Hesperian Health Guides

Katetè (yon tib pou ede pipi soti)

Nan chapit sa:

a pregnant woman lying on her back with an overfull bladder.
Lè vesi a twò plen, li ka gonfle anba vant lan. Pa kite vesi a plen konsa.

Si yon fi pa pipi, oswa li pa pipi ase, pandan plizyè èdtan, vesi li ka vin twò plen. Lè vesi a twò plen sa ka anpeche l fè kontraksyon kòrèkteman. Sa ka ralanti oswa kanpe tranche a. Apre akouchman, yon vesi ki twò plen ka fè fi a pèdi anpil san.

Gen plizyè fason pou ede yon fi pipi:

  • Fè l koute bri dlo k ap koule.
  • Mande l pou l akoupi.
  • Mande l pou l chita nan yon dlo cho pwòp epi fè l pipi nan dlo a.
  • Fè l vide dlo cho pwòp sou pati jenital li.


Si yon fi eseye chak metòd men okenn ladan yo pa ede l, ou ka oblije itilize yon katetè pou kite pipi a soti.


MW Ch19 Page 352-2.png
katetè – yon tib ki pèmèt pipi soti nan vesi a.

Pou itilize yon katetè, ou glise yon tib esterilize anndan irèt fi a (twou pipi l).


ATANSYON!    Se pou w itilize yon katetè sèlman lè sa vrèman nesesè, lè w fin pran fòmasyon sou ki jan pou mete l san danje, epi lè w gen yon katetè ki esterilize. Lè w mete nenpòt bagay nan vesi fi a sa ka lakòz enfeksyon. Epitou, li ka fè l malalèz oubyen li ka ba l anpil doulè.


Ki jan pou mete yon katetè

  1. Prepare zouti w yo:
    MW Ch19 Page 352-3.png
    Gan plastik ki esterilize
    Katetè ki esterilize
    Krèm antibyotik oswa librifyan ki esterilize
    Twal esterilize
    (Pa janm itilize yon katetè ki pa esterilize.)
    (Pa itilize yon librifyan ki te ouvri deja. Li pa esterilize.)

    Epitou, w ap bezwen yon kivèt oswa yon bokit ak yon limyè pou klere.

    Si katetè a nan yon pake ki esterilize, ouvri pake a, men pa touche katetè a. Ouvri librifyan esterilize a, men pa touche ni librifyan an ni katetè a.

    Peze yon ti librifyan sou pwent katetè a.

  2. Ht MW Ch19 Page 353-1.png


  3. Lave vant manman an, kuis li, ak pati jenital li yo byen avèk dezenfektan ak dlo bouyi ki fin frèt.

  4. Mete twal ki esterilize oubyen ki trè pwòp anba manman an.

  5. Lave men w byen pandan omwen 3 minit. Mete gan ki esterilize nan toude men w yo. Kite yon men esterilize. Li dwe touche katetè a sèlman, anyen ankò.

  6. Fè yon moun klere limyè a sou pati jenital fi a pou w ka byen wè sa w ap fè a.
  7. illustration of the below: inserting a catheter.
    katetè


  8. Kenbe ti lèv anndan vajen fi a ouvri avèk yon men ki gen gan yon fason pou w ka wè irèt la (li gendwa difisil pou wè).

  9. Ak lòt men an, mete katetè a nan irèt fi a dousman, pandan w ap fè anpil atansyon. Jeneralman, katetè a antre tou dwat. Men, si tèt pitit la nan vajen an, ou ka bezwen dirije katetè a sou anwo anvan, pou l ka pase anwo tèt la. Si katetè a pa ka kontinye antre, woule l nan mitan dwèt ou yo, men pa fòse l. Si w fòse l, sa ka blese manman an.
  10. urine flowing from the urethra through a catheter into a bowl.
    irèt


  11. Lè pwent katetè a rive nan vesi manman an, pipi ap kòmanse degoute oswa koule nan lòt pwent la. Ou dwe gen yon kivèt oswa yon bokit pou trape l.

  12. Retire katetè a lè pipi a rete.


Mande manman an pou l bwè anpil likid nan detwa jou k ap vini yo pou l ka pipi souvan. Sa ap pèmèt nenpòt mikwòb ki nan vesi a soti. Di manman an pou l veye si l gen siy enfeksyon pandan detwa semèn k ap vini yo.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024