Hesperian Health Guides

Ann travay pou chanjman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Nou ta ka anpeche anpil lanmò initil kansè lakòz, si depistaj ak tretman pi fò kansè te fèt pi bonè. Posiblite sa a ap egziste, si n ede fanm tankou gason òganize yo pou chèche jwenn:

  • pi bon depistaj kansè nan sant sante ki nan lokalite andeyò yo.
  • bon jan fòmasyon pou travayè sante k ap travay nan lokalite yo, yon jan pou yo ka maton nan enspeksyon vizyèl (ak je) pou depistaj kansè kòl matris, nan Pap tès ak egzamen tete.
  • plis laboratwa ak teknisyen konpetan ki kapab li p ap tès yo.
  • pi bon edikasyon ak plis konsyantizasyon sou kesyon kansè a, yon fason pou moun nan kominote konnen ki jan yo ka anpeche kansè, ki moun ki gen chans fè kansè, ki siy kansè genyen epi ki avantaj ki genyen nan depistaj kansè.
  • laswenyay pi bon mache pou fanm ki fè kansè.


Li enpòtan tou pou medam yo:

  • aprann egzamine tete yo pou kont yo.
  • chache konnen siy kansè, sitou kansè nan matris, nan tete ak nan kòl matris.


Lè moun nan kominote a gen plis enfòmasyon sou tout sa k ka lakòz moun fè kansè, y ap pi vit pran desizyon pou yo pa danse kole ak bagay sa yo. Konsa, anpil kansè gen dwa pa jwenn wout pou yo antre sou moun. Se pou n fè zanmi k ap viv nan kominote a konnen yo ka bouche wout pou moun mouri anvan lè yo anba kansè, si yo evite fimen oubyen chike tabak epi si medam yo ka pwoteje tèt yo kont MST.


Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025