Hesperian Health Guides
Lè yo paka trete yon kansè
Gen anpil kansè ki ka trete, men gen lòt ki pa gen tretman, sitou lè maladi a gen tan gaye anpil kote nan kò a. Yon lòt bò, gen anpil chans pou lopital kote yo fè tretman kansè byen lwen lakay nou, nan gwo vil. Epi, mòd tretman sa yo koute anpil lajan.
Pafwa, si depistaj kansè a fèt ta, tretman an pa p posib. Lè sa a, li ka pi bon pou n rete lakay nou, nan mitan fanmi nou, nan mitan moun k ap pran ka nou. Moman sa yo gen dwa difisil anpil. Se pou n degaje n pou n byen manje epi pou n pran bon jan repo. Nou ka santi n pi byen, lè n pran medikaman k ap ede n konbat doulè nan kò, latwoublay nan lespri ak pwoblèm pou n dòmi. Nan chita tande ak yon moun nou fè konfyans n ap ka prepare lanmò nou pi byen epi n ap ka di ki jan n ta renmen fanmi an kontinye viv, lè n fin ale.
| Si se nou k ap pran swen yon moun ki oblije pran kabann oubyen ki prèt pou mouri, nou gen dwa suiv konsèy ki nan paj sa yo: Swen pou po w, Blese ak maleng, doulè, and Kijan pou n pran swen malad ki pa lwen lanmò yo. |