Hesperian Health Guides
Pwoblèm nan tete
Kontni yo
Ti boul nan tete
IPi fò fanm konn gen ti boul nan tete, sitou ti boul ki mou epi ki plen ak likid (yo rele kis). An jeneral, ti boul sa yo chanje pandan mwa ki separe règ yo. Yo konn sansib, epi yo konn fè fanm nan mal yo peze yo. Pa gen anpil ti boul nan tete ki ka vin bay kansè. Men kòm toujou gen posiblite pou yon fanm fè kansè nan tete, fòk tout fanm ta eseye egzamine tete yo, pou piti yon fwa pa mwa, yon jan pou yo wè si yo gen ti boul nan tete (n ap jwenn ‘siyal avètisman’ yo pi ba a).
Lè pwent tete nou ap fè dlo
An jeneral, lè se yon dlo blanch tankou lèt oubyen yon dlo klè k ap soti nan youn oubyen nan tou 2 pwent tete yon fanm, pa gen danje, si fanm nan pa gen plis pase yon lane depi l t ap ba timoun tete. Men dlo ki gen koulè mawon, vèt oubyen koulè san - sitou si se nan yon sèl pwent tete dlo sa a ap soti – kapab yon siy kansè. Lè n gen yon pwoblèm kon sa, fòk nou kouri al wè yon travayè sante ki ka egzamine tete nou.
Plis enfòmasyon
Enfeksyon nan teteEnfeksyon nan tete
Si, nan tete yon fanm k ap ba timoun tete, gen yon zòn wouj ki cho epi ki sansib anpil, se yon mastit oubyen yon abse dam nan genyen. Maladi sa a pa gen rapò ak kansè epi li ka geri byen fasil. Men si fanm nan p ap ba timoun tete, bagay sa a kapab byen se yon siy kansè.
KANSÈ NAN TETE
An jeneral, kansè nan tete pran anpil tan pou l devlope. Pafwa, maladi sa a ka jwenn gerizon, si depistaj la fèt bonè. Li difisil pou yon moun konnen davans ki fanm ki pral fè kansè nan tete. Yon fanm kapab gen plis chans pou l fè kansè nan tete, si manman l oubyen sè l te soufri ak maladi sa a oubyen tou si manmzèl, li menm, te deja fè kansè nan matris. Nan pi fò ka yo, se fanm ki depase 50 an ki gen kansè nan tete.
Siyal avètisman:
- yon ti boul di nan tete, ki pa fè mal, ki gen douk (sa vle di li pa fin won nèt), ki parèt nan yon sèl tete epi ki rete tennfas anba po a san l pa fè mouvman.
- yon zòn tou wouj oubyen yon zòn ki sansib anpil epi ki derefize geri.
- yon zòn sou tete a kote po a antre andedan oubyen kote po a parèt graj ak yon bann ti twou tankou po zoranj ak po sitwon.
- youn nan pwent tete yo antre
- youn nan pwent tete yo ap fè dlo
- pafwa, yon enflamasyon anba bra ki bay gwo doulè
- doulè nan tete, men sa pa rive souvan.
Si n gen youn oubyen plizyè nan siy sa yo, fò nou al wè yon travayè sante konpetan san pèdi tan.
Depistaj ak tretman kansè nan tete
Si n egzamine tete n regilyè, n ap gen chans pou n wè si gen nenpòt ki kalite chanjman nan tete yo oubyen si gen yon ti boul ki parèt ladan yo. Yon mamogram, sa vle di yon radyografi ki fèt espesyalman pou tete, ka pèmèt yo depiste yon ti boul nan tete pandan l tou piti, pandan l gen mwens danje ladan. Men posiblite pou fanm fè mamogram pa egziste anpil kote epi tès sa a koute chè anpil. Yon lòt bò, mamogram nan pa ka fè w konnen toutbon si ti boul la se kansè.
Se sèl yon byopsi ki ka montre toutbon si yon fanm gen kansè nan tete. Men ki jan yo fè yon byopsi: yon chirijyen sèvi ak yon zegwi oubyen yon bistouri pou l wete tout ti boul la oubyen moso ladan epi li voye l nan yon laboratwa kote y ap wè klè si ti boul sa a se yon kansè.
Si nou te deja fè kansè nan tete epi n dekouvri yon lòt boul nan tete nou, se pou n kouri al wè yon travayè sante, oubyen se pou n gade byen si n pa wè lòt siyal avètisman kansè
Fason tretman an ap fèt ap soti nan repons 2 kesyon sa yo:
Nan ki degre kansè a gen tan makawon? Ki teknik ki egziste kote fanm nan ap viv la? Si ti boul la piti epi si depistaj la fèt bonè, malad la ka jwenn gerizon, lè yo wete ti boul la nan tete l. Men nan kèk ka, doktè ka oblije fè fanm nan operasyon pou wete tout tete a. Pafwa tou, doktè yo konn sèvi ak medikaman, ak tretman reyon. Jouk jounen jodi a, ankenn moun pa konnen ki jan pou n ta anpeche kansè nan tete (prevansyon). Men gen yon bagay ki klè pou nou: si depistaj la ak tretman an fèt bonè, gen plis chans pou yon fanm ki gen kansè nan tete jwenn gerizon. Nan kèk ka, maladi a gen dwa pa janm tounen ankò. Nan kèk lòt ka, kansè a gen dwa reparèt, kèk ane apre. Li ka atake lòt tete a oubyen - sa pa rive souvan -, li gen dwa atake lòt pati nan kò a.