Hesperian Health Guides
Chapit 19: Kadejak ak atak seksyel
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 19: Kadejak ak atak seksyel
Kadejak egal maspinay seksyèl. Pèsonn pa gen dwa konsidere viktim yo kòm koupab
Sa kadejakè a ap chache se fè viktim lan sèvi mach pye, menm jan sa toujou pase nan lòt zak vyolans. Pou n jwenn plis enfòmasyon gade nan Chapit 18.
Kadejak ak atak seksyèl se lè yon gason fè sèks «san mande» sou yon fanm. Nenpòt ki lè yon nèg foure kòk li, dwèt li oubyen nenpòt lòt bagay nan vajen yon fanm, nan twou dèyè l oubyen nan bouch li, san l pa vle, sa rele kadejak. Kadejak konn pote non “atak seksyèl” tou paske se yon zak vyolans kote gason an sèvi ak sèks kòm zam. Kadejak se sèlman youn nan fòm atak seksyèl ki geyen. Men depi yon fanm pa dakò, kèlkeswa zak ki gen rapò ak sèks yon gason fè sou li se atak seksyèl.
Gen kèk moun ki panse se sèlman lè nèg la bat fanm nan, oubyen lè l kite l san konesans, li komèt kadejak. Moun sa yo panse se devwa fanm nan pou l goumen ak kadejakè a, menm si l ka pèdi lavi l. Alaverite, menm si fanm nan pa fè ankenn rezistans, se kadejak kanmèm. Depi manmzèl pa t vle, se kadejak kanmèm, kèlkeswa sa l chwazi fè a. Li p ap janm ka koupab.
Gason k ap fè kadejak sou fanm gen dwa konsidere medam sa yo tankou moun ki san defans, akòz enfimite yo genyen an oubyen paske yo pèdi pwoteksyon yo te ka jwenn nan zòn kote y ap viv la.