Hesperian Health Guides
Chapit 18: Vyolans sou fanm
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 18: Vyolans sou fanm
Chapit sa a pale sou zak vyolans gason fè sou madanm yo. Lè n fin li chapit sa a n ap konprann ki sa ki lakòz zak vyolans sa yo, ki sa nou ka fè kont zak vyolans sa yo, epi ki jan nou ka travay pou sa chanje nan kominote kote n ap viv la.
Moun pa janm merite kout baton ak move tretman.
Se chak jou medam yo ap pran kalòt, kout pye, kout baton, yo sibi imilyasyon; zòt menase yo zòt fè kadejak sou yo. Mari yo konn menm rive pete fyèl yo. Men, anpil fwa nou pa menm tande pale de zak maspinay sa yo, paske medam ki viktim yo konn santi yo wont oubyen yo konn santi yo lage poukont yo; oubyen yo konn pè pale tou. Anpil doktè, anpil enfimyè ak anpil lòt moun k ap travay nan zafè lasante pa menm konsidere vyolans tankou yon pwoblèm sante ki grav... Poutan, se sa l ye menm.
Menm si chapit sa a pale sou vyolans gason fè sou fanm, kapab gen vyolans nan kèlkeswa rapò moun ak moun. Paregzanp, ant yon bèlmè ak yon bèlfi ki fèk antre nan fanmi an, ant paran ak pitit, ant granmoun ak timoun, ant manm yon fanmi ak yon vye granmoun kap viv ansanm ak yo, ant zanmi gason, ant zanmi fanm.