Hesperian Health Guides
Vitamin ak mineral
Kontni yo
Vitamin A, retinol
Vitamin A sèvi pou evite zewoftalmi (pa wè byen nan fenwa e je sèch).
Pou moun ka jwenn ase vitamin A, yo dwe manje anpil legim ak fwi ki gen koulè jòn, feyaj, ak manje ki sòti nan bèt tankou ze, pwason, ak fwa. Nan zòn kote nou fasil jwenn moun ki avèg lannuit epi ki soufri ak je sèch, e ke li toujou pa fasil pou yo jwenn ase nan kalite manje sa yo pou yo manje, bay timoun yo grenn vitamin A chak 6 mwa.

Pa sèvi ak plis pase sa yo di pou nou bay la. Si yon moun pran twòp vitamin A nan fòm kapsil, grenn oubyen luil, gen danje nan sa. Pou fi ak fanm ki kapab ansent, oubyen pou fanm ki nan premye 3 mwa gwosès yo, pa ba yo dòz nòmal la, paske li ka donmaje tibebe ki nan vant manman an. Olye pou nou bay fanm ansent yon gwo dòz, bay yon dòz vitamin A ki pi piti, epi bay li pi souvan.

Bay grenn oubyen kapsil pou vale. Men pou timoun piti, kraze grenn nan, mete l nan yon ti lèt manman an. Oubyen koupe kapsil la, epi vide luil la nan bouch timoun nan.
Pou evite timoun vin manke vitamin A
Kote yo monte pwogram pou goumen ak pwoblèm sa a :

Tibebe ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, chak dòz.
Timoun 6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, chak dòz.
Plis ke 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, chak dòz.

Pou trete timoun ki pa ka wè nan fenwa
Si yon moun deja pa ka wè byen nan fènwa, oubyen si li fè lòt siy ki montre li gen je sèch, bay 3 dòz. Bay premye dòz la touswit, dezyèm dòz la nan demen, epi twazyèm dòz la nan 15 jou pou pi piti.
Bay 3 dòz, nan chak dòz bay :

6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, chak dòz.

Timoun ki gen lawoujòl
Lè timoun yo pran lawoujòl, vitamin A ka anpeche yo pran nemoni oubyen anpeche yo vin avèg — 2 konplikasyon ki ka rive fasil.

Plis ke 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.
Si yon timoun deja pran yon dòz vitamin A pandan dènye 6 mwa yo, bay yon sèl dòz vitamin A. Si yon timoun ki gen lawoujòl ap soufri ak malnitrisyon ki grav, oubyen si li deja pa ka wè byen, bay yon twazyèm dòz nan 15 jou.
Zinc
(zenk)
Lè timoun yo malad ak dyare, y ap geri pi vit si yo pran zenk. Bay li ansanm ak sewòm oral. sewòm oral.

Plis pase 6 mwa : bay 20 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 14 jou.
Fer, sulfate ferreux, gluconate ferreux
(Fè, Silfat fè, glikonat fè)
Fer sèvi pou evite ak pou trete pifò kalite anemi (san yon moun tounen dlo). Si nou sèvi ak grenn pou vale, trètman an konn pran twa mwa pou pi piti.
Grenn fè yo pi efikas lè nou bwè yo ansanm ak vitamin C (manje anpil fwi ak legim, oubyen pran grenn vitamin C).

Fer konn deranje lestomak la ; poutèt sa li pi bon pou bwè li ansanm ak manje. Epitou, li ka fè moun sere, sitou granmoun, epi li fè watè yon moun tounen koulè nwa. Al wè ki jan pou boule ak konstipasyon.
Siwo ki gen fè ladann fè dan yon moun tounen koulè nwa. Sèvi ak yon pay pou bwè l, oubyen bwose dan nou apre nou fin bwè li.

Veye pou nou bay bon dòz medikaman an. Twòp fer se pwazon. Si yon moun fin mèg e malnouri, pa ba li fè. Rete tann li refè anvan nou ba li fer.

Fòs dòz la chanje ak kalite grenn nan. Pa egzanp, yon grenn sulfate ferreux 300 mg gen 60 mg konsa fè ladann. Men yon grenn gluconate ferreux 325 mg gen 36 mg fè ladann. Fè atansyon pou nou swiv sa ki ekri sou bwat medikaman an, grenn oubyen siwo, pou nou konnen byen ki kantite fè ki ladann.
Pou nou EVITE anemi antre sou fanm ansent oubyen sou fanm k ap bay teteDÒZ SULFATE FERREUX (FÈ) SELON LAJ | |||
LAJ | KONBYEN MG NAN YON DÒZ | KONBYEN GRENN 300 MG POU NOU BAY | KONBYEN MG FER |
Timoun ki poko gen 2 ane | sulfate ferreux 125 mg | Sèvi ak siwo fè, oubyen kraze yon ka (¼) nan yon grenn 300 mg, mete l nan lèt manman an. | Sa bay 25 mg fer |
Timoun 2 – 12 ane | sulfate ferreux 300 mg | sulfate ferreux 300 mg 1 grenn | Sa bay 60 mg fer |
Plis pase 12 ane | sulfate ferreux 600 mg | sulfate ferreux 300 mg 2 grenn | Sa bay120 mg fer |