite l refwadi. Nan mòn byen wo, nou dwe bouyi l pandan 3 minit.

Dlo bouyi ka fad, sitou si nou bouyi l sou yon dife bwa. Si nou pa renmen gou a, vide dlo a nan yon boutèy, souke l byen. Sa va melanje lè ak dlo a, epi li va bon nan bouch.

Si nou bouyi dlo lè nou fin fè manje, anvan dife a etenn, konsa nou ka menaje bwa dife.

Klowòks

Kantite klowòks ki pou pirifye dlo a, se selon kantite mikwòb ki nan dlo a. Plis gen mikwòb, plis klowòks nou bezwen ajoute pou touye yo. Lè kantite klowòks la bon, dlo a va gen yon ti gou ak ti sant klowòks. Sa fè nou konnen dlo a bon. Si gen twòp klowòks ladan l, dlo a va santi. Epi li va gen move gou.

Genyen klowòks 3% (pou san) ; genyen klowòks 5% (pou san). Nan tablo anba a, yo di nou ki jan pou nou pirifye dlo ak klowòks 5%. Sa vle di, solisyon an gen 5 (pou san) sodyòm ipoklorit ladan l. Li etikèt la pou konnen ki solisyon nou genyen. Si se klowòks 3%, se pou nou sèvi ak plis. Si yo ekri sou boutèy la ki jan pou n pirifye dlo, swiv sa yo di a. Pa sèvi ak klowòks ki gen savon osinon pafen ladan l.

Si dlo a twoub, osinon li gen matyè solid ladan l, pase dlo a nan filtè anvan nou ajoute klowòks.

Dlo Ajoute klowòks 5%
Nan 1 liter osinon 1 ka
NWTND was Page 23-2.png
NWTND was Page 23-3.png 2 gout
Nan 1 galon osinon 4 lit
NWTND was Page 23-4.png
NWTND was Page 23-5.png 8 gout
Nan 5 galon osinon 20 lit
NWTND was Page 23-6.png
NWTND was Page 23-7.png ½ (mwatye) ti kiyè
Nan yon doum 200 lit
NWTND was Page 23-8.png
NWTND was Page 23-9.png 5 ti kiyè

Lè nou fin mete bon mezi klowòks nan dlo a, brase li byen. Rete tann 30 minit pou pi piti anvan nou bwè li. Si dlo a pa gen ti sant, ti gou klowòks, ajoute yon lòt mezi klowòks menm jan ak sa nou gen tan mete. Brase li epi rete tann anvan nou bwè li.

NWTND was Page 24-1.png

Solèy

Nou ka sèvi ak gwo solèy pou touye mikwòb. Sa mache pi byen nan peyi cho, paske limyè solèy la pi fò la. Plis nou pwoche bò pòl nò a osinon pòl sid la, plis tan nesesè pou solèy la fè travay li.

Si nou pase dlo nan filtè a an premye, li vin pi klè. Konsa nou ka pirifye l pi vit. Lave yon boutèy plastik, yon boutèy vè, osinon yon sak plastik. Sa ki pi bon se boutèy kola. Plen boutèy la a mwatye, answit souke l pandan 20 segonn. Sa fè lè melanje ak dlo a ki fè nou ka pirifye dlo a pi vit. Plen boutèy la rabò. Mete boutèy la kote ki pa gen lonbraj ak kote ni moun ni bèt ka pase. Tèt kay la bon. Bay boutèy la gwo solèy pandan 6 èdtan pou pi piti. Si syèl la mare, kite l la pandan 2 jou.

 2 mwatye sitwon plen ji ak yon boutèy yon lit
Mete yon grenn sitwon dous osinon sitwon vèt nan chak lit dlo.

Ji sitwon dous ak sitwon vèt

Pran yon lit dlo, epi ajoute ji yon sitwon. Kite l chita pandan 30 minit. Asid ki nan sitwòn an va touye mikwòb kolera ak kèk lòt mikwòb tou. Sa pa mache twò byen, paske anpil mikwòb ka rete nan dlo a. Men kote ki gen kolera, li pi bon pou yo sèvi ak ji sitwon pase pou yo bwè dlo ki pa trete ditou.

Ki jan pou nou sere dlo

Lè nou fin filtre osinon pirifye dlo, fòk nou sere l yon kote ki pwòp. Sinon, li ka fasil vin kontamine ankò. Si gen yon sitèn ak mi fele, li ka pa bon. Konsa tou, si kouvèti veso a osinon kannari a pa byen fèt, oubyen si li pa genyen l ditou, mikwòb ka fasil antre nan dlo a ankò.

Doum ak sitèn ki gen kouvèti pi bon pase sa yo ki pa genyen l. Konsa moustik ak limas pa ka antre viv la. Sere dlo a toupre kote moun va sèvi avè l.

Nou ka sal dlo lè nou mete yon gode ki sal oubyen yon men ki sal nan dlo a, lè nou vide dlo pwòp nan yon veso ki sal, oubyen lè pousyè ak salte tonbe nan dlo a.

Yon bokit dlo ak yon louch ki gen manch long

Ki sa nou dwe fè pou dlo ki filtre pa vin kontamine kote nou sere l:

  • Vide dlo san manyen rebò bokit la. Oubyen sèvi ak yon louch ak manch long pou pran dlo a. Pa kite louch la touche ak okenn lòt bagay, sinon louch la va kontamine dlo a a, lè li sèvi ankò.
  • Vide veso a, epi lave l ak dlo cho chak de twa senmenn.
  • Mete kouvèti sou veso ak kannari yo.
  • Kenbe gode yo pwòp.
  • Pa janm mete dlo nan yon veso ki te sèvi pou pwodui chimik osinon pwazon.
  • Si nou kapab, pa pirifye plis dlo pase sa nou ka sèvi nan de twa jou. Pou prepare manje ak pou bwè, sa fè apeprè 5 lit dlo pa jou pou chak moun.
NWTND was Page 25-2.png Kannari ki gen bouch sere ki anpeche mikwòb antre nan dlo. Yo bon anpil pou sere dlo.

Dlo pou tout moun

Pou tout moun ka rete an sante, fòk yo gen ase dlo potab. Sa vle di, si nou gen dwa jwenn bon sante, nou gen dwa tou jwenn ase bon dlo. Nou ka travay pou nou pwoteje sous dlo nou yo. Nou ka pirifye li pou rann li potab. Men sante moun toujou an danje, si gen pwazon ki antre nan dlo a. Gwo bitasyon, faktori, ak min ka lage pwodui chimik ak pwazon nan dlo.

Fòk gouvènman an ak kominote yo mete tèt yo ansanm pou pwoteje sistèm dlo yo, pou tout pèp la ka jwenn ase dlo potab. Gen de konpayi prive ki di, si yo ta responsab sistèm dlo, yo ta fè travay la miyò pase gouvènman an. An plis, yo ka fè lajan sou sa. Men sa k rive pi souvan : dlo pral koute pi chè. Konsa pèp la pa ka sèvi ak pwòp dlo pa yo. Sa bay gwo pwoblèm sante lè moun menaje dlo twòp. Oubyen yo ranmase vye dlo nenpòt ki kote yo jwenn li, menm si dlo a kontamine ak mikwòb osinon pwodui chimik.

Pou pèp la ak anviwònman an ka rete an sante, fòk gen yon sistèm dlo piblik ki bay tout moun ase dlo potab. Lè se kominote a ki responsab sistèm dlo a, yo pa gen dwa dèyè fè lajan. Li ta pi bon pou yo chache sante pou tout moun nan katye a.