Hesperian Health Guides

Akouchman marasa

Nan chapit sa:

Danje ki genyen nan akouchman marasa

Akouchman marasa ka byen pase, men yo konn pi difisil e pi danjere pase akouchman yon sèl pitit. Marasa gen 3 fwa plis chans pou yo mouri pase lòt bebe, poutèt rezon sa yo:

  • Marasa pi fasil fèt twò bonè, lè yo piti e yo fèb.
  • Gen plis chans pou kòd lonbrik la (sitou pa dezyèm nan) soti devan bebe a.
  • Plasenta dezyèm marasa a ka kòmanse dekole sou matris manman an apre premye marasa a fin fèt. Sa ka lakòz yon emoraji grav.
  • Gen plis chans pou manman an pèdi anpil san apre l fin akouche.
  • Si dezyèm marasa a pa fèt tousuit apre premye a, manman an ka trape enfeksyon. Dezyèm marasa a ka fè yon enfeksyon tou.
  • Gen plis chans pou youn oswa toude bebe yo nan yon pozisyon ki difisil oswa ki enposib pou yo fèt. Osinon, youn ka bare lòt la, e sa ka lakòz akouchman an enposib.


Pou rezon sa yo, li pi bon pou akouchman marasa fèt lopital. Si trajè a difisil anpil, manyen vant manman an pou w wè nan ki pozisyon bebe yo ye. Sa ap ede w konnen ki kalite pwoblèm k ap tann ou pi devan pandan akouchman an.

Lè toude bebe yo kouche sou kote, yo pap ka pase nan vajen an.

Se yon gwo danje si yon akouchman konsa ta fèt lakay.
MW Ch12 Page 219-1.png
Lè youn nan tèt yo deja anba, gen mwens danje pou akouchman an fèt lakay.

Si bebe ki tèt anba a fèt anvan, li posib pou lòt bebe a vire.
MW Ch12 Page 219-2.png
Li pi bon toujou si youn tèt anlè epi lòt la tèt anba.

Men, ap gen menm danje ki genyen pou yon bebe ki nan pozisyon chita a.
MW Ch12 Page 219-3.png
Li pi bon si toude bebe yo tèt anba, men kanmenm, li pi danjere pase akouchman yon sèl bebe.
MW Ch12 Page 219-4.png


Akouchman marasa

MW Ch12 Page 220-1.png

Si w fè akouchman marasa lakay, asire w gen omwen 2 fanmsaj ki abil ki prezan pandan akouchman an.

  1. Fè akouchman premye bebe a menm jan w t ap fè sa si se te yon sèl pitit.
  2. Koupe kòd lonbrik premye bebe a, epi mare pwent kòd ki deyò vajen manman an byen sere. Kèk fwa, menm plasenta a sèvi pou toude bebe yo. Nan ka sa a, si l pa mare, dezyèm bebe a ka senyen pa mwayen kòd premye a.
  3. Apre premye bebe a fin fèt, manyen pou w wè nan ki pozisyon dezyèm bebe a ye. Si l kouche sou kote, kontinye li enfòmasyon ki pi ba a.
  4. Dezyèm bebe a dwe fèt nan 15 a 20 minit, men li ka pran plis tan. Fè akouchman an menm jan w t ap fè nenpòt lòt akouchman.


Men pwoblèm ki ka rive nan akouchman marasa

Apre akouchman premye pitit la, fi a fè 2 èdtan san kontraksyon
MW Ch12 Page 220-2.png

Mande manman an pou l kòmanse bay premye pitit la tete, sa ap ankouraje tranche a pou l rekòmanse. Si pitit la pa pran tete, bay manman an yon masaj nan pwent tete l tankou si w t ap prije lèt la ak men w. Si tèt dezyèm bebe a anba oswa si l nan pozisyon chita, eseye pete sak dlo a (fè l pase likid). Men, pa fè l pase likid si bebe a kouche sou kote.

a syringe.
NON!

Si metòd sa yo pa chofe tranche a, al lopital pi vit posib. Pa bay manman an medikaman ki pou fè tranche a rekòmanse.

Si dezyèm bebe a pa fèt nan 2 èdtan, plasenta a ka kòmanse dekole sou matris la, kòl matris la ka kòmanse fèmen, epi dezyèm bebe a ak matris manman an ka trape yon enfeksyon.

turning a sideways baby, using two hands on the mother's belly.
Dez yèm bebe a sou kote

Si lopital la pa lwen, ale kounye a. Si l twò lwen, e w gen eksperyans nan zafè vire bebe nan vant, eseye sa a:

  1. Eseye vire tèt bebe a anba.

  2. MW Ch12 Page 221-1.png
    MW Ch12 Page 221-2.png
  3. Si w pa ka vire bebe a nan pozisyon tèt anba, eseye vire dèyè l sou anba.

  4. Si w pa ka vire bebe a nan youn nan pozisyon sa yo, al lopital. Bebe a ap oblije fèt pa mwayen sezaryèn.
Manman an ap pèdi san anvan dezyèm marasa a fèt (oswa premye plasenta a soti anv an dezyèm marasa a fèt)

Si manman an ap senyen apre akouchman premye marasa a e anvan akouchman dezyèm nan, sa ka vle di plasenta a dekole twò bonè. Degaje w akouche dezyèm bebe a pi vit posib.

Jwe ak pwent tete yo, pete sak dlo a (fè l pase likid), epi mande manman an pou l pouse byen fò.





Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023