Hesperian Health Guides

Koud yon dechiri oswa yon epizyotomi

Nan chapit sa:

Yon manman ki an sante ka evite pifò dechiri. Pandan gwosès la, li dwe manje byen, byen repoze, epi fè egzèsis sere lache regilyèman. Sa ka ede si w pa kite tèt timoun nan soti twò vit pandan akouchman an. Men, pafwa gen dechiri.

MW Ch19 Page 356-1.png

Jeneralman, ti dechiri yo geri poukont yo. Mande fi a pou l repoze pandan yon 2 semèn apre akouchman an. Li dwe kenbe janm li yo kole ansanm otank li kapab, men, li dwe fè mouvman avè yo regilyèman. Lòt moun ta dwe fè travay nan kay la pou li epi ede l avèk bebe a.

Gen lòt dechiri ak ensizyon ki geri pi vit si yo koud. Li pa difisil pou yo koud, men li enpòtan pou aprann kòman pou fè sa nan men yon moun ki abil.

Ki jan pou w deside si yon dechiri merite koud

Li difisil pou wè yon dechiri byen. Souvan, vajen fi a anfle apre akouchman an, epi li ka bouche ak san kaye. Pafwa, gen plizyè dechiri. Pran san w, epi sèvi avèk yon limyè ki byen klere. Ou ka bezwen yon moun kenbe yon flash pou ou.

    illustration of the below: a vaginal tear.
    Dechiri 1 ye degre
    Se vajen an sèlman ki chire.
    Ouvèti vajen an
    Longè dechiri a
    Twou dèyè
    Dechiri premye degre pa bezwen koud.
  1. Lave men w byen epi mete gan esterilize.
  2. Chèche wè ki longè dechiri a epi ki kantite nan chè a ki chire. Gade dechiri a sou deyò. Avèk dousè, mete 1 oubyen 2 dwèt anndan dechiri a pou wè pwofondè l. Avèk anpil atansyon, ouvri vajen an pou wè ki longè dechiri a.
  3. Diskite avèk manman an si w dwe koud dechiri a oubyen non. Ti dechiri ki sispann senyen byen vit pa bezwen koud. Dechiri ki pi fon, oswa dechiri ki pa vle sispann senyen, bezwen koud.


Dechiri 2 yèm degre
Dechiri 3 yèm degre
MW Ch19 Page 357-1.png
Dechiri sa a ale ni nan vajen an, ni nan perine a (po ki ant vajen an ak twou dèyè a), ni nan mis ki anba po a.
MW Ch19 Page 357-2.png
Dechiri sa ale ni nan vajen an, ni nan perine a, ni nan mis la, ni nan mis ki toutotou two dèyè a.
Dechiri 2 yèm degre ap geri pi byen epi y ap gen mwens chans pou yo enfekte si yo koud, men yo ka geri poukont yo. Dechiri 3 yèm ak 4 yèm degree oblije koud. Si se posib, se yon moun ki gen anpil eksperyans ki pou koud yo.


Pou teste si mis ki alantou twou dèyè a chire


Bwose twou dèyè a lejèman avèk yon dwèt ki nan gan.

Si twou dèyè a sere, sa vle di pwobableman mis la pa gen pwoblèm. Si twou dèyè a pa sere, mis la ka blese.
MW Ch19 Page 357-4.png
Apre w fin fè tès sa a, swa ou jete gan ki te nan men w, swa ou esterilize l, epi lave men w byen.
Dechiri 4 yèm degre
MW Ch19 Page 357-3.png
Dechiri sa ale ni nan vajen an, ni nan perine a, ni nan mis la, ni nan mis twou anis la, ni li rive nan twou dèyè a menm.
Dechiri 4 yèm degre trè difisil pou repare. Si yon manman gen yon dechiri 4 yèm degre ki rive nan twou dèyè a, mennen l lopital san pèdi tan.


Koud dechiri yo pi vit posib apre akouchman an pou yo ka geri pi byen. Li pi bon pou yon dechiri koud anvan 12 èdtan pase.

Si w pa kapab koud li anvan 12 èdtan pase, epi se yon dechiri 1 ye oswa 2 yèm degre, ou pa bezwen koud li ankò. Netwaye dechiri a byen epi di fi a pou l repoze toutotan l kapab pandan 2 semèn. Si l gen yon dechiri 3 yèm oswa 4 yèm degre, li oblije koud pou l pa gen yon domaj pèmanan. Li gendwa pa ka kontwole lè l poupou. Si sa posib, mennen manman an lopital.}}

ATANSYON! Ou gendwa pa gen kapasite pou w koud tout kalite dechiri poukont ou. Si yon dechiri sanble li konplike oubyen li trè fon, si w pa gen zouti ki esterilize pou koud li, oswa si w pa gen eksperyans jere kalite dechiri sa a, mennen l lopital.


Zouti pou koud dechiri

Fr MW Ch19 Page 358-1.png
Pou byen koud yon dechiri, ou dwe genyen:
Gan esterilize
Sizo esterilize
Fil trip kwomik oswa fil sentetik (tankou “Vicryl”)
Yon bon limyè
Dlo ki te bouyi, epi dezenfektan oswa savon
Twal esterilize pou mete anba manman an pandan w ap koud li
Twal gaz ki esterilize pou netwaye dechiri a pandan w ap travay


Fil trip kwomik oswa “Vicryl” pi bon paske yon fonn, konsa ou pa bezwen retire yo apre. Ou dwe itilize fil konsa pou kouti ki fèt anba po a.

Si pa gen fil trip kwomik oswa “Vicryl” ki disponib, ou ka itilize fil koton senp ou te bouyi. Men, piske w ap gen pou w retire fil yo apre, koud dechiri a avèk yon sèl ranje fil.


MW Ch19 Page 358-2.png

Itilize dimansyon fil 000 pou koud anndan vajen an, epi ak dimansyon 00 pou koud mis. Si se yon sèl dimansyon fil ou genyen, ou ka sèvi avè l pou koud tout dechiri yo.

Li pi fasil pou w koud ak yon zegui ki koube. Gen fil ki vini ak zegui a tou tache ladan l.


MW Ch19 Page 359-1.png
Si sa posib, men lòt bagay ou dwe genyen:
Zouti pou kenbe zegui a
Pens oswa davye (pens dan) pou kenbe mis la pandan w ap koud
Zegui ak sereng ki esterilize pou fè anestezi
Anestezi lokal (medikaman ki pou fè kote w ap koud la pa sansib)



Preparasyon pou koud yon dechiri
Mande manman an pou l kouche sou do ak janm li kase e ouvri. Lave men w. Mete gan esterilize. Depoze zouti esterilize w yo sou yon twal ki esterilize.
MW Ch19 Page 359-2.png
Ht MW Ch19 Page 359-6.png
MW Ch19 Page 359-4.png
Mete yon twal esterilize anba dèyè manman an.
Avèk dousè, lave dechiri a ak dlo tyèd ki te bouyi epi ak dezanfektan oswa savon.
Mande yon moun kenbe yon flach pou klere dechiri a.
MW Ch19 Page 359-5.png
Ht MW Ch19 Page 353-1.png
MW Ch19 Page 359-7.png

Mete anestezi kote dechiri a ye a

Si w koud yon dechiri tousuit apre akouchman an, vajen an ka angoudi toujou, konsa w ka pa oblije mete anestezi. Men, si sa posib, ou dwe mete anestezi anvan w koud li.

Anvan w bay anestezi a, mande manman an si l konn pran l deja. Pa ba li anestezi si li konn ba l pwoblèm (tankou gratèl oswa pwoblèm respirasyon).

Mete anestezi nan pati jenital la anvan li koud
MW Ch19 Page 360-1.png
  • Enjekte nan dechiri a jiska 10 mililit (ml) “lidocaine” 1% ki pa gen “epinephrine”
oswn
  • Enjekte nan dechiri a jiska 20 ml “lidocaine” 0.5% ki pa gen “epinephrine”
oswa
  • Flite “lidocaine” ki fèt pou po sou kò l epi anndan dechiri a
“Lidocaine” se yon anestezi lokal yo itilize souvan. Pafwa yo konn rele l “lignocain”. Ka gen lòt kalite anestezi lokal nan zòn pa w la. Asire w yo pa gen “epinephrine”.


Anvan w enjekte yon anestezi, gade fòm dechiri a byen. Reflechi sou ki moso po ki bezwen koud ansanm. Sa enpòtan paske apre w fin enjekte anestezi a dechiri a pral anfle epi l ap chanje fòm.

  1. Glise zegui a antre anba po a, jis anndan youn nan bò ki chire yo.
  2. MW Ch19 Page 360-2.png
  3. Rale piston an dèyè toupiti. Si gen san ki parèt nan sereng nan, rale sereng nan deyò epi eseye antre l ankò.
  4. Enjekte medikaman an dousman epi anmenmtan rale zegui a soti dousman.

    Sa ap enjekte yon liy medikaman anba po a olye pou tout enjekte yon sèl kote. Po a ap anfle toupiti.

    Enjekte medikaman sou lòt bò a menm jan an.

    Enjekte anviwon 4 ml chak bò dechiri a. Pa mete plis pase 10 ml antou.


Yon lòt fason w ka enjekte medikaman an se pou w mete plizyè ti dòz toutolon kote ki chire a. Enjekte yon dòz jis anba po a chak kote ki gen yon x nan foto a. Si dechiri a nan lèv vajen an, ou mèt enjekte plizyè ti dòz medikaman an toutotou li.
MW Ch19 Page 361-1.png
MW Ch19 Page 361-2.png

Si gen medikaman ki rete nan sereng nan, depoze l sou twal esterilize a. Ou ka bezwen itilize rès la apre.

Règ jeneral sou zafè koud dechiri
  • Poko kòmanse koud jiskaske plasenta a soti epi ou sèten manman an ak pitit la an sante.
  • Mete gan ki esterilize epi itilize zouti ki esterilize.
  • Koud dechiri ki anndan vajen an anvan w koud sa ki sou po deyò a.
  • Reflechi sou ki pati ki dwe koud youn ak lòt, epi ki kote fil la dwe pase, anvan w kòmanse koud chak kouti.
  • Sèvi ak mwens fil posib: jis ase pou fèmen dechiri a.
  • Pa koud ni san kaye ni cheve nan dechiri a. Sa ka lakòz enfeksyon.
  • Pou w ka sèten matris la ratresi epi li vin di, fè yon moun tcheke l detanzantan pandan w ap koud. Pa bliye veye eta sante jeneral manman an.
  • Konnen limit ou. Si yon dechiri sanble li twò fon oswa twò konplike, chèche asistans medikal.


Byen koud dechiri mande pratik ak eksperyans. Pou aprann li, eseye chire yon moso vyann epi rekoud li.


Ki jan pou koud dechiri

Men ki jan pou w itilize yon zegui ki koube: Si se posib, itilize yon pens ki pou kenbe zegui a).
using a curved needle.
Si w vle pwent la soti nan direksyon sa a,
ou dwe antre pwent zegui a nan direksyon anba a.
MW Ch19 Page 362-2.png
Kenbe zegui a nan mitan, men yon ti jan pi pre anba a ke pwent lan. Pa kenbe fil la nan pens la paske li ka kase.

Gen plizyè metòd kouti ou ka itilize. Itilize metòd ou te aprann fè epi w alèz avè l la. Gen yon kouti senp ki solid yo rele kouti diskontini. Yon kouti diskontini se senpleman yon grenn pwen kouti ak yon ne 4 doub, apre sa ou koupe toude pwent fil yo.

illustration of the below: an interrupted stitch.
MW Ch19 Page 362-4.png
MW Ch19 Page 362-5.png
Antre zegui a nan yon bò dechiri a, apeprè 0.5 santimèt parapò ak dechiri a. Monte zegui a sou lòt bò dechiri a, nan yon distans 0.5 santimèt parapò ak bò dechiri a. Fè yon ne ki gen 4 doub.


Kole 2 moso chè yo ansanm avèk anpil atansyon. Eseye remete yo byen nan menm plas yo te ye anvan akouchman an. Sa ka difisil si dechiri a konplike epi chè a anfle.

2 bò dechiri yo dwe byen ranje.
torn edges that are carefully matched.
Fè l konsa
torn edges that do not line up well.
Pa fè l konsa


Fil la dwe pase yon tikras pi wo pase anba dechiri a. Si kouti a pa antre ase fon, pati ki anba kouti a ka vin plen ak san oswa ak pi epi l ap fè enfeksyon. Si kouti a antre twò fon, li ka pèse twou dèyè a. Sa ka lakòz enfeksyon grav.

a stitch that is just above the bottom of the tear.
MW Ch19 Page 363-4.png
a stitch that does not go deep enough.
a stitch that goes too deep.
Kouti sa a byen fèt Kouti sa a pa ase fon. L ap ranmase san ak pi. Kouti sa a twò fon. Li rive nan twou dèyè a kote poupou a ye a.


stitches that are just tight enough.
stitches that are too tight.
2 bò yo dwe pre youn lòt. Yo pa dwe ranmase chè a fè pil.

Mete chak kout fil ase pre pou 2 bò dechiri yo kole youn ak lòt. Pa fè yo twò sere; sa ka lakòz doulè oubyen enfeksyon.


Fason poi koud yon deciri oswa yon epizyotomie etap pa etap

  1. Si w gen twal gaz esterilize, mete l nan vajen an sou anwo dechiri a. Li ede rete san k ap koule a pou l pa anpeche w fè travay ou. Retire twal gaz la lè w fin koud.

  2. MW Ch19 Page 365-1.png
  3. Anndan vajen an fèt avèk yon kalite chè ki rele mikèz vajinal (“Muqueuse vaginale”). Anba chè sa a se mis la, ki pi wouj epi ki pi di. Li enpòtan pou ou koud sèlman mikèz avèk lòt mikèz, epi mis avèk lòt mis.

  4. Sèvi ak fil trip kwomik oswa “Vicryl”, mete premye pwen kouti a sou anwo pwent dechiri a pa anndan vajen an epi mare yon ne 4 doub.

  5. MW Ch19 Page 365-2.png
  6. Kontinye fè pwen kouti diskontini jan w ap gade la a, sou longè vajen an.

    Detanzantan, pouse tout moso dechiri yo ansanm pou asire tout bagay prale nan plas yo byen.

  7. MW Ch19 Page 365-3.png
  8. ISi dechiri a rive nan mis la, itilize kouti diskontini pou koud pati mis yo ansanm.

    Sèvi ak mwens pwen kouti posib, jis ase pou kenbe yo ansanm. Souvan 2 ou 3 sifi. Pou chak pwen kouti diskontini a, mare yon ne 4 doub epi koupe pwent yo ak sizo esterilize.
  9. MW Ch19 Page 365-4.png


  10. Kounye a fèmen perine a (chè ki ant vajen an ak twou dèyè a) sou mis la avèk menm kalite kouti diskontini yo ak ne 4 doub yo.

    Koupe pwent fil yo ak sizo ki esterilize. Asire w pwen kouti ki fèmen mis yo kouvri ak chè a.

  11. Anvan w fini, mete yon dwèt nan twou dèyè manman an dousman pou asire okenn pwen kouti pa t rive jis anndan. Si w santi gen yon pwen kouti nan twou dèyè a, ou dwe defèt tout kouti a epi refè l nèt ankò! Fè atansyon pou ou pa kite okenn poupou touche ak dechiri a.

  12. Jete (oswa esterilize) gan w yo epi byen lave men w.


Ki jan pou koud mis twou dèyè a

a tear in a woman's vagina and rectum.
Dechiri a rive nan twou dèyè a

Si mis ki toutotou twou dèyè yon fi chire, li riske pou l pa janm ka kontwole poupou l ankò. Sa se yon pwoblèm ki vrèman grav, e li trèzenpòtan pou mis twou dèyè a koud byen. Si sa posib, mennen fi a nan yon sant sante oswa mande yon moun ki gen anpil eksperyans pou l koud kalite dechiri sa a.

ATANSYON!   Anvan w koud yon mis twou dèyè ki chire, verifye si twou dèyè a chire tou. Pinga w eseye koud twou dèyè a, ou menm. Mennen l lopital san pèdi tan.

MW Ch19 Page 366-2.png
  1. Mis twou dèyè a rete anndan yon bwat tisi fen yo rele aponevwoz. Mis la ak aponevwoz la ka fè yon ti ratresi pou antre anndan kò fi a.

    Itilize yon pens esterilize, yon klanps, oswa yon ti pens cheve pou rale yon pwent mis la ak aponevwoz la toupiti pou ou ka wè yo. Itilize yon lòt pens pou rale lòt pwent mis la pou l ka fè yon ti parèt deyò a tou.

  2. MW Ch19 Page 366-3.png
  3. Itilize fil trip kwomik oswa “Vicryl” dimansyon 00 pou koud mis twou dèyè a. Rale 2 bò mis twou dèyè a toupre youn lòt. Antre zegui a nan aponevwoz la ak mis la sou yon bò epi rale l soti sou lòt bò a.

  4. MW Ch19 Page 366-4.png
  5. Itilize 3 oswa 4 pwen kouti diskontini pou kenbe mis la ak aponevwoz la ansanm.

  6. Apre w fin ranje mis la nan plas li, koud rès dechiri a.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024