Hesperian Health Guides

Zouti pou kalkile dat yon fi sipoze akouche

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Zouti pou kalkile dat yon fi sipoze akouche

Nan chapit sa:

Zouti senp sa a ka montre w ki lè yon fanm ansent sipoze akouche. Aprann plis sou dat yon fi sipoze akouche.

Fè kopi paj sa a epi kole l sou yon moso katon oswa bristòl. Apre sa, koupe 2 sèk yo mete apa. Mete ti sèk la sou gwo sèk la epi pèsi yo toude nan mitan avèk yon bagay pou yo ka kole ansanm.

Pou itilize sèk la, vire l jiskaske flèch ki di “Dat dènye règ” la sou premye jou fi a te gen dènye règ li a. Lòt flèch la pral di w ki lè bebe a sipoze fèt.


Ht En MW DDC-1-a.png