Hesperian Health Guides

Divès kalite vyolans ki egziste

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Yon gason gen anpil bagay li ka fè pou l met kontwòl sou yon fanm. Kout baton se youn ladan yo sèlman. Men nenpòt nan move zak sa yo ka deranje yon fanm.

Ann konsidere wonn pi ba a tankou yon wou machin. Pyès ki nan mitan wou a, se kontwòl ak pouvwa paske, an reyalite, tout zak mesye yo ap fè, se pou yo ka gen pouvwa ak kontwòl sou medam yo. Chak pati nan wou a reprezante youn nan konpòtman yon malveyan ka genyen, lè l vle met kontwòl sou yon fanm. Vyolans se jant wou a, sa vle di, se sa k kenbe tout pati yo ansanm epi se sa k ba yo jarèt.

Maspinay la ka soti nan yon fòm pou l pase nan yon lòt san pwoblèm

Nan anpil ka, jouman konn tounen kout baton anvan n bat je n. Okòmansman sa ka pa parèt, men nèg la gen dwa kòmanse ap bay fanm nan kèk ti pousad, kèk ti kou, “san l pa rann li kont” oubyen li kòmanse chita kote fanm nan abitye chita yon fason pou l fòse l deplase. Si l jwenn rezilta nan sa, l ap fè pi mal jouk li fè vyolans aklè sou manmzèl. Fanm ka sibi kèk fòm vyolans san yo pa pran baton, men tout fanm ki pran baton te sibi lòt fòm vyolans anvan.

the wheel described above, with 8 sections: Controlling Money, Sexual Abuse, Blaming Her, Using Children, Because He Is a Man, Making Threats, Isolation, and Emotional Abuse



Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025