Hesperian Health Guides

Ki jan pou ede kominote a frennen maladi moun pran nan fè sèks

Nan chapit sa:

Men kèk konsèy ki pou ede anpeche MPS yo pwopaje nan kominote a:

2 women speaking while sitting with 2 other women.
Mwen vle pou pitit fi mw en yo evite maladi sa yo, men m pa konn ki sa pou m di yo. Manman m pa t janm pale sou bagay konsa.
Mwen byen konprann ou. Èske n ka jwenn yon fason pou n esplike yo sa?
  • Pale avèk medam w ap okipe yo sou zafè MPS. Kèk fi ka jennen pou pale de sa, men si yo konnen plis, sa ka sove lavi yo.
  • Lè w ap fè egzamen pou manman an pandan li ansent, mande l si l gen kèk ekoulman ki pa nòmal oswa maleng sou pati jenital li, oswa ofri pou w egzamine l pou enfeksyon.
  • Òganize yon gwoup pou pale sou zafè sante, tankou MPS ak VIH/SIDA.
  • Soutni lekòl nan zòn nan pou yo fè yon pwogram edikasyon ki gen ladan l zafè sèks. Ede paran yo konprann lè lekòl yo pale sou MPS, tankou VIH, sa pèmèt jèn yo fè pi bon chwa pita lè yo kòmanse fè sèks.
  • Pale ak mesye yo e ede yo konprann ki risk ki genyen anrapò ak MPS yo, tankou risk pou fanm ansent ak tibebe yo.
  • Atravè sant sante yo, lopital yo, oswa Ministè Lasante a, chèche konnen ki MPS yo plis jwenn nan kominote a.
  • Chèche konnen ki medikaman ki ka trete MPS pi byen nan zòn pa w la, epi chèche konnen pri yo. Aprann ki jan pou trete MPS, epi ede medam yo jwenn tretman.
  • Kreye yon famasi kominotè pou l ka pi fasil pou moun yo jwenn medikaman ak kapòt.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024