Hesperian Health Guides

Chapit 14: Premye èdtan yo apre akouchman an

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 14: Premye èdtan yo apre akouchman an

Nan chapit sa:

Apre plasenta a fin soti, kò manman an dwe kòmanse retounen nan nòmal li. Bebe a dwe respire nòmalman, epi li dwe kòmanse kenbe kò l cho.

Fanmsaj la dwe rete pou kèk èdtan apre akouchman an pou asire manman an ak bebe a an sante, epi pou l ankouraje manman an ak bebe a pou yo manje e pou yo repoze.


Sa pou w fè pou manman an

Verifye eta fizik manman an

Verifye tanperati manman an, batman kè l, ak tansyon l tanzantan. Fè sa omwen chak inèdtan si li gen nenpòt pwoblèm sante.

Lave vajen, vant, ak janm manman an

Ede manman an pwòpte kò l apre akouchman an. Chanje dra ki sal yo epi lave kò manman an pou retire kras san.

illustration of the below: cleaning the genitals.

Lave men w epi mete gan anvan w manyen vajen manman an, menm jan w te fè sa anvan akouchman an. Lave vajen manman an byen dousman avèk yon ti sèvyèt ki esterilize epi dlo ki byen pwòp. Si w gen dezenfektan, tankou betadin, mete yon tikras nan dlo a. Pa sèvi ak alkòl oswa nenpòt lòt dezenfektan ki ka pike kò manman an. Ou ka itilize yon tikras savon likid oswa menm sèl si w pa gen dezenfektan.

Lave vajen manman an soti anwo desann. Fè atansyon pou w pa pote okenn salte ki soti nan dèyè manman an monte nan vajen an. Menm yon ti moso poupou ou pa ka wè ka lakòz enfeksyon.

Anpeche l senyen anpil

Apre akouchman an, li nòmal pou yon fi pèdi menm kantite san li konn bay lè l gen règ li chak mwa. San sa a dwe sanble ak san ki soti lè l gen règ li, san ki pa fre ki gen koulè fonse oswa yon tijan woz. Pandan matris la ap ratresi oubyen pandan manman an fè mouvman (touse, kanpe) san an jayi sot deyò toupiti.

Men, senyen anpil danjere. Pandan kèk èdtan apre akouchman an, men ki jan pou w verifye si manman an ap senyen anpil:

a hand on a woman's belly, on top of the womb.
Manyen pou wè si matris la ap vin di.
  • Manyen matris la pou wè si l ap ratresi. Fè sa tousuit apre plasenta a soti. Apre sa, verifye l ankò chak 5 a 10 minit, pandan inèdtan. Apre sa, verifye l chak 15 a 30 minit, pandan 1 a 2 èdtan. Si matris la di, sa vle di l ap ratresi jan l dwe fè sa a. Pa fè l anyen anvan e apre verifikasyon sa yo. Si l mou, gade [[A_Book_for_Midwives:Verifye_eta_fizik_manman_an#softwomb| wè sa w dwe fè}}.
  • Verfiye kotèks manman an souvan pou wè si l mouye ak twòp san. 500 mililit (anviwon 2 tas) twòp.
  • Kontwole batman kè manman an ak tansyon l chak inèdtan. Veye si l pa gen siy ki endike li nan eta chòk.

Gade si vajen manman an chire oswa si l gen lòt pwoblèm

Mete gan epi itilize men w pou egzamine si vajen manman an chire, si l gen san kaye, oswa si l gen ematom (senyen pa anndan an). Gade tou pou wè si kòl matris la desann nan plas li.

MW Ch14 Page 248-2.png
Si vajen an chire

Si w pa konn ki jan pou w koud dechiri, si pa gen yon sant sante nan zòn nan pou l al koud, oswa si kote ki chire a toupiti, li gendwa refè san l pa koud.

Mande manman an pou l repoze nan kabann li pandan 2 semèn, avèk janm li yo kole ansanm prèske toutan. Li dwe fè mouvman ak janm li tanzantan, men li pa dwe ni moute ni desann mòn oswa mach eskalye. Yon lòt moun dwe fè menaj ak manje pou fanmi an. Pou manman an ka refè pi vit, li dwe byen manje, sitou manje ki bon pou kò a.

Aprann ki jan pou w koud yon dechiri.

Si manman an gen yon ematom oswa doulè nan vajen l

Pafwa yon fi senyen anpil men san an rete anba po vajen an; sa rele ematom. Lè konsa po a konn anfle, li gen koulè fonse, li sansib, e li mòl. Pafwa manman an gen tèt vire ak fèblès kòmsi l ap senyen twòp, menmsi matris la di e vajen an pa bay anpil san. Doulè nan vajen an se siy ki endike li gen yon ematom.

a woman's vagina with a dark, swollen area inside.
ematom

Se vre ematom se yon bagay ki fè mal anpil, men li pa twò grav sof si l vin gwo anpil. Si ematom nan ap gwosi, peze yon twal gaz esterilize sou plasman kote li ye a pandan 30 minit oswa jiskaske li sispann gwosi. Trete manman an pou chòk si l gen siy ki endike li nan eta chòk, epi mennen l lopital pou yo ka ouvri ematom nan epi kite san an soti. Si w konnen ki jan pou w fè sa, ouvri l avèk yon jilèt esterilize epi retire san an. Apre sa, peze l avèk yon twal gaz esterilize jiskaske san an rete.

Si kòl matris la parèt nan vajen an
the cervix showing at the opening of a woman's vagina.
kòl matris

Si w ka wè kòl matris la nan vajen an apre akouchman an, sa vle di matris la tonbe nan vajen an. Pwoblèm sa a pa grav e jeneralman kòl matris la ap retounen anndan manman an apre detwa jou. Petèt w ap ka pouse matris la pi anndan avèk yon men w ki gen gan. Ede manman an leve ranch li yon fason pou yo pi wo pase tèt li. Mande l pou l fè egzèsis sere lache a omwen 4 fwa pa jou.

Pandan 2 semèn, verifye manman an byen pou wè si l pa bay siy enfeksyon.

Si kòl matris la rete nan pasaj vajen an pandan yon mwa oswa plis, manman an dwe chèche èd nan men doktè. Si kòl matris la rete konsa, li ka bay pwoblèm lè manman an fè yon lòt pitit.

MW Ch14 Page 249-3.png
Yon manman dwe eseye fè pipi yon ti tan apre akouchman an.

Ede manman an fè pipi

Lè vesi a plen, li ka fè manman an senyen, ak plizyè lòt pwoblèm ankò. Apre akouchman an, li pwobab pou vesi l plen, men li ka pa santi li bezwen pipi. Mande l pipi nan premye 2 a 3 èdtan apre akouchman an. Si l twò fatige pou l leve mache, li ka akoupi sou yon vaz sou kabann nan oubyen atè a. Osinon, li ka pipi sou yon sèvyèt oubyen twal ki pwès kote li kouche a. Si li pa ka pipi, pou ede l, vide enpe dlo tyèd ki pwòp sou vajen l pandan l ap eseye.

Si manman an pa ka pipi apre 4 èdtan:

  1. Verifye vesi li. Si l pa plen, ba l bwè plis likid.
  2. Gade sou fason pou ede yon fi pipi.
  3. Si l toujou pa ka pipi, li ka bezwen yon tib katetè. Si w pa t pran fòmasyon sou fason pou w mete yon tib katetè, chèche èd nan men yon lòt pwofesyonèl lasante.
a woman offering a bowl and cup to a woman lying in a hammock.
Fò w byen manje e byen bwè pou w ka repran fòs ou apre akouchman an.

Ede manman an manje e bwè

Pifò manman prè pou yo manje tousuit apre yo fin akouche, e li bon lè yo manje nenpòt manje yo vle ki bon pou kò a. Si manman an pa grangou, li dwe bwè yon bagay kanmenm. Ji fwi bon paske li bay enèji. Anpil fi ta renmen bwè yon bagay cho, tankou te fèy. Kèk ji ki gen vitamin C, tankou ji zoranj, ka ede manman an geri. (Men, li dwe evite bwè kola tankou koka, paske bagay sa yo gen anpil sik ak pwodui chimik, men yo pa gen vitamin). Ankouraje l pou l manje tousuit, pandan premye detwa èdtan yo, epi pou l bwè likid detanzantan.

Si manman an pa ka (oswa pa vle) manje e bwè apre 2 a 3 èdtan
  • Petèt manman an malad. Verifye si l ap senyen, si l fè enfeksyon, oswa si l gen siy lòt maladi ki ka fè l pèdi apeti.
  • Manman an gendwa deprime (tris, an kòlè, oswa endiferan). Ankouraje l pale de santiman l ak bezwen l.
  • Manman an gendwa kwè sèten manje pa bon pou manje apre akouchman. Men, fò l manje pou l ka reprann li e pou l ka anmezi pou l pran swen pitit li a.
MW Ch14 Page 251-1.png

Veye santiman manman an anvè pitit li a

Manman an dèzenterese ak pitit li a

Kèk manman konn pa kontan pou nouvo pitit yo fin fè a. Ka gen plizyè rezon pou sa. Manman an gendwa fatige anpil, li ka malad, oubyen l ap senyen. Petèt li pa t vle fè pitit, oswa li ka gen enkyetid paske li pap ka okipe l. Li ka soufri depresyon.

Sa pou w fè
  • Verifye si manman an ap senyen oubyen si l gen enfeksyon.
  • Petèt w ap vle pale avè l sou santiman l. Konsa tou, ou ka wè l pi bon pou w kite l trankil, epi w ap suiv.
  • Si manman an deprime, oubyen si w konnen li te deprime anpil apre yon akouchman li te fè anvan, mande fanmi an pou yo ba l plis atansyon ak sipò nan semèn k ap vini yo. Jeneralman depresyon konsa konn pase avèk letan, men li ka pran kèk semèn oubyen menm kèk mwa.
  • Asire w gen yon moun nan fanmi an k ap pran swen bebe a.
MW Ch14 Page 251-2.png

Veye si manman an fè enfeksyon

Apre yon manman fèk fin akouche, tanperati l konn yon tikras pi wo pase nòmal, sitou si gen chalè. Men, manman an ka gen yon enfeksyon si li santi l malad, li gen lafyèv, batman kè l rapid, oswa li santi doulè lè yo manyen matris li. Li pi fasil pou l fè enfeksyon si l te pase likid bonè nan tranche a, si tranche a te long, oubyen si l te fatige depase pandan tranche a.

Sa pou w fè
  1. Gade si l dezydrate.
  2. Ba l anpil dlo ak lòt likid pou l bwè.

Si l toujou gen fyèv, li ka gen yon enfeksyon.

MW Ch14 Page 252-1.png

Ede manman an bay pitit la tete

Lè manman an bay tete, li bon ni pou li ni pou bebe a. Si manman an pa kwè li vle bay pitit la tete, mande l pou l eseye pandan kèk semèn oswa kèk mwa sèlman. Menmsi li bay pitit la tete pandan yon ti tan sèlman, li pi bon pase si l pa bay ditou.

Asire w manman an konprann si li bay pitit la tete:

  • Matris li a ap tounen nan gwosè nòmal li pi vit.
  • Pitit la pap gen dyare oubyen lòt maladi fasil.
  • Manman an ap gen plis lajan pou fanmi an. (Li koute pi chè pou bay pitit la bibwon.)


Gade Chapit 16 pou w jwenn plis enfòmasyon sou bay timoun tete.


a man speaking to a woman as she breastfeeds a baby.
Mwen tèlman kontan!

Bay fanmi an tan pou yo poukont yo

Si manman an ak tout pitit la an sante, kite yo pase yon ti tan poukont yo. Paran ki fèk gen pitit bezwen pase tan ansanm. Petèt yo bezwen poukont yo pou yo pale, ri, krye, oswa fete.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024