Hesperian Health Guides
Ki jan pou nou manje byen lè nou pa gen anpil lajan osinon anpil tè
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Byen manje bay bon sante > Ki jan pou nou manje byen lè nou pa gen anpil lajan osinon anpil tè
Genyen anpil bagay ki lakòz grangou. Anpil kote sou latè, se yon ti ponyen moun ki gen pifò richès ak tè. Pwoblèm grangou, pwoblèm pa manje byen sa a, pap janm ka fin regle toutotan gen lagè, epidemi maladi (maladi ki tonbe sou anpil moun an menm tan), polisyon (salte nan lè, nan dlo ak nan tè a), toutotan gen sèlman tè mèg kote moun ka plante ti jaden yo, toutotan gouvènman yo pa brase kat yo ki fè moun ap oblije kite kote yo te leve. Lè bagay sa yo va sispann, tout moun ap ka jwenn manje kont vant yo.
Genyen bagay yon moun oubyen yon kominote ka fè pou yo manje pi byen san yo pa depanse twòp. An plis, lè sa a, petèt yo va rive gen fòs pou yo kanpe defann dwa yo.
![]() |
Ki jan pou nou manje plis, epi jwenn pi bon kalite manje
- Achte manje ki bon mache tankou pwa ak sereyal. Yo pi bon kalite manje pase sa ki fèt nan faktori, tankou pen blan, biswit, soup nan bwat, osinon tchaw. An plis, yo pi bon mache.
![]() |
- Moun ki rete andeyò ka ranmase manje tankou chanpiyon, legim, fwi tankou ti grenn bwa. Yo ka chase ti zanimo e ti bèt ak zèl. Sa fè bon kalite manje. An plis, yo pa koute senkòb.
![]() |
- Gade poul ; konsa nap jwenn ze ak vyann pou nou manje. Genyen moun ki fè ti letan pou yo leve pwason.
- Fè jaden. Pran yon gran po, plante yon ti jaden ladan l.
- Achte yon pakèt manje alafwa. Lè nou achte yon ti kantite chak jou, sa ka koute plis pase lè nou achte yon pi gran kantite, ki va sèvi pi lontan. Lè pa gen anpil lajan, petèt fanmi ak vwazen ka fè yon men kontre pou yo achte pi gran kantite manje, epi separe l bay chak moun.
- Pou tibebe ak timoun piti, se lèt manman an, pa lèt nan bwat, ki pi bon manje nou ka jwenn. Lèt manman non sèlman pi bon, men li fè nou fè ekonomi tou.
- Evite gaspiye lajan nan achte sereyal nan bwat, lèt nan bwat (tankou lèt chokola) pou tibebe ak timoun ki pi gran. Li ta pi bon pou nou sèvi ak lèt bèf, lèt kabrit, oubyen pou nou kwit manje a byen epi kraze li fè pire. Yo pi bon mache, epi yo ede nou jwenn pi bon sante pase lèt ak manje nan bwat.
![]() |
- Lè nou kwit pwa, vyann, ak legim, pa jete bouyon an. Li chaje ak fòtifyan. Li ka sèvi pou evite anemi. Nou mèt bwè l, oubyen mete l nan bouyon osinon soup. Epitou, nou ka sèvi ak pi piti kantite dlo, epi kouvri chodyè a, pou pa pèdi fòtifyan yo.
- Lajan nou gen sou lanmen, sèvi avè l pou achte manje. Tafya, tabak, kola, bwason sikre nan bwat osinon nan sache, yo koute yon pakèt lajan, men pa gen okenn nitrisyon ladan yo.