Hesperian Health Guides
Lòt kansè ki sou moun
Kontni yo
KANSÈ POUMON
| Fimen bay moun kansè. |
Kansè poumon bay menm siy ak tibèkiloz (TB). Kouri ale wè doktè si n gen siy sa yo.
Kansè poumon se yon maladi ki, jou apre jou, ap fè plis ravaj. Anpil fwa, se fimen ki lakòz moun fè maladi sa a. Jouk kounye a, gen plis gason pase fanm ki fè kansè poumon, akoz mesye yo fimen plis pase medam yo. Men kòm anpil fanm fimen, jounen jodi a, menm jan ak gason, kansè poumon kòmanse fè plis ravaj nan mitan tou. Nan kèk peyi sou latè, kansè poumon tabak lakòz touye plis fanm, jounen jodi a, pase lòt kalite kansè. Anpil kote tou, ti demwazèl yo kòmanse fimen byen bonè, menm jan ak ti bway yo. Plis demwazèl yo fimen, plis fanm yo fimen, se plis y ap gen chans pou yo ranmase yon kansè nan poumon.
An jeneral, kansè poumon pa atake yon moun toutotan l poko gen plis pase 40 lane. Si yon fanm kite fimen, l ap gen mwens chans pou l fè maladi sa a. Siy yo (malad la ap touse san, li megri, li mal pou respire) parèt sèlman lè maladi a kòmanse makawon. Lè sa a tou, gerizon an pi difisil. Pou trete kansè poumon, doktè ka fè operasyon pou wete moso nan poumon an, yo ka itilize medikaman oubyen yo ka trete malad la ak reyon tou.
KANSÈ NAN BOUCHAK KANSÈ NAN GOJ
Moun ki fimen ak moun ki chikte tabak gen dwa fè kansè nan bouch oubyen nan gòj. Si n konn fè youn oubyen lòt nan aktivite sa yo epi nou vin gen maleng andedan bouch ki derefize geri, se pou n kouri al chache konkou doktè.
Eseye goumen pou fè leta ba moun vaksen kont Epatit B nan kominote kote n ap viv la.
KANSÈ NAN FWA
Moun ti trape enfeksyon Epatit B konn vin devlope kansè nan fwa, kèk ane apre. Siy kansè nan fwa, se vant anfle ak gwo feblès. Si n panse nou gen kansè nan fwa, se pou n kouri al wè yon travayè sante.
Plis enfòmasyon
MSTN ap pwoteje tèt nou kont Epatit B, si n pran plis prekosyon nan kontak seksyèl yo oubyen tou si n pran vaksen kont enfeksyon sa a. Ti bebe yo ap jwenn pwoteksyon kont Epatit B, si yo vaksinen yo touswit apre akouchman an. Granmoun ka pran vaksen an nenpòt lè.
KANSÈ NAN LESTOMAK (VANT)
Kansè nan lestomak atake fanm ak gason ki gen plis pase 40 an. An jeneral, siy yo parèt sèlman lè maladi a kòmanse makawon. Se sèl yon operasyon ki ka pèmèt yo trete maladi sa a. Men tou, operasyon an gen dwa pa bay rezilta.