Hesperian Health Guides

Istwa Lora ak Lwis

Nan chapit sa a, n ap jwenn:


a man pulling clothes off a clothesline and stomping on them while a woman watches in fear

Lwis te deja yon gwo komèsan lè l te rankontre Lora. Misye te gen 12 lane anplis manmzèl. Lwis te konn vann machandiz nan yon magazen kote Lora t ap travay yon fason pou l te ka ede fanmi l. Konpòtman misye ak pawòl nan bouch li te dous kou siwo myèl. Li pa t sispann di tout bèl bagay li ta ka fè nan lavi a ansanm ak Lora. Dapre sa l te ka di, manmzèl ta pral jwenn tout sa l ta ka vle e li t ap gen yon mari ki renmen l pase tout fanm. Lwis te konn achte bèl rad pou Lora e se toutan li te konn plede adore manmzèl. Lè konsa, li te konn di: ‘’Ala bèl ou ta bèl, si w te abiye yon lòt jan’’. Li te kòmanse rann li ti vizit chak jou, e li pa t tann lontan anvan l mande manmzèl pou l kite djòb la pou l marye avè l. Apre maryaj la, Lora te kwè Lwis t ap kenbe pwomès li yo. Men okontrè bagay yo te kòmanse chanje. Misye a pa te vle Lora soti paske, dapre li, manmzèl twò lèd. Sa k te pi rèd, li te ranmase tout bèl rad li te fè Lora kado yo, epi li te met dife ladan yo pandan l t ap di: “Madigra konsa pa merite gwo mak rad sa yo”.


Yon jou, Lwis antre nan kay la vè midi, li dechire tout rad ki te tann sou yon liy epi li akize Lora kòm kwa li ta kouche ak yon zanmi l. Lè manmzèl di se kay manman l li soti, li joure l rizèz epi l pase l yon souflèt. Lwis fè l konnen li pa t ap janm al wè fanmi l vre; epi gen lontan depi fanmi l yo pa sou bò l ankò. Apre sa, li pe bouch li. Men, lè Misye tounen nan aswè, li pote yon kado pou Lora epi li fè l yon lòt deklarasyon damou ak pwomès pou l toujou pran swen l.


Lè Lora vin ansent, li te kwè Lwis ta pral boule pi byen avè l. Men okontrè, gen lè sa vin bay Misye plis pye sou li. Chak fwa Lwis fache se ak kout pwen, kout pye nan vant li pran manmzèl. Lora te pè pou l pa t pèdi pitit la, men li te oblije rete nan kay la paske l pa t gen ankenn kote pou l ale. Lwis te rive fè l kwè fanmi li pa t bezwen l vre. Yon lòt bò manmzèl pa t gen 5 kòb penich. Pafwa Lwis te konn pase plizyè semèn san l pa fè kont avè l. Nan moman sa yo, manmzèl konn konprann tout bagay fin anfòm. Lè l reflechi, se kòm si Misye byen renmen l. Si l te konnen ki sa pou l fè pou l pa ennève Misye? Li te eseye fè tout sa l kapab, men se te pou granmesi. Ane ale, ane vini, Lwis kontinye vale tafya, frape manmzèl nan mi kay, fòse l fè bagay, menm lè tout kò l ap fè l mal apre kout baton yo. Yon jou swa, manmzèl pantan nan dòmi. Lè l ouvri je l, li jwenn Lwis ak yon kouto anba gòj li. Nan demen, lè Lora mande l poukisa li te fè sa, Lwis mande Lora èske se pa nan rèv li te ye oubyen èske se pa fòl li fòl. Lwis te toujou pwomèt manmzèl lanmò si l ta aprann l ap mache pale l mal.


Lora te chwazi pe bouch li epi li te prèske pa janm soti. Li pa t vle pèsonn wè mak kou ki te sou kò l yo pou pèsonn pa konnen tout maspinay l ap sibi anba zago mouche a. Anpil fwa, Lora te vle sove, men li pa t konn kote pou l ale.


Apre 12 an maryaj, Lora te toujou ap viv nan laperèz, si l kite mouche a, ki kote l ap jwenn kay pou l rete ak lajan pou l viv? Ki kote l ap jwenn yon papa pou pitit li yo?. Lwis te al pale l mal nan magazen kote l te konn travay la, epitou, li te kwè, li pa t ap janm jwenn travay kòm bòn kay moun akòz timoun yo. Lora te santi l lage poukont li.


Papa Lora te vin mouri epi manman l te al rete lakay yon pitit gason l. Nan kay yo te rete a, pa t gen plas pou Lora ak pitit li yo. Lora te gen yon sè ki te konn mache legliz anpil. Daprè sè a, Lora dwe rete ak mari l, menm si l ka pèdi lavi l. “Se konsa sa dwe fèt”. Se tout lasent jounen Lora te gen pou l bourike lakay li. Kòm Lwis pa t vle l soti, manmzèl te sispann rann zanmi l vizit. Li te kwè tout zanmi l te abandone l. Sa k pi rèd la, pifò moun nan zòn nan te kwè li nòmal pou yon misye korije madanm li.


Yon jou swa, premye pitit fi Lora a ki te gen 11 lane pote manman l plent pou papa a ki te leve l frape l atè. Se te yon gwo kou pou Lora. Li pa t janm kwè timoun yo te ka viktim tou anba pa t papa yo. Li te konn sa pa t ap sèvi anyen pou l al twoke kòn li ak mouche a, men li te di: “Se swa jamè, sa P AP JANM fèt ankò.


Lora te vinn fè yon fòs kouch. Travayè sante ki t ap okipe l la te poze l kèk kesyon sou mak kou ki te sou kò l yo. Lora te ba l kèk manti. Travayè sante a te souke tèt li e li te bay manmzèl yon kat ki te gen adrès yon kay nan vil ki pi pre a. Li te di Lora si l vle kite kay la, ni li menm, ni timoun yo, ap ka fè ladesant nan menm adrès la, men fòk li konn kilè l ap pare pou l fè sa. Jounen jodi a, Lora santi l pare.

Poukisa Lwis te konn bat Lora? Men kèk vye repons kèk moun gen dwa bay:

a man speaking
Yon mari gen dwa fè sa l vle ak madanm li.
a young woman speaking
Si l pat bwè twòp tafya li pa t ap fè sa.
Alaverite, pèsonn pa gen dwa bat madanm li. Pa gen anyen yon fanm ka fè ki ba yon nèg dwa leve men sou li, menm si, dapre nèg la, fanm nan merite sa, menm si fanm nan li menm kwè li merite sa. Alaverite, se pa tafya ki reskonsab zak maspinay gason fè sou fanm, menm si anpil fwa, tafya ka ogmante dòz maspinay la. Zak maspinay fèt menm moun pa bwè tafya.
a young man speaking
Se paske Misye twò renmen madanm li ki fè l bat li.
a woman speaking
Sa se pwoblèm pa yo. Moun pa foure bouch nan zafè mouche ak madanm.
Alaverite, lanmou ak baton pa danse kole. Lanmou mache ak respè youn pou lòt, sansiblite youn pou lòt. Alaverite, vyolans pa konsène fanmi an sèlman. Anpil fanm pote mak oubyen pèdi lavi yo anba zak maspinay. Vyolans se yon pwoblèm sante ki konsène ni sosyete a, ni kominote a.
a man speaking
Se sèl malere ak moun sòt ki bat fanm.
a woman speaking
Li toujou pi bon pou timoun yo, si manman yo pa separe ak papa yo. Li kapab byen rete yon bon papa pou yo.
Alaverite, se pa lamizè ak inyorans sèlman ki lakòz zak vyolans. Zak maspinay ka fèt nan nenpòt ki kay, lakay moun rich tankou lakay moun pòv. Lakay moun save tankou lakay moun ki pa save, lavil tankou andeyò. Alaverite, li pa toujou bon pou fanmi an, lè manman an pa vle kite ak yon nèg k ap maspinen l . Nèg sa a ap bay timoun yo move leson sou fason pou yo rezoud pwoblèm yo ak sou fason moun dwe trete fanm. Baton Misye a ap voye sou madanm li ak sou pitit li yo p ap itil timoun yo anyen.




Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025