Hesperian Health Guides

Sa k pase nan dezyèm etap tranche a

Nan chapit sa:

MW Ch12 Page 196-2.png
MW Ch12 Page 196-3.png
Vajen an gonfle pandan kontraksyon. Vajen an bese apre kontraksyon.

Nan dezyèm etap la, lè pitit la byen wo nan vajen an, ou ka wè vajen an ap gonfle pandan kontraksyon an. Twou dèyè l la ka ouvri yon ti kras. Lè yon kontraksyon fin pase, vajen an ap fè yon bese.

Chak kontraksyon (epi chak fwa manman an pouse) fè pitit la desann pi ba. Lè yon kontraksyon fin pase, matris la fè yon poze, epi li fè yon ti rale pitit la antre anndan (men li pa rive menm kote l te ye anvan kontraksyon an).

Apre yon ti moman, ou ka wè tèt bebe a ap desann nan vajen an pandan kontraksyon yo. Kò bebe a fè mouvman tankou yon vag lanmè: antre soti, antre soti, men chak kontraksyon avanse l pi pre pou l fin soti.

Chak kontraksyon mennen bebe a pi pre akouchman
MW Ch12 Page 196-4.png
MW Ch12 Page 196-5.png
MW Ch12 Page 196-6.png
MW Ch12 Page 196-7.png
Tèt pitit la parèt pandan kontraksyon an. Tèt pitit la antre ankò apre kontraksyon an. Pandan chak kontraksyon gen plis nan tèt bebe a ki parèt. Tèt la antre ankò, men li pi pre pase anvan an.


MW Ch12 Page 197-1.png
Lè tèt la kouwone, vajen an yon ti kras pi laj pase yon pla men.

Lè tèt pitit la detire ouvèti vajen an pou l rive apeprè gwosè pla men w, tèt la ap rete nan ouvèti a, menm apre yon kontraksyon fin pase epi yon lòt poko vini. Lè sa a yo konn di tèt la kouwone.

Depi tèt la fin soti, rès kò a konn glise soti byen fasil apre youn ou 2 pouse.

Jan bebe a pase nan vajen an

Bebe yo chanje pozisyon pandan y ap pase nan vajen an. Foto sa yo montre yon pati nan kò manman an, pou w ka wè kòman pitit la ap deplase anndan l.

Men sa k ap pase anndan an: Men sa w wè sou deyò a:
MW Ch12 Page 197-2.png
Dabò, bebe a koube tèt li, manton l kole sou lestomak li. Sa fè l pi fasil pou tèt li pase nan basen manman an. chin to chest. This makes it easier for the head to fit through the mother's pelvis.
Nothing shows outside the vagina.
MW Ch12 Page 197-4.png
Gen anpil presyon sou tèt bebe a e tèt la chanje fòm pandan l ap pase nan basen manman an. Bebe a vire tèt li bay do manman an.
The head is barely visible from outside.
MW Ch12 Page 197-6.png
Bebe a kòmanse leve manton l lè l rive toupre ouvèti vajen an. Yo rele sa ekstansyon.
Part of the head can be seen from outside.
MW Ch12 Page 197-8.png
Pitit la leve manton l pi wo toujou lè tèt li kouwone.
The vaginal opening is round, showing the top of of the baby's head.
MW Ch12 Page 198-1.png
Bebe a kontinye ap leve manton l pandan tèt li ap soti. Sa pèmèt tèt la soti byen swa.
The top of the head and forehead are seen from outside.
MW Ch12 Page 198-3.png
Pitit la kontinye leve manton l jiskaske tèt li fin soti. Dabò, fas pitit la toujou ap gade do manman an, men zepòl li yo vire nan yon ang.
MW Ch12 Page 198-4.png

Zepòl yo
The whole head is outside the vagina.
MW Ch12 Page 198-6.png
Ansuit, tèt pitit la vire gade janm manman an. Kounye a fas pitit la rete tou dwat avèk zèpòl li.
MW Ch12 Page 198-7.png

Zepòl yo
MW Ch12 Page 198-8.png
MW Ch12 Page 198-9.png
Apre sa, tout kò bebe a vire anndan manman an. Zèpòl bebe a vin byen dwat. Fas pitit la bay sou janm manman an
MW Ch12 Page 198-10.png

Zepòl yo
MW Ch12 Page 198-11.png
MW Ch12 Page 198-12.png
Rès kò pitit la glise soti byen fasil.
Note sa: Bebe yo fè mouvman konsa si yo nan pozisyon tèt anba, avèk fas yo nan direksyon do manman an. Men, gen anpil pitit ki pa nan pozisyon sa a. Yon bebe ki bay fas li sou vant manman an, oswa ki nan pozisyon chita a, ap fè mouvman yon lòt fason. Byen veye chak akouchman pou w wè kòman chak bebe fè mouvman dapre pozisyon yo ye a.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024