Hesperian Health Guides

Pran swen kò a pou l ka ret an sante

Nan chapit sa:

Pou yon fi rete an sante pandan l ansent, oswa nenpòt lè, li bon pou l kenbe kò l pwòp, fè egzèsis, epi pran anpil repo.

Kenbe kò a pwòp

Lè kò a rete pwòp, sa anpeche l pran enfeksyon. Si posib, manman an dwe benyen kò l epi fè twalèt li (lavi pati jenital li) regilyèman ak dlo pwòp.

Pran swen bouch ak dan

Lè dan yon moun an sante, sa ede tout kò l rete an sante. Sa enpòtan sitou pou fanm ansent paske dan ki pa an sante ka lakòz enfeksyon nan jansiv. Sa ka lakòz pitit la fèt anvan lè.

Nan kèk zòn, genyen yon pwovèb ki di “fè yon pitit, pèdi yon dan.” Men sa pa oblije tounen yon verite! Yon fi ka pwoteje dan l fason sa yo:

MW Ch4 Page 43-1.png
Chak jou netwaye sifas chak dan, fant dan yo, epi jansiv la.
  • Manje bagay ki gen kalsyòm.
  • Evite bagay dous, sirèt, ak kola.
  • Apre chak repa, bwose dan yo avèk yon bwòs ki mou, yon kidan (bwa dan), oswa yon moso twal di. Ou ka mete pat dantifris, sèl, oswa dlo sou bwòs la, men w pa oblije si w pa kapab.


Pou fè yon kidan (bwa pou netwaye dan):

MW Ch4 Page 43-2.png
MW Ch4 Page 43-3.png
File pwent sa a pou netwaye fant dan yo. Moulen pwent sa a epi itilize fil yo kòm bwòs. Oubyen, mare yon moso twal di sou pwent lan.


Si posib, tout moun dwe al kay yon dantis oswa yon klinik dantè regilyèman.

Fè egzèsis

2 women thinking while they work, one in a field and the other at a sewing machine.
Ala jounen long! M pa ka tann pou m chita repoze.
M bouke chita! Fò m fè egzèsis. Petèt m ka al lakay mwen apye.

Lè yon fi fè egzèsis, sa fè kò l vin gen plis fòs. Lè l fè egzèsis pandan gwosès la, sa ede l prepapre kò l pou tranche a ak akouchman an. Epi, egzèsis ka ede yon fi gen enèji ak kè kontan.

Anpil fi fè tout egzèsis ki nesesè lè yo al nan dlo, travay nan jaden, moulen yon bagay, kouri dèyè timoun, ak lè y ap moute desann mòn.

Fi ki ka bezwen plis egzèsis se sa ki travay chita oubyen kanpe (pa egzanp nan biwo, nan magazen, nan faktori) oswa ki pa deplase twòp pandan jounen an. Yo ka mache yon bèl distans, danse, fè travay ki mande mouvan, oswa chèche yon lòt jan pou yo bouje kò yo.

Egzèsis sere lache (“Kegels”)

Egzèsis sere lache ranfòse mis ki nan basen ak vajen. Egzèsis sa a ka ede nan domèn sa yo:

a woman thinking while she sits and works with another woman.
M ap fè egzèsis sere lache a epi Amana pa menm konnen.
  • Evite pipi degoute lè w pa vle.
  • Anpeche vajen an chire pandan akouchman an.
  • Fasilite w refè pi vit apre akouchman an.
  • Ogmante plezi seksyèl.


Yon fi ka aprann fè egzèsis sa pandan l ap pipi. Pandan pipi a ap soti, li dwe sere mis ki nan vajen l yo jiskaske pipi a rete. Yonfwa li fin aprann ki jan pou li sere mis sa yo, li dwe fè l sèlman lè l pap pipi.

Egzèsis sere lache a bon tout lè, pa sèlman pandan gwosès la. Si posib, medam yo dwe fè egzèsis sa 4 fwa pa jou, omwen 10 sere lache chak fwa.

Dòmi, repo, ak detant

Dòmi ak repo pèmèt medam yo konsève fòs yo epi konbat maladi. Lè yon moun dòmi ase sa ede l evite fè tansyon wo, timoun malad, ak lòt kalite pwoblèm.

MW Ch4 Page 44-2.png

Gen anpil fi ki oblije travay tout jounen nan jaden, nan faktori, oswa nan magazen. Apre sa, yo dwe ale nan dlo, chèche bwa pou limen dife, ale nan moulen, fè manje, fè netwayaj, epi okipe fanmi yo. Tout travay sa yo pa janm fasil. Li sitou difisil pou fanm ansent ki bezwen plis repo pase oparavan.

Esplike fanm ansent yo li enpòtan pou yo repoze pandan kèk minit chak 1 a 2 èdtan. Epitou, fè manm fanmi yo konprann poukisa li enpòtan pou fi a repoze e dòmi.

MW Ch4 Page 44-3.png

Jwi gwosès la

Si medam yo jwenn ase manje, yo byen repoze, epi yo jwenn swen yo bezwen, gwosès la ap yon bèl peryòd nan lavi yo.

Anpil kilti konn òganize seremoni ak lòt aktivite pou onore fanm ansent. Moun yo ede l fè travay, yo pote manje espesyal pou li, yo ba l masaj, epi yo pote kado pou li. Koutim konsa ede fi a jwenn manje ak repo li bezwen pou l ka santi l byen e pou l gen kè kontan pandan gwosès la.


Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023