Hesperian Health Guides
Lòt medikaman ki bon pou trete malarya
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay > Lòt medikaman ki bon pou trete malarya
Kontni yo
Chloroquine (klowokin)
Prèske tout kote nan lemonn koulye a, malarya kenbe tèt ak chloroquine. Chache konnen ki medikaman ki pi bon nan zòn pa nou. Si nou pa ka konnen ak ki kalite malarya malad la ap soufri, li pi bon pou ba li yon CTA.
Lè nou trete malarya ak chloroquine, nou gen pou mete primaquine (primakin) sou sa pou anpeche malarya tounen sou malad la.
Genyen kèk peyi kote chloroquine toujou bay bon rezilta ; la nou ka sèvi ak chloroquine pou kont li pou evite pran malarya. Nan peyi kote malarya pa twò rezistan, gen de fwa yo bay chloroquine ansanm ak proguanil (pwoganil) pou evite pran malarya.
Pa gen danje pou fanm ansent ak fanm k ap bay tete pou yo sèvi avè l pou trete ak pou evite pran malarya, sa vle di toulede.
Li ka bay ti tèt vire, anvi vomi, vomisman, vant fè mal, gratèl.
Se gwo danje, sitou pou timoun, si nou bay yon dòz ki twò gwo.
Pa sèvi avè l pou youn moun ki konn fè kriz.
Pran prekosyon si se yon moun ki gen dyabèt.
Bwè li ansanm ak manje.
Nou jwenn chloroquine nan 2 fòm, phosphate de chloroquine ak sulfate de chloroquine (fosfat klowokin, silfat klowokin). Yo rele pati ki aktif nan medikaman an chloroquine senp.
Dòz dapre pwa kò a. Dòz total chloroquine senp pou nou bay pandan 3 jou se 25 mg pou chak kilogram pwa malad la, jan nou ekri anba :
Nòmalman, nou jwenn phosphate de chloroquine nan grenn ki gen 250 mg (ki fè 150 mg chloroquine senp).
Nòmalman, nou jwenn sulfate de chloroquine nan grenn ki gen 200 mg (ki fè 155 mg chloroquine senp)
Veye pou nou konnen ki kalite chloroquine nou genyen, epi ki kantite chloroquine senp ki ladann.
Pou trete malarya senp ki pa rezistan ak chloroquine
Sèvi ak grenn phosphate de chloroquine 250 mg (chloroquine senp 150 mg) OUBYEN grenn sulfate de chloroquine 200 mg (chloroquine senp 155 mg) :
Pi piti pase 8 kg : ½, mwatye nan yon grenn
Pi piti pase 8 kg : ¼, ka nan yon grenn
Pou evite pran malarya vivaks kote li pa rezistan ak chloroquine
Pou evite pran malarya, bwè chloroquine yon fwa chak 8 jou ; kòmanse 8 oubyen 15 jou anvan nou vwayaje. Toujou pran yon dòz chak 8 jou toutan nou la, epi pandan 4 senmenn apre nou kite zòn kote ki gen malarya a. Sèvi ak dòz ki ekri anwo a. Pa egzanp, granmoun gen pou pran 2 grenn phosphate de chloroquine ki gen 150 mg chloroquine senp, oubyen 2 grenn sulfate de chloroquine ki gen chloroquine senp 155 mg.
Pou evite pran malarya falsiparoum kote ki gen yon rezistans fèb ak chloroquine
Pou moun ki vwayaje al nan peyi kote malarya gen yon rezistans fèb ak chloroquine, men medikaman ap bay rezilta toujou, moun gen pou pran chloroquine yon fwa chak 8 jou, ansanm ak proguanil (pwoganil) yon fwa nan yon jou pou yo pa pran malarya. Kòmanse pran toulede medikaman yo 8 jou anvan nou pati. Toujou pran yon dòz chak 8 jou pandan nou la, epi pandan 4 senmenn apre nou kite zòn kote ki gen malarya. Bwè chloroquine nan menm jou nan senmenn nan, epi toujou bwè proguanil nan menm lè nan jounen an. Bwè yo ansanm ak manje.
Primaquine (primakin)
Si se yon kalite malarya ki pa falsiparoun, nou ka sèvi ak primaquine pandan 14 jou ansanm ak chloroquine oubyen touswit apre trètman chloroquine nan fini, pou evite lafyèv malarya ki pa falsiparoum tounen sou yon moun.
Genyen zòn kote yo trete malarya falsiparoum ak yon CTA pandan 3 jou. Sou premye jou a, yo bay yon sèl dòz primaquine. Sa ede nan anpeche malarya falsiparoum gaye.
Fanm ansent ak fanm k ap bay tete epi tibebe a poko rive nan laj 6 mwa, yo pa gen dwa pran primaquine.
Nomalman, nou pa bay timoun primaquine si yo poko rive nan laj 1 ane.
Genyen moun k ap soufri ak yon maladi san ki rele defisyans G6PD (favism – yon maladi jenetik) ; se yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon ki pou preski yon dòz ki pi piti ; malad la gen pou pran ti dòz primaquine sa a pandan plizyè senmenn.
Lestomak chaje ak vant fè mal
Bwè ansanm ak manje.
Nou konn jwenn primaquine nan fòm phosphate de primaquine. Grenn yo konn gen 15 mg primaquine senp, sa vle di pati aktif ki nan medkaman an.
Pou malarya falsiparoum pa tounen sou yon moun, bay li ansanm ak chloroquine oubyen touswit apre trètman chloroquine nan fini
Bay dòz la dapre pwa timoun nan oubyen, si pa gen balans, bay dòz dapre laj li.
10 kg - 24 kg (3 - 7 ane) : ¼, ka nan yon grenn chak jou, pandan 14 jou
Pou anpeche malarya falsiparoum gaye kote nou pa jwenn li fasil
Gen de zòn kote yo rekòmande ajoute yon sèl dòz primaquine sou yon CTA pou anpeche malarya gaye.
10 kg - 24 kg (3 - 7 ane) : ¼, ka nan yon grenn, yon sèl dòz
Proguanil ak atovaquone + proguanil (pwoganil, atovakòn)
Se moun ki vwayaje ki konn sèvi ak proguanil pou evite pran malarya. Toujou sèvi ak yon lòt medikaman ansanm ak proguanil.
Li ka bay maltèt, tous, dyare, ak ti lestomak chaje.
Moun ki gen maladi ren ki grav pa gen dwa sèvi avè l.
Bwè li ansanm ak manje.
Yo bay proguanil ansanm ak chloroquine pou evite pran malarya nan yon zòn kote ki gen yon rezistans fèb ak chloroquine.
Nou jwenn atovaquone ak proguanil nan fòm yon konbinezon ki gen yon dòz fiks. Li sèvi sitou pou evite pran malarya. Men, nan peyi kote CTA yo ak lòt medikaman pa ka konbat malarya ankò, gen de fwa yo sèvi avè l ansanm ak artésunate e primaquine pou trete malarya.
Nou jwenn yo nan grenn :Pou evite pran malarya
Granmoun ak timoun toude gen pou pran yon dòz chak jou ; kòmanse 1 oubyen 2 jou anvan nou vwayaje. Toujou pran yon dòz chak jou pandan nou la, epi pandan 7 jou apre nou kite zòn kote ki gen malarya.
5 kg - 7 kg : ½, mwatye nan yon grenn chak jou
Quinine, nan piki (kinin)
Malarya ki grav mande pou jwenn swen prese prese. Gen de fwa yo bay yon piki quinine nan vyann pou trete yon moun anvan yo voye l al lopital. Se sèlman yon ajan sante ki byen fòme ki gen dwa bay piki quinine. Li dwe konnen bon dòz pou li bay la, epi ki jan pou bay li. Si se yon timoun ki malad grav epi nou pa gen artésunate (atesinat) nan piki, li pi bon pou nou sèvi ak sipozitwa artésunate olye quinine pandan nou nan wout pou al chache sekou.
Sulfate de quinine, nan fòm grenn
Yo sèvi ak grenn quinine nan bouch pou trete malarya senp kote chloroquine (klowokin) pa bon ankò. Pou fanm nan premye 3 mwa gwosès yo, sèvi ak quinine e clindamycine (klendamisin), sa vle di toulede, pou trete malarya falsiparoum. Pou trete malarya vivaks ki kenbe tèt ak chloroquine, sèvi ak quinine pou kont li.
Si pa gen yon CTA, gen de fwa nou ka sèvi ak yon konbinezon quinine e clindamycine oubyen doxycycline (doksisiklin) pou fin trete moun malad la apre nou ba li swen an ijans pou malarya ki grav.
Pa sèvi ak quinine pou evite pran malarya.
Gen de fwa quinine fè yon moun swe, fè zòrèy li kònen, oubyen fè li pa ka tande byen ; li ka wè twoub, tèt li vire, li gen anvi vomi ak vomisman, epi dyare.
Si malad la ap vomi quinine la, yon medikaman, tankou prométhazine (pwometazin), ka bon pou kalme vomisman an.
Si yo moun pran twòp quinine, gen danje nan sa. quinine ka fè kantite sik ki nan san an bese twòp. Si nou wè siy ki montre danje, tankou tèt li vire, tèt li gaye, li pèdi konnesans, oubyen kè a pran bat twò lantman, chache konkou doktè.
Si n ap pran chloroquine (klowokin) oubyen mefloquine (meflokin), pa sèvi ak quinine.
Trete malad la ak quinine pandan 3 oubyen 7 jou, dapre zòn kote nou rete a. Li ka mande pou trete ak clindamycine oubyen doxycycline tou.
Sulfate de quinine, hydrochloride de quinine, ak dihydrochloride de quinine (silfat kinin, idwoklorid kinin, diyidwoklorid kinin), nou jwenn yo nan grenn 300 mg, epi yo tout gen menm dòz la. Lè nou bay li dapre pwa yon moun, bon dòz la se quinine 10 mg pou chak kilogram, 3 fwa nan yon jou. Men bisulfate de quinine (bisilfat kinin) gen yon lòt dòz : 14 mg pou chak kilogram, 3 fwa nan yon jou.
Pou trete malarya falsiparoum senp ki rezistan ak chloroquine
Dapre zòn kote nou rete a, trètman an ap pran 3 jou oubyen 7 jou.
Dòz dapre pwa kò a.
7 - 11 kg : ¼, ka nan yon grenn, 3 fwa nan yon jou
An plis, bay clindamycine oubyen doxycycline (klendamisin, doksisiklin) pandan 7 jou. Konte 2 oubyen 3 jou depi jou li te kòmanse bwè quinine. Lè sa a, li gen dwa kòmanse bwè lòt medikaman an san li pa vomi. Pou konnen dòz doxycycline, al gade anba.
Dòz clindamycine se 20 mg chak jou pou chak kilogram pwa kò a, separe an 2 dòz, dapre dòz ki nan kapsil la.
10 - 19 kg : 1 kapsil (150 mg), 2 fwa nan yon jou, pandan 7 jou
45 kg e plis : 2 kapsil (600 mg) 2 fwa nan yon jou, pandan 7 jou
Si yon moun kòmanse watè dlo oubyen si watè a gen san ladann, se pou li sispann bwè clindamycine touswit.
Paske medikaman an ka pase nan lèt manman an pou rive jwenn tibebe a, fanm k ap bay tete pa gen dwa pran clindamycine.
Pa bwè anti-asid yo pandan 2 èdtan anvan ak apre nou bwè clindamycine. Yo fè medikaman an pèdi fòs li.
Pou trete malarya vivaks senp ki kenbe tèt ak chloroquine (klowokin)
Doxycycline (doksisiklin)
Doxycycline se yon antibyotik ki bon pou trete anpil pwoblèm. Nou ka sèvi avè l ansanm ak quinine (kinin) pou trete malarya. Doxycycline sèvi tou pou evite pran malarya lè moun ap vwayaje.
Li fasil bay lestomak boule, lakranp nan vant, dyare, ak enfeksyon chanpiyon.
Fanm ansent ak timoun ki poko gen 8 ane pa gen dwa pran doxycycline ak tétracycline (tetrasiklin), paske medikaman sa yo ka donmaje oubyen dekolore dan ak zo yo.
Pran prekosyon si moun nan gen maladi ren, maladi fwa, maladi vant oubyen asid.
Pa pran remèd fer (fè) ak anti-asid pou dezèdtan anvan ak apre nou bwè doxycycline. Y ap fè medikaman pèdi fòs li.
Pou evite kout solèy ak gratèl sou po pandan na p pran doxycycline, evite soti anba gwo solèy.
Medikaman sa a ka fè grenn planin pèdi efikasite li. Si gen posiblite, sèvi ak yon lòt metòd (tankou kapòt) pandan n ap pran medikaman sa a.
Bwè doxycycline ak tout yon vè dlo. Si li deranje lestomak ou, bwè li ansanm ak manje.
Ki jan pou sèvi avè l pou trete malarya senp ki rezistan ak chloroquine
Mete sou sa, bay quinine.
Mete sou sa, bay
Timoun ki peze plis pase 40 kg ak granmoun : 100 mg, 1 fwa nan yon jou.