Hesperian Health Guides
Kijan wou vyolans lan woule
Anpil fwa, premye zak vyolans nan gen dwa sanble ak yon aksidan, yon bagay ki rive konsa, men ki pa gen pou l refèt ankò. Alaverite, nan anpil ka, premye zak sa a se tankou yon wou ki kòmanse woule.
Gen kèk fanm ki konn chache fè zak vyolans lan rive pi vit, pou l ka fini pi vit. Konsa, peryòd akalmi an ap vin pi vit.
- Vyolans: kou, kalòt, kout pye, peze kou, sèvi ak kèk objè oubyen zam, maspinay seksyèl, menas ak jouman
- Peryòd Akalmi: Nèg la gen dwa pran pòz li pa t fè anyen, li gen dwa mande padon, li gen dwa deklare l regrèt epi li gen dwa pwomèt pou l pa janm fè sa ankò.
- Tansyon an ap monte: Kolè, diskisyon, repwòch, jouman
Nan anpil rapò fanm ak gason, firanmezi wou vyolans lan ap woule, se plis peryòd akalmi an ap vin pi kout. Firanmezi volonte fanm nan ap febli, se plis nèg la ap pran pye sou li nètalkole, jouk misye vin pa gen ankenn nesesite pou l fè pwomès mete pwen final nan zak kraze-brize yo.