Hesperian Health Guides

Chita tande ak ajan sante yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon ajan sante ap pase vin wè yon manman ki okipe anpil ak 3 pitit li yo.

Si se ajan sante nou ye, rann timoun yo vizit tanzantan. Pi bon okazyon pou nou kontwole sante timoun se lè n ap vaksinen. Oubyen, pase wè yo chak de twa mwa pandan premye ane a. Lè yo plis pase 1 ane, rann yo vizit yon fwa chak ane.

Si nou wè yon timoun gen pwoblèm, tankou li pa p devlope nòmalman, vizite timoun sa a pi souvan. Lè nou fin trete yon timoun malad, nou dwe al wè li, (oubyen mande manman an mennen li tounen vin jwenn nou) pou verifye si timoun nan ap fè mye, oubyen si li gen pou swiv trètman toujou.

Li ka pi fasil pou mande manman yo mennen timoun yo nan sant lan pou fè konsiltasyon. Men souvan, li pi bon pou nou fè vizit lakay. Se pi bon fason pou fè tibebe ak timoun piti rete lwen moun malad ki vin konsilte nan klinik la. Epitou, kèk manman pa ka kite lòt timoun lakay, oubyen yo pa ka kite travay yo pou yo al nan sant lan. Konsa yo pa p vini. Se manman sa yo ki pi bezwen yon ajan sante al wè yo, pou li kapab kontwole sante tibebe ak timoun yo.

Timoun ki pi bezwen nou, se timoun sa yo ki pa p vin jwenn nou.


Pandan yon timoun ap grandi, nou dwe voye je sou li tanzantan. Men sa pou nou fè lè n ap vizite yon timoun :

  • Mande ki jan timoun nan ye - si li an sante, epi si l ap byen vini.
  • Gade timoun nan, soti tèt li pou rive pye li. Yon timoun ki an sante se yon timoun ki eveye, ki enterese nan sa k ap pase ozalantou li. Po li anfòm. Li byen vini, epi li fò.
  • Poze manman an kesyon sou ki jan li manje. Ankouraje manman an pou li bay tibebe a tete, epi ankouraje li bay timoun bon kalite manje.
  • Peze timoun nan. Oubyen, si manman an patisipe nan yon pwogram ki siveye ki jan pitit li ap devlope, tyeke dosye li (yon kat chemen lasante pou timoun, oubyen nenpòt lòt dosye kote yo ekri pwa timoun nan).
  • Gade pou wè si timoun nan pwòp, epi si kay la pwòp. Pwofite okazyon sa a pou aprann fanmi an ki jan yo ka evite aksidan, epi ki jan yo ka anpeche maladi vin sou yo. Chache konnen ki sa yo bezwen pou kenbe timoun yo an sante, oubyen pou yo viv an sekirite.
  • Pa bliye pataje avèk manman an, epi ak fanmi li, sa nou vin konnen.

Lè ajan sante yo ap byen okipe timoun yo konsa, kominote a va respekte yo epi yo va fè yo konfyans. Lè manman ak papa yo wè ki jan n ap okipe pitit yo, yo va santi yo pi alèz, epi yo va poze nou kesyon sou pwòp sante pa yo. Lè ajan sante yo kontwole sante ak devlopman timoun yo tanzantan, nan menm tan yo ka siveye sante manman an ak lòt moun nan fanmi an pou konnen si yo an sante tou, epi si yo jwenn sa yo bezwen.

Pwofite tout okazyon pou aprann timoun yo ki jan pou yo rete an sante. Depi timoun yo aprann kichòy, y ap di tout moun, fanmi yo ak lòt timoun. Lè konsa, yo ka kreye yon «epidemi» bon abitid sante nan kominote a.

Yon timoun k ap devlope byen se yon timoun ki an sante

Pou nou kontwole ki jan yon timoun ap devlope, fè yon kat chemen lasante pou li, ki sanble ak kat ki nan paj ki vini yo. Manman an, oubyen moun k ap okipe timoun nan, dwe gade kat la. Esplike li ki jan pou sèvi ak kat la. Konsa li ka konprann si pitit li pa p pwofite nòmalman.

Modèl yon kat chemen lasante pou timoun
Modèl kat la, kote yo ekri mwa tibebe a ki poko gen 1 ane

Ki jan pou nou sèvi ak kat chemen lasante a

desen kat la kote yo ekri mwa lavi yon tibebe nan kare anba
1. Ekri ki mwa tibebe a te fèt, nan premye kare anba, sou bò gòch la konsa. Modèl kat sa a montre nou ke timoun nan te fèt nan mwa davril.
2. Ekri tout lòt mwa nan lòd, nan ti kare ki anba.
Modèl yon kat; yo ekri mwa lavi tibebe a pa anba
3. Chak mwa, peze timoun nan, an kilogram.
Fè yon pwen sou kat la kote pwa timoun nan kwaze ak mwa li ye koulye a.

Chache sou bò gòch la, anba mo kilo, nimewo ki koresponn ak pwa timoun nan. Isit la, li peze 6 kilo. Apre sa, nou chache mwa yo mennen tibebe a pran pwa li. Nan kat pa nou an se mwa dawou nan lane tibebe a te fèt la.

Avèk yon pwent kreyon nou swiv liy ki sot nan nimewo 6 ale sou bò dwat la, an menm tan tou, nou gade anba, nou swiv liy nimewo 6 la. Kote liy yo kwaze a nou mete yon pwen.

Modèl yon kat ki gen anpil pwen sou li. Sa fè nou konnen ki jan timoun nan ap grandi pandan plizye mwa
4. Chak mwa nou peze timoun nan, mete yon pwen sou kat la. Mare tout ti pwen youn ak lòt pou fè yon chenn. Si timoun nan an sante, se chak mwa pou ti pwen yo ap monte pi wo sou kat la.
Pou pifò timoun ki nòmal, ki an sante, chenn pwa a pase nan mitan de tras long yo.
Modèl la ki montre nou yon chenn pwa kap mache monte. Sa fè nou konnen timoun nan byen vini
Sa ki pi enpòtan, se pou yon timoun pran pwa chak mwa.
Liy la pa gen dwa rete nivo.
Li pa gen dwa desann non plis.

Si nou remake yon timoun ki pa p pwofite jan li dwe pwofite, se pou nou rann li vizit pi souvan. Chache mwayen pou ba li plis manje. Egzaminen li byen pou wè si li pa fè kèk maladi ki grav, ki fè li pa byen vini.

Ki jan timoun yo devlope

Devlope vle di ki jan yon timoun ap grandi, ap aprann, epi si li byen vini ou non. Chak timoun gen fason pa li pou kominike ak lòt moun, epi pou aprann rezoud pwoblèm l ap kontre nan lavi a. Men se pou l toujou fè pa annavan ; li pa gen dwa rete chita. Si yon timoun pa p byen vini, nou dwe siveye li pi pre.

Poukisa genyen de timoun ki pa byen vini tankou lòt timoun ? Gen de fwa se pa anyen - se nòmal pou moun pa sanble toutafè youn ak lòt. Men yo ka manke devlope paske yo malad, oubyen yo malnouri. Genyen de timoun ki kokobe, ki mal pou yo devlope. Pa egzanp, moun ka pa remake lè yon timoun piti pa ka tande. Men yo remake ke timoun nan pa kòmanse pale nan menm laj avèk frè e sè li yo. Siveye ki jan pitit ou ap devlope, paske si li fè reta, sa ka di nou ke li genyen yon pwoblèm sante oubyen li ka kokobe. Se pou nou eseye ede li.

Yon tibebe 3 mwa dwe
  • Souri.
  • Reyaji lè li tande yon son, oubyen lè li remake yon mouvman.
  • Reyaji lè li remake figi ak vwa moun pa li.
  • Remake pwòp men li.
yon tibebe ki kouche sou kote k ap jwe ak men li.
  • Kriye lè li grangou oubyen lè li pa alèz.
  • Tete san twò gwo pwoblèm.
  • Leve tèt li lè li kouche sou vant li.
yon tibebe ki kouche sou kote k ap leve tèt li.


Yon bebe 6 mwa dwe :
  • Vire tèt li pou l ka wè ki kote son an soti.
  • Vire sou vant li lè li kouche sou do li; li vire ankò sou do li.
yon mesye k ap souke yon tchatcha epi tibebe li ki kouche sou vant li ap leve tèt li.
  • Rekonèt moun pa li.
  • Pran yon bagay nan men li epi mete l nan bouch li
Yon tibebe k ap mete yon jwèt nan bouch li
Yon bebe ki gen 1 ane dwe :
  • Kòmanse konprann epi di kèk mo, imite kèk son.
  • Fè ti jwe, tankou jwe koukou.
Yon mesye ak yon tibebe k ap jwe koukou
  • Eseye mete yon bagay anndan yon lòt.
  • Leve chita epi rale san moun pa ede l.
  • Leve kanpe.
yon bebe ki sèvi ak yon chèz pou leve kanpe.
Yon timoun 3 ane dwe :
yon tifi k ap bale ak ti sè li
  • Konprann lè moun pale, epi fè ti fraz kout.
  • Fè ti dyòb tankou bale.
  • Pran konsyans santiman lòt moun.
yon timoun k ap kouri.
  • Triye bagay.
  • Kouri, sote, ak grenpe.

Si yon timoun manke devlope, men 2 bagay pou nou fè pou ede li :

  1. Mande konsèy bò kote yon ajan sante pou wè si se pa maladi ki bay sa.
  2. Fè efò pou ede timoun nan devlope kote li pran reta.
yon fanm k ap dirije men pitit li pou ede li goute yon manje
Ede yon timoun devlope kote li manke.

Al gade nan anèks A pou jwenn grafik ki montre ki jan timoun yo devlope nòmalman. Grafik sa yo ede ni paran ni ajan sante yo kontwole ki jan yon timoun ap devlope. Konsa, yo ka konnen ki jan pou yo ede timoun yo fè pa annavan.