Hesperian Health Guides

Ede manman an akouche

Nan chapit sa:

Anpeche vajen an blese

Lè tèt bebe a ap soti, li ka chire vajen an.

Gen fanmsaj ki pa manyen vajen an oswa pitit la ditou pandan akouchman an. Sa se yon bon abitid paske depi w manyen yo, sa ka mennen enfeksyon, blese, ak senyen. Men, ou gendwa anpeche vajen an blese si w soutni l lè pitit la ap soti.

Anpil fwa l ap blese kanmenm, menmsi w fè tout sa w kapab pou w anpeche sa.

Koupe mak sikonsizyon an

Gen zòn kote se koutim yo pou yo sikonsi tifi. Sikonsizyon fi ka lakòz sikatris ki pa ka detire ase pou bay bebe a pase.

Si manman an te sikonsi, ou ka bezwen koupe kote mak sikatris la ye a anvan tèt bebe a kòmanse kouwone. Pran swen yon fi apre sikonsizyon bay plis esplikasyon sou sikatris sikonsizyon fi, epi ki jan pou w koupe kote mak sikonsizyon an ye a.


Ou pa dwe koupe vajen an pou fè pitit la soti, eksepte nan ka dijans oswa pou yon fi ki te fè sikonsizyon vajinal. Gade wè ki jan pou w koupe ouvèti vajen annan yon ka dijans.

Soutni ouvèti vajen an

Ou ka itilize enstriksyon sa yo lè bebe a nan pozisyon ki konn fèt pi souvan an: figi l bay sou do manman an.

MW Ch12 Page 206-1.png
  1. Lave men w byen pwòp epi mete gan ki esterilize.
  2. Ak yon men, peze byen fèm sou po ki separe vajen an ak twou dèyè a (yo rele zòn sa a perine a). Men an ap kenbe manton pitit la toupre ak pwatrin li pou tèt li ka soti byen fasil. Kouvri twou dèyè manman an avèk yon moso twal oubyen twal gaz.
  3. Sèvi ak lòt men an pou w deplase anwo tèt bebe a tou dousman nan direksyon dèyè manman an epi deyò vajen an.


MW Ch12 Page 207-1.png

Mete twal ki byen cho

Lè w mete twal cho toutotou vajen an, sa ede san mache nan zòn sa a, konsa po a ap vin pi mòl, pi maleyab:

  1. Bouyi yon chodyè/bonm dlo pou 20 minit pou detwi mikwòb yo. Si w gen dezenfektan (tankou yodin oswa betadin), mete yon ti gout nan dlo a. Si w pa gen dezenfektan, mete yon ti sèl nan dlo a. Kite dlo a fè yon ti frèt anvan w sèvi avè l. Dlo a dwe cho, men pa twò cho pou l pa boule manman an.
  2. Foure twal la nan dlo a pou w mouye l, apre sa prije l.
  3. Peze twal la byen dousman sou vajen manman an.

Fè tèt bebe a soti tou dousman

Si tèt la soti byen dousman, sa pèmèt vajen manman an gen plis tan pou l detire san l pa chire. Pou tèt la ka soti dousman, fè manman an sispann pouse (oubyen fè l pouse toupiti) jis anvan tèt bebe a kouwone.

a woman on her hands and knees, with baby's head visible in the vagina.
Manman sa a dwe sispann pouse. Tèt bebe a pral kouwone.
Pou w ka ede manman an sispann pouse

Anvi pouse a konn tèlman fò, li pa toujou fasil pou manman an sispann. Li pi bon pou w avèti manman an ou pral mande l pou l sispann pouse anvan pitit la kouwone.

Lè w bezwen manman an sispann pouse, di l pou l pouse souf byen fò e byen vit ak bouch li. (Li difisil pou l fè souf konsa epi pou l pouse anmenmtan.) Oubyen tou, si tèt bebe a pa soti epi manman an ka kontwole pouse a, di l pou l fè ti pouse toupiti, men se pou l sispann pouse epi pou l fè gwo souf ak bouch li pandan kontraksyon yo. Sa bay po l tan pou l detire. Chak ti pouse ta dwe avanse tèt bebe a 1 santimèt pou pi plis pi deyò vajen an. Men gwosè yon santimèt:
arrows showing a 1-centimeter space.

Apre kote ki pi laj nan tèt la fin soti, rès tèt la ka fin soti san manman an pa menm pouse.

a midwife speaking to a mother while the baby's head is coming out.
Pa pouse! Fè gwo souf!
Wou! Wou!
MW Ch12 Page 208-2.png
Oke, bay yon ti pouse toupiti. Trè byen….
Dousman!
MW Ch12 Page 208-3.png
Sa sifi, sispann pouse epi fè gwo souf! Gwo souf toujou!
Oke, fè yon ti pouse ankò… Se bon.
MW Ch12 Page 208-4.png
Kontraksyon an pase? Fè yon ti poze w. Tèt la prèske soti.
Wou. Men yon lòt.
MW Ch12 Page 208-5.png
Dousman! Wi! L ap vini, pa pouse ankò.
MW Ch12 Page 208-6.png
Men tèt la! Ala bèl!

Si sa nesesè, netwaye nen ak bouch bebe a

Lè tèt la fin soti, men anvan rès kò a fin parèt, ou ka bezwen netwaye bouch ak nen pitit la pou w ede l respire. Si l gen kèk glè oswa dlo nan bouch li ak nan nen l, ou ka netwaye l tou dousman ak yon twal pwòp vlope nan dwèt w. Ou pa bezwen aspiratè pou sa.

Si w panse bebe a te respire enpe dlo, ou dwe kenbe tèt li pi ba pase rès kò l yon fason pou dlo a ka koule soti nan poumon l.

Si dlo a te koulè jòn oswa vèt, sa vle di pitit ka gen poupou nan bouch li ak nen l epi li ka rale l antre nan poumon l lè l pran souf. Nan ka sa a, ou ka oblije netwaye bouch li avèk yon aspiratè oswa ak yon sereng ki pou rale glè. Ou mèt sèvi ak bagay sa yo sèlman si w esterilize yo.

Men, sonje pifò bebe pa bezwen aspiratè ditou. Lè w itilize yon aspiratè, sa ka bay bebe a pwoblèm pou l respire. Itilize aspiratè a sèlman lè gen mekònyòm (poupou).

Gade si kòd lonbrik la pa pase nan kou pitit la

a gloved hand lifting the cord off the the baby's neck after the head is born.

Apre tèt pitit la fin soti, si gen yon ti pòz anvan zepòl yo soti, pase men w pou wè si kòd lonbrik la vlope kou l.

Si kòd lonbrik la vlope nan kou l san l pa sere, leve l epi fè l pase sou tèt li oswa sou zepòl li.

Si kòd lonbrik la trè sere, oswa si l vlope 2 fwa nan kou l, eseye desere l epi fè l pase anwo tèt la.

Si w pa ka desere kòd lonbrik la, ou ka oblije fè akouchman an avèk kòd la nan kou bebe a. Nan ka sa a, pandan tèt la ap soti, kenbe l toupre janm manman an, epi kite rès kò a “woule” pandan l soti, pandan tèt la rete anplas. Yonfwa kò a soti, ou ka devlope kòd la nan kou bebe a, epi kite san ki te nan kòd la antre nan bebe a.

Li trè ra pou yon akouchman pa ka fèt poutèt kòd lonbrik la twò sere. Si bebe a deja fèt jiska zepòl li, kòd la sipoze ase long pou rès bebe a soti. Si tèt bebe a soti men rès kò a pa vle soti, pwobableman se zepòl la ki kole.

Si w koupe kòd lonbrik la anvan bebe a fèt, li pap ka jwenn oksijèn jiskaske li fin fèt epi li kòmanse respire, ki vle di sa se yon ka dijans. Se trè ra pou sa rive kote w oblije koupe kòd la anvan akouchman an fin fèt, men si sa rive, ou ka klanmse kòd la ak yon emosta medikal epi koupe l avèk sizo ki pa pwenti. Si w pa gen zouti sa yo, ititlize fisèl ki pwòp ak jilèt ki esterilize. Fè anpil atansyon pou w pa blese ni manman an ni kou pitit la.

cutting the cord wrapped around the baby's neck.
MW Ch12 Page 209-3.png
MW Ch12 Page 209-4.png
Emosta medikal Sizo ki pa pwenti

Me e zèpòl bebe a deyò

Apre tèt bebe a fin soti epi li vire pou l bay figi l sou janm manman an, ret tann pwochèn kontraksyon an. Mande manman an pou l bay yon ti pouse kou l santi kontraksyon an. Souvan zèpòl yo ap soti byen alèz.

MW Ch12 Page 210-5.png

Zepòl bebe a kole

Pafwa zepòl bebe a kole, li pa ka soti. Youn nan zepòl yo kole dèyè zo basen manman an.

Anvan sa rive, konn gen kèk move siy. Petèt tèt la te bezwen anpil gwo pouse pou l soti, olye pou l te soti tou dousman apre li te fin kouwone. Manton an gendwa pa vle fin soti. Pafwa se kòmsi gen yon bagay k ap rale tèt bebe a ap retounen anndan manman an, tankou yon tòti k ap rale tèt li antre nan kal li.

Pafwa, apre tèt la fin soti, li kole byen sere sou vajen manman an. Bebe a gendwa pa vire pou l bay fas li sou janm manman an. Menmsi manman an pouse fò, zepòl pitit la pap ka soti.

Si zepòl yo pa ka soti, bebe a an danje! Vajen manman an ap peze kò pitit la, sa fòse san an ale nan tèt bebe a. Tèt bebe a ap vin koulè ble, apre sa mov. Apre anivwon 5 minit, venn nan sèvo bebe a ka kòmanse eklate epi yo senyen. Sa lakòz domaj nan sèvo l la. Apre sa, pitit la ap mouri.

Sa pou w fè

Ou ka oblije fè kèk pwosedi ki pral bay manman an anpil doulè, men sa ap nesesè pou w ka sove lavi pitit la epi pou anpeche l domaje nan sèvo l. Ou dwe aji vit. Pandan w ap travay, ou dwe bay manman an asirans, yon fason pou l pa strese.

Men 4 metòd ou ka itilize pou zepòl yo soti. Eseye yo youn apre lòt, nan menm lòd yo ye la a.

MW Ch12 Page 211-1.png
  1. Eseye pozisyon sou 2 men ak 2 jenou a.

    Fè manman an rete sou 2 men l ak sou 2 jenou l. Asire w tèt manman an rete pi wo pase ranch li.

    Kenbe tèt pitit la ak 2 men w (tankou yon boul) epi rale l dousman pandan w ap konte rive sou 30. Lè w wè zepòl la, rale monte epi retire pitit la nòmalman. Si sa pa mache, eseye dezyèm metòd la.

  2. Peze sou zo ki anwo vajen an.
    Fè manman an pwoche sou pwent kabann nan rapid. Si li atè plat, mete yon bagay anba ranch li pou leve l atè a. W ap bezwen espas pou tèt pitit la pandan w ap rale l desann.
    MW Ch12 Page 211-2.png

    Ede manman an kenbe pye l epi fè l rale yo sou li mezi li kapab. Ou ka fè lòt moun ede w kenbe pye l yo nan pozisyon sa a.

    Mande yon moun pou l peze fò anwo zo basen an, men pa sou vant manman an. Moun k ap ede a dwe peze byen fò.

    Mande manman an pou l pouse ak tout fòs li.

    Kenbe tèt bebe a ak 2 men w, tankou yon boul (pa kenbe kou pitit la), epi rale dousman pandan w ap konte rive sou 30. Lè w wè zepòl la parèt, rale tèt la monte dousman epi mete bebe a deyò nòmalman.

    Si sa pa mache, eseye twazyèm metòd la.


  3. MW Ch12 Page 211-3.png
  4. Eseye pouse zepòl bebe a ak men w. Pandan manman an sou 2 men l ak 2 jenou l, avèk gan nan men w, foure men w nan vajen manman an, bò do bebe a. Mete dwèt ou anwo zepòl ki pi pre ak do manman an. Pouse zepòl la ale devan jiskaske l deplase ale sou kote. Mete pitit la deyò nòmalman, pandan w ap rale l desann epi w ap konte rive sou 30. Si sa pa mache, eseye pwochèn metòd la.
  5. MW Ch12 Page 212-1.png


  6. Eseye rale men bebe a soti deyò vajen an.
    Mete men w anndan vajen an, anwo bò do pitit la.
    MW Ch12 Page 212-2.png

    Deplase men w alantou kò pitit la, pliye ponyèt li a, epi kenbe men l. Rale men l atravè lestomak li, epi deyò vajen an. Sa se yon metòd ki trè difisil. Atansyon w pa peze zo ki anba kou bebe a, paske sa ka domaje l e fè l senyen pa anndan an.

    MW Ch12 Page 212-3.png


    Kounye a pitit la ka fèt fasilman. Pran pitit la nan kò (pa nan men) epi ede l soti deyò.

Si youn nan metòd sa yo pa bay rezilta, li pi bon pou w kase zo ki anba kou bebe a olye w kite l mouri. Foure dwèt ou anndan, pran zo ki anba kou l la, epi rale monte nan direksyon tèt li jiskaske w kase zo a. Sa ap mande anpil presyon.

Mete kò bebe a deyò epi remèt li bay manman l

Apre zepòl yo fin soti, jeneralman rès kò a ap glise soti san pwoblèm. Sonje bebe ki fèk fèt tou mouye e yo byen glise. Fè atansyon pou l pa sot tonbe nan men w!

Seche bebe a tousuit avèk yon twal pwòp, e si tout bagay sanble l anfòm, mete pitit la sou vant manman l, avèk po manman an kole ak po pitit la. Sa se meyè fason pou l rete cho. Ou pa oblije tann jiskaske plasenta a soti, ni pou kòd lonbrik la koupe. Kouvri bebe a avèk yon dra pwòp epi asire tèt li kouvri ak dra a oswa ak yon chapo.

Yon bebe dwe jwenn tete tousuit apre l fin fèt. Yon bebe ka montre li pre pou l pran tete lè l brase bouch li oubyen li fè ti bri avè l. Ede manman an kòmnase bay pitit li tete.

Apre li fin fèt, yon bebe dwe rete kole ak manman l (po sou po) pandan omwen inèdtan san yo pa separe.

Poupou nan dlo amnyotik la (li te koulè vèt oubyen jòn)

Si dlo a te vèt oubyen jòn, sa vle di bebe a te poupou nan matris la. Si poupou a antre nan poumon bebe a, li ka domaje yo. Ou ka wè si bebe a an danje lè w gade eta l lè l fèt la.

Si bebe a an bòn eta ou ka ba manman an li imedyatman. Men siy ki montre li an bòn eta:

  • Li djanm (mis yo sanble yo anfòm, kò l pa lage)
  • L ap respire oswa l ap kriye
  • Kè l ap bat plis pase 100 fwa pa minit


Si bebe a bezwen èd, ou dwe ititlize aspiratè sou bouch li ak nen l anvan l respire.

Men siy ki montre li bezwen èd:

  • Li fèb e kò l lage, tankou yon poupe
  • Li pa respire
  • Kè l bat mwens pase 100 fwa pa minit


Meyè fason pou w ede l se itilize yon aspiratè ki pou rale glè, men w ka ititlize yon sereng ki fèt pou rale glè tou. Kèlkeswa sa w itilize a, li dwe esterilize).

Ki jan pou w fè yon aspiratè pou rale glè

Ou bezwen yon ti bokal, yon bouchon ki ka byen fèmen bokal la, ak kèk tib fen ki ase mou epi ki ka lave fasil. Esterilize tib la anvan and apre ou sèvi avè l.

Fè 2 twou nan bouchon an. Twou yo dwe jis ase laj pou tib yo ka antre.
illustration of a suction trap.
Antre youn nan tib yo nan bokal la pou l rive jis anba bouchon an. Antre dezyèm tib la nan bokal la pou li prèske touche anba bokal la.


MW Ch12 Page 213-2.png

Sèvi avèk aspiratè a

Premyèman, mete tib ki ale jis nan fon bokal la nan bouch bebe a. Li pa dwe ale pi fon pase 10 santimèt (4 pous) anndan gòj bebe a.

Souse tèt dezyèm tib la ak bouch ou pandan w ap brase premye tib la nan gòj pitit la. Likid ki nan bouch oswa nan nen bebe a ap desann nan bokal la, men li pap antre nan bouch ou. Apre w fin netwaye bouch pitit la, netwaye nen l menm jan an.

MW Ch12 Page 214-1.png

Pou w itilize yon sereng ki fèt pou rale glè

Esterilize sereng pou rale glè a anvan w sèvi avè l. Itilize sereng nan pou rale glè nan bouch ak gòj bebe a jiskaske w retire tout glè a. Apre sa, rale glè ki nan nen l. (Pou w ka fè pratik, eseye sèvi ak sereng nan pou w rale dlo anvan w sèvi avè l nan yon akouchman.)

MW Ch12 Page 214-2.png
MW Ch12 Page 214-3.png
Lache sereng nan pandan w ap brase l.
MW Ch12 Page 214-4.png
MW Ch12 Page 214-5.png
Peze sereng nan.. Mete sereng nan nan gòj pitit la byen dousman. Sereng nan ap rale glè a. (Pinga w peze sereng nan pandan li nan bouch bebe a.) Peze sereng nan pou jete glè a.

Koupe kòd lonbrik la lè l vin tou blanch epi li sispann bat

a fat, dark, pulsing cord.
a thin, white cord.
Tann toujou! Ou mèt koupe
Pi souvan, ou pa bezwen koupe kòd lonbrik la tousuit. Lè w pa koupe l tousuit, sa pèmèt bebe a gen ase fè nan san l. Epi, sa ap pèmèt li kontinye rete byen alèz sou vant manman l. Lè pitit la fèk fèt, kòd lonbrik la gonfle epi li gen koulè ble. Si w mete dwèt ou sou li, w ap santi l ap bat. Sa vle di oksijèn kontinye ap soti nan manman an pou l ale nan pitit la. Lè plasenta a dekole ak matris la, kòd lonbrik la ap vin tou fen, l ap vin blanch, epi l ap sispann bat. Lè sa a, ou mèt koupe l. Jeneralman sa pran anviwon 3 minit. (Gen moun ki tann jiskaske plasenta a soti anvan yo koupe kòd lonbrik la. Pa gen danje nan koutim sa a.)

Ki jan pou koupe kòd lonbrik la

Pou mare yon ne kare
MW Ch12 Page 214-10.png
Premye ne a
MW Ch12 Page 214-11.png
Dezyèm ne a
Dwat sou goch, goch sou dwat.
MW Ch12 Page 214-8.png
MW Ch12 Page 214-9.png

Itilize yon fisèl ki esterilize oswa yon klanps ki esterilize pou w ka mare oswa klanpse kòd lonbrik la nan yon distans 2 dw èt ak vant bebe a. (Pitit la gen plis chans pou l pran maladi tetanòs lè kòd lonbrik la koupe twò long.) Mare l ak yon ne kare.

Mete yon lòt fisèl esterilize oswa yon klanps yon tikras pi wo.

MW Ch12 Page 215-1.png

Koupe kòd lonbrik la nan mitan fisèl yo oswa klanps yo. Koupe l avèk yon kouto, jilèt, oswa sizo ki esterilize. (Nenpòt zouti ki byen file ka koupe kòd lonbrik la, depi w te byen esterilize)

Kite fisèl la oswa klanps la jiskaske chouk lonbrik la tonbe poukont li, jeneralman nan premye semèn nan.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024