Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
Pou bagay yo ka chanje, fòk nou sispann konsidere vyolans sou fanm tankou yon bagay ki nòmal, kòm kwa, se konsa sa toujou ye. Fòk moun sispann bay fanm chay pote. Men kèk konsèy ki ka ede n bare wout vyolans lan nan yon kominote a.
PALE PAWÒL LA
Premye pa pou n fè, si n vle sa chanje, fòk nou pale pawòl la. Eseye jwenn lòt fanm ki gen menm pwoblèm ak nou, sètadi fanm k ap sibi maspinay anba men vakabon. Se pou youn boukante lide ak lòt. Eseye rankontre ak gason ki konnen vyolans sou fanm se travay Malandren. Fòk brase lide fèt nan tout sosyete a sou zafè vyolans lan. Fòk nou rive fè tout moun yo konprann vyolans sou fanm se zak malonèt.
OUVRI KÈK SANT POU EDE FANM KI OBLIJE KITE AK MARI YO
- Se pou n chache jwenn san pèdi tan, yon kay oubyen nenpòt kote fanm ka jwenn sekirite. Tout moun pa bezwen okouran.
- Chèche konkou lòt moun, sitou konkou gwo òganizasyon. Paregzanp, nou dwe gade si pa gen yon gwo òganizasyon k ap travay nan domèn lasante ki vle bay kout men. Nou ka pale tou ak kèk notab nan kominote a nou ka fè konfyans ki vle pote kole ak nou.
- Se pou n ede fanm yo aprann konn dwa yo devan lalwa. Ka gen lwa ki pale sou fanmi, sou vyolans, medam yo ka sèvi ak lwa sa yo.
- Chèche jwenn mwayen pou fè fanm aprann jwenn fòmasyon ki ka pèmèt yo itil tèt yo.
SÈVI AK PRESYON SOSYETE A KA FÈ SOU MOUN
Ki kalte presyon ki ka anpeche nèg bò lakay nou pa komèt zak pifò moun kondane? Gen kèk kote se presyon lapolis k ap bay rezilta. Gen lòt kote se presyon lame, presyon fanmi oubyen presyon legliz. Pi fò kote sou latè, se tout presyon sa yo ansanm k ap bay rezilta.
Se pou n ankouraje lide nou yo ak lòt asosye gason pou yo pran pozisyon kont vyolans sou fanm. Yo pa dwe nan danse kole ak sanzave k ap bat fanm. Fè tout sa ki posib pou n anpeche gason maspinen fanm nan zòn kote n rete a.
Nan kèk peyi, fanm yo fè presyon pou fè lachanm vote lwa sou vakabon k ap maspinen madan m yo. Men se pa toutan lwa yo bay yon rezilta. Nan kèk peyi, medam yo pa menm ka konte sou moun ki la pou fè respekte lalwa. Yo pa ka konte ni sou lapolis, ni sou avoka, ni sou jij. Men si lajistis ansanm ak lapolis peyi nou ap travay pou pwoteje fanm, se pou n debouye n kou mèt janjak pou n konn tout lwa sa yo ansanm ak tout dwa fanm genyen.
Fè levasyon timoun yo yon mannyè pou yo pa tonbe nan vyolans. Depi lakay nou, nou ka travay pou sa chanje, si n ede timoun yo jwenn mwayen pou rezoud pwoblèm yo san chirepit. Aprann ti gason yo respekte tèt yo epi respekte jenn tifi ak fanm tou.