Hesperian Health Guides

Chapit 16: Bay bebe tete

Nan chapit sa:

Lèt manman an pi bon

a woman breastfeeding a baby while lying on her side.
Bebe ki tete gen pi bon sante.

Lèt manman gen tout kalite nitrisyon yon bebe bezwen. Li bay anpil lòt avantaj tou:

  • Lèt manman pwoteje pitit la kont anpil maladi, tankou dyare, nemoni, dyabèt, ak kansè.
  • Tibebe a santi l an sekirite lè l toupre ak manman l epi l ap pran tete l.
  • Lèt tete a toujou fre, li pwòp, epi se yon manje ki tou pare.
  • Bay tete pèmèt matris manman an ratresi apre akouchman an, e sa ralanti san an.
  • Bay tete ka anpeche manman an ansent tousuit.
  • Bay tete pwoteje manman an kont maladi zo frajil ak kèk kalite kansè ki te ka devlope pi devan.
  • Lèt manman pa koute anyen, li gratis!

Let nan bwat yo fe pou bebe (fòmil) konn danjere

Konpayi ki vann lèt nan bwat ak lòt kalite lèt yo fè pou ranplase lèt manman ka di nenpòt bagay pou fè moun achte yo. Yo ka di lèt sa yo alamòd, yo pwòp, yo san danje, epi yo gen bon nitrisyon menm jan ak lèt manman. Sepandan, lòt kalite lèt yo fè pou ranplase lèt manman pa gen tout avantaj lèt manman genyen yo, epi yo ka danjere pou anpil bebe.

a thin, sick-looking baby having diarrhea while lying next to a bottle.
Bebe ki manje nan bibwon gen plis chans pou yo malad epi pou yo mouri.
  • Lèt nan bwat gen mwens nitrisyon.
  • Li pi difisil pou bebe a dijere lèt sa yo.
  • Pou bay yon bebe bwè lèt nan bibwon, oblije gen dlo pwòp ak dife pou bouyi dlo a ak bibwon yo. Si bibwon yo oswa dlo a sal, bebe a ka gen dyare grav ki ka touye l.
  • Achte lèt nan bwat koute anpil lajan.
  • Gen fanmi ki ajoute plis dlo pou mamit lèt la ka fè plis tan. Sa fe bebe a pa byen devlope, epi yo malad pi souvan.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024