Hesperian Health Guides
Epizyotomi
Yon epizyotomi vle di koupe ouvèti vajen an pou l vin pi laj pou pitit la ka pase. Epizyotomi nesesè trè raman, men yo fè l twò souvan. Sèl lè pou w fè yon epizyotomi se si pitit la gentan nan pasaj vajen an epi li dwe fèt san pèdi tan paske gen yon ijans medikal. Yon epizyotomi ka nesesè lè sa yo:
- Bebe a nan pozisyon chita.
- Pitit la prèske fèt, men gen yon gwo voum san ki soti nan vajen an (sa gendwa vle di plasenta a dekole ak matris la). Bebe a bezwen fèt rapid rapid, sinon l ap mouri.
- Kòd lonbrik la tonbe e li kole ant bebe a ak kò manman an.
- Manman an te sibi sikonsizyon nan pati jenital li, e li gen gwo sikatris ki ka anpeche vajen an detire pou bebe a pase. Si w konn ki jan, ou ka koupe sikatris la. Si w pa konn kòman pou koupe sikatris la, ou ka oblije fè yon epizyotomi.
WARNING! Koupe yon epizyotomi gen anpil risk:
- Ensizyon an ka vin enfekte.
- Ensizyon an ka koupe yon venn san e sa lakòz li senyen fò.
- Ensizyon an ka bay manman an anpil doulè apre akouchman an. Sa ka fè l difisil pou l pran swen bebe l la.
- Menm yon ensizyon toupiti ka kontinye dechire. Nan yon ka ki pi grav li gendwa menm chire rive nan twou dèyè a (anis).
- Ou ka blese pitit la pa aksidan.
Epizyotomi pa geri pi vit pase dechiri. Fè yon epizyotomi sèlman pou ou ka sove lavi oubyen sante bebe a oswa manman l.
Ki jan pou fè yon epizyotomi
- Lave men w byen epi mete gan ki esterilize.
- Tann jiskaske vajen an gonfle ouvri epi ou ka wè tèt bebe a k ap pouse deyò.
- Mete dwèt ou anndan vajen an konsa. Dwèt ou yo ap kenbe po vajen an lwen tèt bebe a.
-
Avèk dwèt pous ou, chèche mis ki arebò twou dèyè a yo rele “esfanktè rektal” la. Pa janm koupe rive nan mis twou dèyè a.
-
Itilize yon sizo ki esterilize pou fè yon ensizyon nan chè a ki gen yon longè apeprè 2.5 santimèt (1 pous). Li pi bon pou itilize sizo ki gen pwent won pou ou pa pike ni manman an ni bebe a.
Gen 2 fason moun plis konn koupe yon epizyotomi. Itilize fason yo te ba w fòmasyon pou li a. - Touche ensizyon an ak dwèt ou. Koupe l pi laj sèlman si w oblije fè sa. Li pi bon pou w fè yon sèl ensizyon olye plizyè ti ensizyon piti. Sonje, pa koupe mis ki bò twou dèyè a.
- Peze ensizyon an avèk yon twal esterilize pou rete san an.
- Apre akouchman an, koud ensizyon an. Gade paj suivan yo pou wè ki jan pou koud dechiri ak epizyotomi.



Yon ensizyon nan mitan desann tou dwat soti nan vajen an. Kalite ensizyon sa ka geri pi vit ak mwens doulè. |
![]() tèt bebe a
ensizyon
twou dèyè |
Yon ensizyon oblik kòmanse nan mitan pati anba vajen an epi li ale agoch oswa adwat. Ensizyon sa yo gen mwens chans pou yo chire rive nan twou dèyè a. | ![]() ensizyon |


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024