Hesperian Health Guides

Piki

Nan chapit sa:

MW Ch19 Page 345-1.png

Li pi danjere pou w bay yon medikaman avèk piki pase pou w bay li nan bouch. Men gendelè, sitou nan ka dijans, se piki ki mwayen ki pi efikas pou bay yon medikaman. Bay piki sèlman lè sa nesesè, epi aprann fè l san danje.

Yo bay piki twò souvan. Gen kote, depi yon moun santi l malad, premye bagay yo ba li se yon piki, pafwa se vitamin, pafwa se antibyotik oswa lòt kalite medikaman. Souvan jan de piki sa yo pa fè anyen pou geri maladi a, yo se yon depans initil, epi yo ka danjere.


ATANSYON! Piki ka danjere:

an abscess on a person's buttock.
Esterilize zegui a anvan w itilize l. Sinon, li ka bay yon absè.
  • Kote yo bay piki a ka vin enfekte epi li ka lakòz yon absè.
  • Remèd piki konn lakòz alèji ki trè danjere.
  • Piki ki pa esterilize ka pwopaje maladi, tankou epatit oswa VIH.
  • Yon fanmsaj (oswa nenpòt moun ki bay piki) gen yon ti risk pou l pike tèt li ak piki a pa aksidan apre li fin bay piki a. Si sa rive, li gen chans trape maladi tankou epatit oswa VIH.
  • Piki pou chofe tranche ka bay pitit la ak tout manman l pwoblèm. Pa janm bay piki pou chofe tranche.


Men kèk nan sityasyon kote yon piki ka ede oswa li ka nesesè :

  • Manman an ap senyen anpil apre akouchman. Piki “oxytocin” ka ede fè san an rete.
  • Kriz oswa pre-eklanmsi pandan tranche ak akouchman. Yon piki “sulfate de magnésium” ka anpeche kriz la.
  • Manman an fè enfeksyon apre akouchman an. Piki antibyotik ka fè enfeksyon an rete pi vit.
  • Koud dechiri apre akouchman. Piki pou doulè fè doulè kouti a bese.
Sonje sa: Pinga w janm bay piki si medikaman nan bouch ka bay menm rezilta a.
Alèji

Sonje gen medikaman ki ka bay gwo alèji. Aprann plis sou zafè alèji epi ki jan pou w fè tretman pou yo.

Ki jan pou bay yon piki

Prepare sereng nan ak zegui a

Gen 2 kalite sereng: youn ki ka resèvi ak youn ki pou sèvi yon sèl fwa. Sa ki pou resèvi dwe demonte, lave, epi esterilize chak fwa w pral sèvi avè l. Sa ki pou sèvi yon sèl fwa a vini nan pake ki tou esterilize. Si pake esterilize a sèch epi l pa pete, sereng nan ak zegui a ka sèvi tousuit. Yo pa bezwen esterilize anvan w sèvi avè yo.

Pafwa ou ka resèvi ak sereng epi zegui ki ta dwe sèvi yon sèl fwa, men, ou dwe esterilize yo chak fwa w pral sèvi avè yo.


a syringe with parts labeled.
sereng
tèt
zegui
tib
baz
piston

Gen lòt kalite sereng ki pa janm dwe sèvi plis pase yon sèl fwa. Pafwa sereng sa yo vini aktout medikaman anndan yo. Yo ka rele yo sereng tou pare.

ATANSYON!    Apre yon sereng ak zegui fin esterilize, ou pa dwe janm touche zegui a ak men w ni ou pa dwe janm kite anyen touche l. Sinon, li pa esterilize ankò. Ou dwe touche sèlman deyò tib la oswa piston sereng nan.


Rale medikaman monte

Medikaman pou piki vini nan 3 fòm:

MW Ch19 Page 346-3.png
Nan yon ti boutèy ki rele anpoul. Ou dwe kase tèt anpoul la pou w ka jwenn medikaman an.


MW Ch19 Page 346-4.png
Yon likid nan yon ti boutèy ki gen bouchon. Ou pouse zegui a antre nan yon pati nan bouchon an ki mou pou w ka rale medikaman an


MW Ch19 Page 346-5.png
Yon poud nan yon boutèy ki gen bouchon. Ou dwe melanje medikaman sa yo ak dlo esterilize.

Nòmalman, anpoul yo gen kantite medikaman egzakteman pou yon dòz. Jeneralman, boutèy yo gen ase pou plizyè dòz. Tib sereng nan gen mak ki montre ki kantite medikaman ou rale.

Si medikaman an vini nan yon anpoul:
1. Siye anpoul la byen pwòp avèk yon twal oswa ak alkòl. Apre sa, vlope tèt ti boutèy la ak yon twal ki pwòp epi kase tèt la.
how to break the top off an ampule; an arrow points up and slightly to one side.
2. Foure zegui a anndan anpoul la. Fè atansyon pou zegui a pa touche sou deyò anpoul la. Kenbe tib sereng nan an plas epi rale piston an. Sa ap rale medikaman an monte nan sereng nan.
MW Ch19 Page 347-2.png
3. Kenbe sereng nan avèk zegui a pwente sou anwo. Tape dwèt ou sou tib la avèk atansyon jiskaske tout ti boul lè yo pase sou anwo. Apre sa, pouse piston an antre toupiti pou lè a ka soti.
MW Ch19 Page 347-3.png


Si medikaman an vini kòm yon likid nan yon ti boutèy:
1. Netwaye bouchon kawoutchou boutèy la avèk yon twal gaz ki esterilize oswa avèk yon twal ki tranpe nan alkòl. Sa anpeche kras tonbe sou zegui a e anndan medikaman an.
Ht MW Ch19 Page 347-4.png
2. Rale piston an sou deyò pou ranpli sereng an ak lè. Apre sa, pouse sereng nan anndan tèt boutèy la, epi pouse lè a ale anndan boutèy la.
MW Ch19 Page 347-5.png
3. Vire boutèy la tèt anba. Asire w pwent zegui a rete nan medikaman an, olye pou l nan lè a. Kenbe tib sereng nan anplas epi rale piston an tou dousman jiskaske kantite medikaman ou bezwen an antre nan sereng nan. Rale zegui a soti nan boutèy la.
MW Ch19 Page 347-6.png
4. Kenbe sereng nan avèk pwent zegui a sou anwo. Tape dwèt ou sou tib la avèk atansyon jiskaske tout ti boul lè yo pase sou anwo. Pouse piston an antre toupiti pou lè a ka soti.
MW Ch19 Page 347-7.png


Si medikaman an vini kò m yon poud nan yon boutèy:
1. Netwaye bouchon kawoutchou tèt boutèy la avèk yon twal gaz ki esterilize oswa avèk yon twal ki tranpe nan alkòl.
Ht MW Ch19 Page 348-1.png
2. Rale kantite dlo esterilize egzak ki pou dilye medikaman an. Ou ka esterilize dlo a lè w bouyi l pou 20 minit, apre sa w kite l frèt anvan w sèvi avè l.
3. Lage dlo esterilize a nan boutèy ki gen poud medikaman an ladan l lan. Pandan zegui a tou anndan l, souke boutèy la ak atansyon pou poud la ak dlo a ka melanje ansanm nèt.
MW Ch19 Page 348-2.png
4. Vire boutèy la tèt anba. Asire w pwent zegui a rete nan medikaman an olye pou l nan lè a. Kenbe tib sereng nan anplas epi rale piston an dousman jiskaske kantite egzak medikaman an antre nan sereng nan. Rale zegui a soti nan boutèy la.
MW Ch19 Page 348-3.png
5. Kenbe sereng nan avèk zegui a pwente sou anwo. Tape dwèt ou sou tib sereng an avèk atansyon jiskaske tout ti boul lè yo monte sou anwo. Pouse piston an antre toupiti pou lè a ka soti.
MW Ch19 Page 348-4.png
Bay piki a san danje

Bay yon adilt piki nan dèyè oswa nan kuis.

Imajine chak bò dèyè divize an 4 pati. Bay piki a nan pati ki anwo ki sou deyò a.
illustration of the below: where to inject.
enjekte isit la
oswa isit la
Oswa bay piki a nan mis long ki devan kuis la.
MW Ch19 Page 348-6.png


MW Ch19 Page 348-7.png


Bay yon bebe piki nan gwo mis ki sou devan kuis li. Pa janm ba li l nan dèyè ni okenn lòt kote. Pichkannen mis la nan mitan pous ou ak dwèt ou pou ou ka pa pike zo a.


Ki jan yo bay yon piki

1. Netwaye po a avèk savon ak dlo oswa avèk alkòl. Kite l sèch.
MW Ch19 Page 349-1.png
MW Ch19 Page 349-2.png
2. Antre zegui a nèt. Lè w ap antre zegui a, aji vit epi swa pou l ka pa fè mal twòp. Lè zegui a fin antre, pa kite l bouje.
MW Ch19 Page 349-3.png
3. Rale piston sereng nan soti yon ti kras. Si gen san ki parèt nan sereng nan, konnen li antre nan venn. Retire zegui a epi eseye ankò.
MW Ch19 Page 349-4.png
4. Si pa gen san ki antre nan sereng nan, pouse piston an antre dousman pou w ka enjekte medikaman an nan mis la.
5. Rale sereng nan soti.
6. Imedyatman apre, depoze sereng nan yon kote li pap ka blese yon moun.


a box labeled "Danger: Used Needles".

Si w ap itilize yon sereng ki fèt pou sèvi yon sèl fwa, ou dwe gen yon bwat toupre kote w ka jete zegui a.

Si w pral itilize sereng nan ankò, ou dwe depoze l nan yon bokit klowòks, oswa nan klowòks ki melanje ak dlo, epi esterilize l .

Note sa: Anvan w bay yon moun piki, se pou ou fè pratik bay yon fwi oubyen legim ki mou piki ki gen dlo, yon fason pou ou gen eksperyans itilize yon sereng.


ATANSYON!    Zegui ki sèvi deja danjere. Yo ka bay gwo maladi tankou epatit oswa VIH/SIDA.

  • Pa eseye remete bouchon sou zegui yon piki ki fin sèvi. Ou ka pike pwòp kò w epi tou trape yon mikwòb ki danjere.
  • Pa janm voye yon zegui jete nan fatra ni pa kite l kote l ka pike lòt moun.
  • Si w resèvi ak yon zegui, fò w toujou esterilize l anvan.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024