Hesperian Health Guides
Travayè sante, 2 mo
Moun k ap travay nan domèn sante kapab bay pi gwo kout men nan batay pou desitire vyolans sou fanm. Yo pa dwe rete sèlman nan panse maleng. Lè n ap konsilte yon fanm, fòk nou byen gade pou n wè si l pa gen mak kout baton sou li. Anpil fwa, nèg yo konn frape fanm kote pou mak yo pa parèt. Medam yo tou konn abiye yon mannyè pou mak yo pa parèt. Kòm travayè sante, nou gen chans wè pati entim nan kò yon fanm.
Si yon fanm vin kote n ak mak dwòl, mak blese, mak kout kouto sou li, oubyen si l vini ak gwo doulè, ak san sou li, se pou n mande kisa k rive l. Pa bliye anpil fanm ki sibi maspinay konn pran pòz se aksidan yo fè. Fè l konnen nou p ap fè ankenn bagay san l pa vle. Ø Ede kominote a wè tout vye konsekans vyolans genyen.
Mete tout bagay sou papye. Lè n ap konsilte yon fanm ki te sibi maspinay se pou n fè yon desen ki montre fas li ak do li epi se pou n make tout kote li gen maleng yo. Ekri non moun ki te fè zak la. Chèche konnen konbyen fwa sa rive deja. Mande l si lòt moun nan fanmi l tankou sè li oubyen pitit li konn sibi maspinay tou. Si lavi l an danje ede l pran desizyon li vle a. Kit li vle ale, kit li vle rete, nou ka ede l met sou pye yon plan sekirite. Si l vle al lapolis, ale avè l. Prezans nou ka fè yo pran ka l plis. Nou kapab fè manmzèl rankontre ak lòt fanm ki sibi maspinay tou. Si youn ede lòt, solisyon an ap vini pi vit.
Pou n jwen plis enfòmasyon sou swen pou fanm ki blese gade nan liv Where There Is No Doctor(“Kote pa gen Doktè”) oubyen nan nenpòt lòt liv sou lasante.
Ki èd fanm ki sibi maspinay ka jwenn nan kominote a oubyen toupre kominote a? Gade pou n wè si yo ka jwenn:
- Avoka ki ka ede yo
- Sant alfabetizasyon oubyen lekòl pwofèsyonèl pou grandon
- Kay kote yap jwenn
- Ti pwojè kap pèmèt yo fè ti kòb
- Sant sante ki okipe moun ki gen pwoblèm mantal
Ede kominote a wè tout vye konsekans vyolans genyen.
Ede nèg la. Nèg k ap fè vyolans yo bezwen èd tou. Pale ak lide kominotè oubyen ak gangan, pè osnon pastè pou yo wè si yo ka jwenn yon jan pou yo ede mesye yo sispann fè vyolans sou fanm.