Hesperian Health Guides

Kansè

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Se nan kòl matris, nan tete ak nan matris, fanm devlope kansè pi souvan. Lòt kalite kansè ni gason, ni fanm konn genyen se kansè poumon, kansè kolon, kansè nan fwa, kansè nan vant, kansè nan bouch ak kansè po.

KISA KI LAKÒZ KANSÈ

Yon kansè se pa yon enfeksyon. Se pa yon maladi “atrapan”. Yon moun ki gen kansè pa ka bay lòt moun kansè a.

Jouk jounen jodi a, pèsonn pa konnen ki sa ki bay moun kansè.

Men n ap gen plis chans pou n devlope yon kansè si:

  • nou fimen. Moun ki fimen konn fè kansè nan poumon epi yo gen plis chans pou yo devlope pi fò lòt kansè yo.
  • nou gen yon enfeksyon viris ki ka lakòz kèk maladi, tankou Epatit B ak bouton maleng nan vajen.
  • nou manje twòp grès oubyen manje ki chaje ak pwodui chimik ki pa bon pou sante nou
  • nou pran kèk medikaman tankou òmòn, paregzanp, nan move kondisyon.
  • nou travay ak kèk pwodui chimik (tankou pestisid, koloran, penti ak sòlvan) oubyen tou n ap viv kote yo sèvi tout tan ak pwodui sa yo.
  • nou abite oubyen n ap travay toupre yon santral nikleyè.


Yon lòt bò, lè yon fanm gen moun nan fanmi l ki te gen yon kalite kansè, li ka gen plis chans pou l devlope menm kansè sa a (yo rele sa yon danje ereditè - yon maladi nou pran nan san).

Plis enfòmasyon
ret an sante

Si nou viv yon jan pou n konsève sante nou, sa ka pwoteje n kont anpil fòm kansè. Sa vle di fòk nou manje manje ki fòtifyan epi fòk nou evite fè bagay ki ka lakòz nou devlope yon kansè.

Paregzanp:

  • Fòk nou pa ni fimen, ni chike tabak
  • Fòk nou pran prekosyon ak pwodui chimik ki pa bon pou sante nou. Fòk nou pa sèvi ak yo ni lakay nou, ni nan travay nou. Fòk nou evite sèvi ak manje ki soti nan jaden kote yo sèvi ak pwodui kòm angrè oubyen konsèv ki plen pwodui chimik.
  • Fòk nou pwoteje tèt nou kont maladi seksyèlman transmisib yo (MST yo).

KI JAN NOU KA DETEKTE YON KANSÈ EPI TRETE L ANVAN LI ANGRAVE

Yo ka rive sove lavi yon fanm ki malad, lè yo dekouvri kansè a bonè. Lè sa a, fanm nan ap ka jwenn tretman anvan kansè a gen tan gaye nan kò l. Gen kèk kansè ki vini ak de twa siy. Men an jeneral, pou yo detekte si n gen kansè, fòk nou fè yon tès. Pou fè tès la, y ap pran kèk selil nan pati kote yo panse nou gen kansè a, epi yon espesyalis ap egzamine yo nan mikwoskòp.

Ak kèk tès depistaj oubyen nenpòt konsiltasyon kay doktè, yo ka rive detekte mòd kansè ki pran tan anvan siy yo parèt. Tès yo rele Papanikola (Pap tès) se youn nan tès depistaj ki ka pèmèt yo detekte yon kansè nan kòl matris.

Si nou gen kèk siy kansè, oubyen yon tès montre genyen kichoy ki pa sa, pa tann. Suiv konsèy nap jwenn nan chapit sa pou n ka konn ki pwoblèm ki genyen epi trete l tousuit.



Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025