Hesperian Health Guides

Ki lè pou n met bab nou alatranp?

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a man speaking to a woman who looks ashamed while other women stand nearby
Enbesil, te kwè m te di w pa soti. Ou tou sanble ak yon madigra!

Nou pa gen pou n konsidere valè lanmou nou gen pou moun nan. Lanmou pa ka chanje pèsonn. Se sèl moun nan ki ka chanje pwòp tèt li.

Lè vyolans mete pye nan yon rapò fanm ak gason ki te deja pa t kòdyòm, posiblite kite a vin pi difisil ankò. Plis fanm nan rete se plis nèg la ap chèche met kontwòl sou li, se plis fanm nan ap pèdi konfyans nan pwòp tèt li. Gen kèk gason ki tonbe nan vyolans pi vit pase lòt. Gen kèk siy ki ka montre n lè yon nèg pral kòmanse fè zak krazebrize. Lè nou wè siy sa yo, si n gen posiblite kite se pou n reflechi byen. Poze tèt nou kesyon sa yo:

  • Èske nèg la fè jalouzi, lè nou rankontre lòt moun oubyen èske l sispèk n ap ba l manti? Si n remake nou chanje konpòtman pou nèg la pa fè jalouzi, sa vle di misye gen tan met gwo kontwòl sou nou.
  • Èske misye anpeche n al wè zanmi nou ak fanmi nou oubyen èske l anpeche nou fè zafè n? Kèlkeswa pretèks li pran, sa pa gen enpòtans. Se anpeche l ap anpeche n jwenn konkou. L ap pi fasil pou l maspinen nou si n pa gen ankenn kote pou n ale.
  • Èske l joure n oubyen èske l pase n nan betiz devan lòt moun? Nou ka menm kòmanse kwè nan radòt l ap di yo. Sa ka fè n kwè nou vrèman merite kèk sabò.
  • Kisa misye fè lè l ennève? Èske l kraze bagay nan kay la oubyen èske l voye yo jete? Èske l bann kou oubyen menase bann kou? Èske l gen abitid bat lòt fanm? Se tout bagay sa yo k ap fè n konnen si misye gen pwoblèm pou l kontwole tèt li.
  • Èske l konn santi l ap sibi imilyasyon anba men moun ki gen otorite sou li, tankou : pwofesè l, patwon l oubyen papa l? Misye gen dwa santi l pa vo anyen devan moun sa yo. Konsa, li gen dwa eseye sèvi ak vyolans nan lòt sitiyasyon, yon fason pou l eseye pran pye sou lòt moun.
  • Èske misye lage reskonsablite move zak li yo sou do tafya, sou do dwòg oubyen sou do tèt chaje li genyen? Lè misye vle wete chay la sou do l, li gen dwa di tout bagay pral anfòm, lè l jwenn yon lòt dyòb, lè l al abite nan yon lòt bouk, lè l sispann bwè tafya oubyen lè l sispann pran dwòg.


Èske misye vle lage chay la sou do n oubyen sou do yon lòt moun oubyen èske l refize rekonèt l ap aji mal avè n? L ap gen mwens chans pou l wè nesesite pou l chanje konpòtman, si l kwè se nou menm ki gen tò.




Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025