Hesperian Health Guides
Move konsekans vyolans ka genyen
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 18: Vyolans sou fanm > Move konsekans vyolans ka genyen
Lè yon fanm ap sibi zak vyolans, se pa li menm sèlman ki viktim. Sa deranje timoun yo ansanm ak tout kominote a.
Konsekans sou medam yo
Zak maspinay gason ap fè ka lakòz medam yo:
- pa ka pran ankenn desizyon oubyen tou yo ka santi yo pa gen valè.
- soufri ak pwoblèm sante tankou anksyete (gwo tèt chaje tout lasent jounen), pwoblèm apeti, pwoblèm somèy. Pou yo ka bliye pataswèl y ap pran yo, yo gen dwa vin pran kèk move mès - tankou paregzanp bwè tafya, pran dwòg oubyen mache kouche ak gason.
- pran move kou ak gwo zòbòy: zo kase, boule, kou nan je, mak kout kouto, mak kout baton, maltèt, malvant ak doulè nan misk ki gen dwa dire plizyè lane apre zak maspinay la.
- trape pwoblèm sante seksyèl. Anpil fanm rive fè fòs kouch, paske yo te konn pran baton pandan gwosès. Fanm ki sibi kadejak ka ranmase yon gwosès yo pa t bezwen, maladi seksyèlman transmisib (MST) oubyen VIH/SIDA. Anpil fwa tou, medam sa yo konn vin pè fè lanmou. Yo gen dwa gen doulè, lè y ap fè lanmou e yo konn pa janm ka anvi ankò.
- pèdi lavi yo.
Lè, nan yon fanmi, manman an ap sibi zak maspinay toutan, timoun yo ap kwè se mòd tretman sa a tout ti fi ak tout fanm merite
Konesans sou timoun yo
Anpil fwa, lè timoun yo wè manman yo ap sibi zak vyolans, yo konn:
- vin gen vye tanperaman. Yo fè kòlè toutan epi yo fè mechanste ak lòt timoun - se konsa yo imite moun k ap fè vyolans lan. Oubyen yo gen dwa vin dousman dousman. Yo mòl kò yo pou moun pa remake yo.
- fè move rèv. Yo gen laperèz toutan. Anpil fwa, timoun k ap viv nan fanmi kote manman an ap sibi zak maspinay konn pèdi apeti. Yo konn pi mal pou grandi, pi mal pou aprann lekòl pase lòt timoun. Yo konn trape yon bann maladi, tankou: malvant, maltèt ak opresyon.
Konsekans sou kominote a:
Nan yon kominote, zak maspinay sou fanm ka lakòz :
- Wou vyolans kontinye woule jenerasyon apre jenerasyon
- pawòl ki vle gason siperyè fanm nan rete tenn fas
- kalite lavi tout moun vin pi mal paske medam yo ap bay mwens rannman nan yon kominote kote vyolans met baboukèt nan bouch yo, nan yon kominote kote vyolans ka lakòz yo pèdi lavi yo.
Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025