Hesperian Health Guides

Ede manman an akouche sennesòf

Nan chapit sa:

Verifye eta fizik manman an ak bebe a

MW Ch12 Page 199-1.png

Eta fizik manman an

Pandan dezyèm etap la, kontwole tansyon ak batman kè manman an anviwon chak 30 minit pou w wè si gen siy ki endike li fè pre-eklanmsi, enfeksyon, oswa emoraji. Chak fwa w fin kontwole youn, ekri l.

Si tansyon manman an rive 140/90 oswa pi wo, li ka fè pre-eklanmsi. Si valè anba a bese omwen 15 pwen, li ka gen emoraji. Si kè l bat pi vit pase 100 fwa pa minit apre e anvan kontraksyon yo, li ka dezidrate, li ka fè enfeksyon, oswa li ka gen emoraji.

Eta fizik bebe a

Li konn pi difisil pou w tande batman kè bebe a nan dezyèm etap la paske li desann pi ba nan vant manman an.

Yon fanmsaj eksperimante ki byen ekipe ka rive tande batman kè bebe a apre e anvan kontraksyon yo. Kote w ka tande l pi byen se anba vant manman an, toupre zo basen an. Se pa yon pwoblèm si batman kè a desann jiska 70 fwa pa minit pandan yon kontraksyon kote manman an ap pouse. Men li sipoze remonte tousuit apre kontraksyon an fin pase.

MW Ch12 Page 199-2.png

Si batman kè bebe a pa remonte apre yon minit, oswa si l rete pi ba pase 100 fwa pa minit pou plis pase detwa minit, bebe a ka gen yon pwoblèm. Mande manman an pou l chanje pozisyon, epi kontwole batman kè bebe a ankò. Si l toujou twò lan, mande manman an pou l sispann pouse pandan detwa kontraksyon. Asire w li respire byen fon e byen long pou bebe a ka jwenn oksijèn. Gade w wè kèk rezon ki ka fè kè a bat dousman.

Si kè pitit la ap bat twò vit, gade Kè bebe a bat vit.

Soutni manman an pandan l ap pouse

Lè kòl matris la ouvri, kò manman an ap pouse bebe a mèt deyò. Kèk fanmsaj ak doktè konn eksite lè konsa. Yo konn ap rele di manman an, “Pouse! Pouse!” Men, nòmalman manman yo pa bezwen anpil presyon pou yo pouse. Kò yo anvi pouse tou natirèlman, e lè yo jwenn bonjan ankourajman ak sipò, medam yo ap jwenn fason yo pi alèz pou yo pouse bebe a mèt deyò.

Kite manman an chwazi pozisyon li santi k ap bon pou li a


Chita a mwatye Kouche sou kote Sou men ak jenou
MW Ch12 Page 200-1.png
MW Ch12 Page 200-2.png
MW Ch12 Page 200-3.png
Se pozisyon sa a ki ka pi alèz pou manman an, e li ka pi fasil pou fanmsaj la dirije tèt pitit la. Fi a ka santi l alèz nan pozisyon sa a, epi sa anpeche vajen an dechire. Pozisyon sa a bon lè manman an santi tranche a nan do l. Epitou sa ka ede lè zepòl ti bebe a kole.



Kanpe Akoupi oubyen chita sou yon zòrye Chita sou janm yon moun oswa sou yon chèz akouchman
MW Ch12 Page 200-4.png
MW Ch12 Page 200-5.png
MW Ch12 Page 200-6.png
Twa pozisyon sa yo ka ede fè bebe a desann lè akouchman an lan.


Note sa: Nòmalman li pa bon pou manman an kouche plat sou do nan yon akouchman nòmal. Kouche plat sou do ka anpeche san sikile byen pou manman an ak bebe a, e sa ka fè akouchman an lan. Men, si bebe a ap vini byen vit, manman mèt kouche sou do.


Si manman an bezwen èd pou l pouse

Bebe a desann pi byen lè se manman an ki gen anvi pouse poukont li. Men, pafwa manman an bezwen sijesyon sou ki pozisyon ki pi alèz ak fason pou l pouse. Li ka bezwen asistans si l poko gen gwo anvi pou l pouse menm apre kòl matris la fin ouvri depi plizyè èdtan, oswa si fason l ap pouse a pa ka fè pitit la desann. Si li sou tansyon oswa li gen kè sote, sa ka anpeche pasaj la ouvri epi bebe a fèt. Oubyen tou, li ka bezwen asistans pou l pouse si bebe a gen pwoblèm (kè li bat twò lan) epi akouchman an dwe fèt rapid.

Men 3 fason pou l pouse ki konn mache byen:

a woman panting.
aannh!
aanh!

Pran souf rapid epi pouse: Manman an pran ti souf rapid, epi li bay plizyè pouse kout ki fò pandan chak kontraksyon.

a woman making a growling noise.
aaarrrg!!

Plenn oswa gwonde epi pouse: Manman an pran youn gwo souf. Apre sa li fè yon plenn/gwonde ki long tou ba epi li pouse byen fò pandan kontraksyon an.

a woman holding her breath.
nnnn..............

Kenbe souf epi pouse: Manman an pran 2 gwo souf, li kenbe dezyèm nan, epi pandan kontraksyon an li pouse pi fò e pi lontan li kapab. Li ka kenbe manton l sou pwatrin li. Sa kapab se metòd ki pi bon si pitit la ap soti dousman.

Pandan chak pouse, manman an dwe lache bouch li ak janm li yo epi kite yo ouvri, li dwe kite manton l sou pwatrin li, epi dèyè l sou anba.

Pafwa medam yo konn pouse desann epi yo rale monte anmenmtan. Fè konsa ap kenbe bebe a anndan, olye pou l soti deyò. Lè manman an ap rale monte, sa anpeche pwogrè e sa ka fè gen plis doulè. Ankouraje manman an pou l kenbe dèyè l sou anba epi pou l lache/ouvri senti l. Epitou, li mèt eseye metòd ki rele kenbe souf la pou l pouse.

a woman sitting with her bottom on a mat.
WI!
Manman sa a pouse dèyè l anba a.
a woman sitting with her bottom up.
NON!
Manman sa a ap leve dèyè l.

Si manman an sou tansyon, oubyen si l gen difikilte pou l pouse, men kèk bagay ki ka ede l:

Mande manman an pou l chanje pozisyon. Mande manman an pou l ouvri bouch li epi pou l lache machwè l. Mete twal pwòp ki mouye ak dlo cho sou vajen l.
MW Ch12 Page 202-1.png
a woman making a sound as she relaxes her jaw.
aaa nhh!
MW Ch12 Page 202-3.png
Avèk yon gan nan men w, foure yon dwèt ou 2 santimèt nan vajen l epi peze desann tou dwat ale sou dèyè l. (Pa fwote vajen an.)
MW Ch12 Page 202-4.png
Mande manman an pou l rale pye l monte sou vant li.
MW Ch12 Page 202-5.png
Ede manman an pouse
a midwife speaking to a woman in labor.
Pouse toujou. Trè byen! Mwen ka wè tèt la!

Si manman an gen difikilte pou l pouse, pa rele sou li e pa fè l menas. Pinga ou janm joure oswa bay manman an kou pou w ka fè l pouse. Si manman an fache oswa kè l sote, sa ka ralanti akouchman an. Olye de sa, esplike l ki jan pou l pouse byen. Felisite l pou efò l ap fè a.

Di manman an lè w wè deyò vajen an kòmanse gonfle. Fè l konnen sa vle di bebe a ap desann. Lè w wè tèt la, fè manman an manyen l. Sa ka ankouraje l pouse pi byen.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024