Hesperian Health Guides
Pwoblèm fanm genyen nan kòl matris yo
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 24: Kansè ak lòt timè > Pwoblèm fanm genyen nan kòl matris yo
Kontni yo
PWOBLÈM NAN KÒL MATRIS (OUVÈTI MATRIS LA)
Kis Nabòt. Se yon seri ti bouton oubyen ti boul chaje ak pi, fanm konn genyen nan kòl matris yo. Malgre kis sa yo pa bay ankenn siy, yon egzamen basen (ak espekoulòm) ap pèmèt yo dekouvri yo. Kis sa yo san danje. Kon sa yo pa bezwen tretman.
Polip se yon seri ti boul wouj fonse ki konn pouse sou kòl matris fanm. Yo konn pouse tou andedan matris la menm.
Enflamasyon kòl matris. Anpil enfeksyon nan vajen - tankou trikomonas - ak kèk MST gen dwa atake kòl matris nou. Maladi sa yo ka ban nou ti boul ak bouton nan vajen, oubyen tou nou ka gen iritasyon oubyen nou ka bay san, lè n fin fè lanmou. Gade nan chapit ki pale sou “Maladi seksyèlman transmisib ak lòt enfeksyon nan vajen (oubyen kòk)”, n ap jwenn enfòmasyon sou pwoblèm sa yo ansanm ak sou tretman ki bon pou yo.
KANSÈ NAN KÒL MATRIS
Kansè nan kòl matris, se kansè yo jwenn pi souvan nan peyi pòv yo. Se yon viris ki rele “viris papiyoma imen” oubyen VPH ki bay moun kansè sa a. Se menm viris sa a ki lakòz bouton maleng nan vajen. Kansè sa a ki pran 10 an pou l fin devlope ka geri nèt, si malad la jwenn laswenyay bonè. Men gen anpil fanm ki pèdi lavi yo akòz kansè nan kòl matris, paske yo pa t menm konnen si yo te gen maladi a.
Yon fanm gen plis chans pou l fè kansè kòl matris, lè:
- Li gen plis pase 35 ane.
- Li te antre nan kontak seksyèl bonè (yon ti tan apre l fin fòme).
- Li te konn kouche ak anpil nèg, oubyen tou li te gen yon nèg ki te konn kouche ak anpil lòt fanm.
- Li abitye gen MST, espesyalman bouton maleng nan vajen.
- Li gen VIH/SIDA.
- Li fimen.
Plis enfòmasyon
Istwa Mira aSiy ki bay kè sote:
An jeneral, kansè kòl matris pa gen ankenn siy ki parèt aklè toutotan li poko gaye nan kò a. Lè sa a tou, tretman an vin pi difisil. (Anpil fwa, gen kèk siy ki konn parèt sou kòl matris la, men se sèl yon egzamen ki ka mete siy sa yo aklè se poutèt sa, li enpòtan pou nou fè egzamen regilyè.
Nou gen dwa gen yon pwoblèm grav e, petèt menm, yon kansè kòl matris ki rive lwen, si nou gen siy sa yo:
Lè nou senyen nan vajen nan yon jan ki pa nòmal, lè nou senyen lè nou fin fè lanmou, lè vajen nou ap bay yon dlo ki pa nòmal oubyen lè li pa santi bon ditou tousa kapab siy nou genyen yon pwoblè grav, paregzanp yon kansè kòl matris ki la lontan. Si n gen youn nan siy sa yo, li ta bon pou n fè yon egzamen basen ak yon Pap tès.
Depistaj ak tretman kansè kòl matris
Si w se travayè sante, chache aprann fè tès pou kansè kòl matris. Ankouraje kominote kote w ap travay la fè depistaj kansè.
Kòm kansè kòl matris pa bay ankenn siy bonè epi yon lòt bò, tretman an posib, si n pran l bonè, li bon pou n fè tès depistaj regilyè, si sa posib. Nan tès depistaj yo, yo dwe gade si pa gen kèk gwoup selil (tisi) dwòl sou kòl matris nou. Mòd tisi sa yo gen dwa yon ti jan dwòl, dwòl toutbon oubyen tou gen dwa se yon kansè ki deja kòmanse devlope (li poko gaye nan kò a).
Papanikola (Pap tès)
Tès depistaj ki pi popilè a se tès ki rele Papanikola oubyen Pap tès la. Pou fè tès sa a, yon travayè sante ap grate, pandan yon egzamen basen, kèk selil nan kòl matris la (operasyon sa a fèt san doulè). Apre sa, l ap voye echantiyon sa a nan yon laboratwa kote y ap egzamine l nan mikwoskòp. Lè n fin fè tès la, fòk nou tounen al pran rezilta. An jeneral, sa ka pran plizyè semèn.
Egzamen vizyèl (sa vle di, yon egzamen travayè sante a fè ak 2 je l)
Jounen jodi a, gen yon lòt metòd depistaj kansè kòl matris ki pa koute chè. Se ak vinèg (asid asetik) yo fè l. Lè yo pase vinèg sou kòl matris la, si gen yon tisi ki pa nòmal, li vin tou blanch. Pou egzamine kòl matris la, yo konn sèvi ak yon ti loup. Konsa, egzamen an fèt pi fasil. Si yon fanm gen tisi ki pa nòmal, li ka bezwen fè lòt tès oubyen li gen dwa bezwen lòt kalite tretman tou.
Lòt kalite tès pou depistaj kansè
- Byopsi. Se yon ti moso tisi nan kòl matris la yo pran pou y al analize l nan laboratwa.
- Kòlposkopi. Aparèy sa a ki egziste nan kèk lopital fè kòl matris la parèt pi gwo. Konsa, li pi fasil pou yo wè si l gen siy kansè.
Plis enfòmasyon
Pran desizyon sou yon tretmanTretman:
Si n fè yon tès ki montre nou gen yon displazi grav oubyen yon kansè ki pi makawon ankò, fòk nou chache tretman. Se ansanm ak doktè k ap ban n laswenyay la pou n chache konnen ki tretman k ap pi bon. Lè kansè a fèk parèt, tretman an gen dwa fasil epi li ka fèt ak metòd kote doktè boule oubyen detwi tisi kansè yo. Gen yon metòd ki rele kriyoterapi ki egziste kèk kote. Se glase metòd sa a glase kòl matris la, jouk li touye kansè a. Gen yon lòt tretman kote se koupe yo koupe moso nan kòl matris la (byopsi konik). Lè gen posiblite pou tretman an fèt ak metòd sa a, li ka pi bon pou nou, si, yon bò, nou toujou vle fè pitit epi, yon lòt bò, kansè a pa gen tan gaye. Kon sa, nou pa p bezwen pèdi matris nou. Lè se bonè yo dekouvri kansè a, n ap jwenn gerizon, si n kòmanse tretman an anvan maladi a gaye.
Li ka nesesè pou w ale nan gwo lopital ki espesyalize nan zafè tretman kansè.
Si kansè a rive grandi pandan anpil tan anvan yo dekouvri l, li kapab te gen tan al pi lwen pase kòl matris la, pou l atake lòt pati nan kò a. An jeneral, nan yon ka kon sa, fòk nou fè operasyon pou n boule ni kòl matris ni matris (isterektomi). Pafwa, tretman reyon konn bay kèk rezilta.
Gen posiblite pou n anpeche kansè kòl matris touye fanm
Lè moun pa gen enfòmasyon sou chans medam yo genyen pou yo trape kansè kòl matris epi lè moun pa konnen ki jan depistaj ki fèt bonè ka anpeche lanmò, plis fanm ap pèdi lavi yo. Pou sa ka chanje, nou gen dwa:
- chache konnen kisa ki ka fè yon fanm gen plis chans pou l trape kansè kòl matris, yon jan pou n travay ansanm-ansanm pou n pa ba maladi a piyay. Fòk jenn ti medam yo fè jefò pou yo tann yo fin devlope nèt anvan y al fè lanmou. Pinga sa a gen yon enpòtans espesyal. Paske, tout fanm dwe degaje yo pou yo pwoteje tèt yo kont tout MST.
- pran enfòmasyon sou depistaj kansè. Depistaj kansè kòl matris ka sove lavi anpil fanm, lè li fèt bonè. Gen kèk zòn sou latè kote fanm k ap viv nan zòn kote k gen lopital gen plis chans pou yo fè Pap tès. Lòt medam yo ka fè Pap tès nan klinik kote yo jwenn swen-matèno-enfantil (laswenyay pou manman ak tout pitit), sèvis planin familyal ak tretman pou MST.
Nou kapab kwè devlopman pwogram depistaj kansè koute twòp lajan, men tretman maladi a koute pi chè ankò. Pwogram depistaj se bagay ki ka ride medam yo piplis, epi ki koute mwen chè, si :
- yo vize medam kap pran laj yo. Jenn fanm yo ka gen kansè kòl matris tou, men se fanm ki gen plis pase 35 an ki gen plis chans genyen l.
- yo bay piplis fanm yo kapab tès la, menm si sa vle di yo bay chak ladan yo tès la mwen souvan. Si yo bay tout fanm ki gen chans pou yo pran maladi a tès la chak 5 ou 10 lane, y ap jwenn piplis kansè pase si yo teste kèk grenn fanm sèlman pi souvan.
- aprann travayè lasante ki nan kominote a fè Pap tès epi enspèkte kòl matris la ak 2 nawè yo.